SOCIÉTÉ

7up, Couronne, Coca… bwason gazez se pwazon k ap tiye Ayisyen an silans

0

Anpil ayisyen renmen kage yon boutèy kola byen glase apre yon plat aleken. Men  bwason gazez koute chè anpil pou sante konsomatè yo.

Achte yon bwason byen glase, byen sikre, pou rafrechi gòj la anba yon solèy cho, se yon bagay anpil moun an Ayiti apresye. Se sa k fè konpayi tankou BRANA, Sejourné, Tropic S.A. ak anpil lòt ankò k ap pwodui epi vann bwason bwason gazez, vann anpil isit.

Men se pa sèlman an Ayiti soda vann anpil. Dapre estimasyon yo, an 2020, konsomasyon mondyal Coca-cola se 350 milya lit pa jou, sa ki reprezante 10 000 lit pa segonn.

Malerezman majorite soda sa yo pa bwason natirèl. Pwodiktè yo itilize anpil eleman chimik ki pa bon pou sante ladan yo. Gen plizyè rechèch ki demontre lyen ant konsomasyon soda epi devlopman maladi tankou dyabèt tip 2 (maladi sik) epi obezite (moun ki akimile twòp grès).

Dapre yon etid inivèsite « Imperial College » fè, yo dekouvri Ayiti se peyi kote pousantaj fanm ak gason ki soufri obezite ogmante pi rapid ant 1985 epi 2017.

Konsomasyon bwason gazez yo bay « Maladi Soda » oswa NASH, ki konsène yon granmoun sou twa nan monn lan. Maladi sa a lye dirèkteman ak konsomasyon regilye bwason ki sikre anpil. Men, li konsène tou moun ki ap mal manje epi ki p ap pran swen kò yo.

Pa gen chif pou Ayiti men 12% popilasyon nan peyi Lafrans soufri maladi sa a nan lane 2016 yo. Plis pase 30% nan granmoun yo te genyen li nan peyi Etazini an 2015. Poutèt sa syantifik yo konsidere li tankou yon epidemi.

Chèchè yo dekouvri « maladi soda » a pa gen lontan de sa. Sa ki fè  li pral popilarize nan medya yo, se paske Pierre Ménès, yon jounalis spòtif fransè anpil moun konnen te soufri li.

Kisa « maladi soda » ye ?

« Maladi soda » oswa NASH se yon maladi ki atake fwa moun. NASH se yon akwonim anglè ki tradui an fransè konsa : « Stéato-Hépatite Non Alcoolique ». Yo rele li tou « maladi fwa gra ».

Lè twòp grès akimile nan selil ki nan fwa moun lan pandan plizyè lane, li vin paka elimine yo epi sa fè ògàn lan anfle. Gen etid ki fè konprann maladi tankou dyabèt epi obezite, mache men nan men ak « Maladi soda » a. Yo youn okazyone lòt. Se sa ki fè nan monn lan, se 22% nan moun ki soufri dyabèt ki konsène pa maladi sa a, kont 90% moun ki obèz.

Eta maladi a ka anpire pou moun nan vin fè yon fibroz epatit dapre sa Jonathan Oliver  Dorvélus, yon nitrisyonis, fè konnen. Akoz grès la ki ap akimile san rete, ka a gen posibilite pou l vin pi konplike toujou. Moun nan ka devlope yon siroz. Moun nan ka vin gen tou maladi ki rele jònis (fyèv jòn) lan, gout, emoraji nan sistèm dijestif la, yon maladi kadyo vaskilè, oswa menm kansè nan fwa.

« Genyen nan konplikasyon sa yo, ou p ap ka fè bak, paske se ranplase fwa a pa yon lòt, Dorvélus deklare. Transplante ògàn se pa yon bagay mwen kwè ki posib pou fèt an Ayiti aktyèlman, malad la pral blije kite peyi a. »

Maladi soda ap fè ravaj an silans, paske malad la ka pa gentan ale kay doktè pou li ka jwenn èd avan sitiyasyon l vin pi grav. Pwofesè Laurent Castera, ki te pran swen jounalis spòtif fransè a, di konsa pa gen sentom pou maladi sa a.

Men gen faktè risk, tankou yon moun ki gen plis pase 40 lane, ki obèz, ki soufri tansyon, dyabèt oswa kolesteròl. Konsa tou, gen faktè jenetik ki ka jwe yon gwo wòl. Maladi sa a se plis moun ki latino-ameriken, epi moun ki sòti nan mwayen-oryan ki genyen l.

Sèl fason pou kapab diferansye « Maladi soda » oswa NASH la, de siroz nan fwa a ki gen rapò ak moun ki alkolik yo, se pou ta fè yon biyopsi. Kote se operasyon yo fè pou retire yon ti moso nan ògan nan pou voye analize nan laboratwa.

Kijan yo fè yon Soda ?

Dapre Estime Osnel, ki se yon agwonòm espesyalis nan syans epi teknoloji alimantè, tout soda fèt menm jan. Kit se te Coca-cola, Cola Couronne, Tampico oswa Ice Tea, tout se menm penpenp lan. Eleman de baz yo, se dlo, aditif alimantè yo, epi oksilyè teknolojik yo.

Aditif alimantè yo, se seri de konpozan pwodiktè yo ajoute volontèman nan konpozisyon bwason an, Estime Osnel kontinye eksplike. Yo kapab natirèl, men paske se pwodiksyon an mas konpayi yo ap fè, se pito atifisyèl la ki plis itilize. Pwodui sa a pèmèt pwodiktè a manipile koulè, sant, gou epi tan konsèvasyon pwodui a. Se ladan yo ki gen edilkoran yo, ki se yon seri de sik atifisyèl.

Yo ajoute oksilyè teknolojik nan konpozisyon bwason an. Konpozan sa a fasilite fabrikasyon pwodui a. Daprè Estime Osnel, se pa paske l gen yon fonksyon l dwe ranpli. Li pa menm jan ak aditif alimantè yo.

Kola yo gen ladan yo matyè premyè yo, ki kapab karamèl oswa kafe. Kola yo tou gen asid fosforik, melanje ak gaz kabonik, ki rann bwason an gazez. « Men si se de soda sèlman n ap pale, apa dlo epi sik, engredyan ki plis prezan an nan konpozisyon an se gaz kabonik lan », Emmanuel Fils Dor, yon lòt agwonòm ki espesyalize nan syans epi teknoloji alimantè ajoute.

Ou ka depandan de bwason gazez yo

Gen yon rale mennen vini nan konsomasyon soda a, Jonathan Oliver Dorvélus epi Estime Osnel atire atansyon sou li. Se lè yon moun ap konsome regilyèman bwason gazez yo, sa ka ogmante dezi epi apeti li genyen pou l konsome manje ki gen anpil grès epi sèl. Gen etid ki fèt sou sa tou ki montre relasyon an.

Konsekans li genyen, se dezekilibre li dezekilibre òmòn yo, epi ogmante apeti a ki pral ensite moun nan konsome plis. Se pa san rezon, Hamburger yo souvan vann ansanm ak yon bwason gazez. Kidonk pou chache plezi a, moun sa a ap manje anpil fridòdòy. Se fast food k ap enterese l.

« Bwason sa yo gen yon efè sikolojik sou konsomatè a, depi l bezwen yon bwason glase, se li ki monte nan tèt li, Jonathan Olivier Dorvélus revele. E lè l bwè l, efektivman li pase swaf li. Li fè l santi l byen. Se pouvwa sik la, plis lòt eleman ki ladan l lan ki ap rann li adikte, fè toutan se li l ta renmen bwè. »

Sa k fè sik la gen tout pouvwa sa a sou kò moun, se paske l aktive zòn ki responsab plezi epi rekonpans nan sevò a. Kidonk moun yo sekrete dopamin, òmòn plezi a. Òmòn sa a fè yo santi yo byen, Emmanuel Fils Dor eksplike.

Men, se pa sèlman sik la, gen gaz kabonik la tou ki kapab rann moun yo depandan. Akoz sansasyon pike a nan lang lan, gen anpil moun ki renmen sa, epi ki paka pase yo de li.

Sik atifisyèl se yon pwazon pou kò moun

Sa konn rive, ase souvan, konsomatè a resanti yon gou sikre ki rete nan bouch li apre l fin bwè yon ji oswa yon soda. Sansasyon sa a kapab dezagreyab paske l ap fè prèske tout jounen an.

Sa ki lakoz li se yon itilizasyon abizif sik atifisyèl la. Moun ki itilize sik atifisyèl pou dyabetik yo, sa ka rive yo tou si yo vide twòp nan yon bwason.

« Mwen te fè yon eksperyans deja ak kèk adolesan mwen travay ak yo, nitrisyonis Jonathan Olivier Dorvélus eksplike. Nou te pran yon bidon Tampico nou vide li nan yon po, epi nou pran menm boutèy sa a ki vid la nou plen l dlo epi nou vide l ladan l. Li te toujou genyen menm gou sikre a, sèlman li mwens konsantre. Sa a se youn nan siy yo ki montre dozaj la depase. »

Estime Osnel te fè yon eksperyans ki parèy ak pa Jonathan Olivier Dorvélus, lè l te nan fakilte agwonomi leta a (FAMV). Li menm ak kèk etidyan te pran Coca-cola epi Tampico yo melanje yo ansanm. Yo te analize konpozan yo ak yon refraktomèt, epi yo te dekouvri se vre Tampico plis sikre pase Coca-cola. Men Coca-Cola te gen plis sik natirèl pase Tampico.

Paske anplis de sik atifisyèl la, pwodiktè yo mete sik natirèl tou nan bwason sa yo. Sik atifisyèl yo plis itilize a rele Aspartam, li pi sikre lontan pase sik natirèl la. Emmanuel Fils Dor sou bò pa l, fè konnen, edilkoran yo ka rive jiska 200 fwa oswa 2 000 fwa pi sikre pase sik natirèl yo tankou sakaroz, glikoz oswa friktoz. Menm Soda light yo genyen sik atifisyèl sa yo landan li tou. Menm si kantite a mwens pa rapò ak lòt yo, yo pa bon pou sante moun.

Pandan yo pa pote okenn enèji pou kò a, sik atifisyèl sa yo ap anpwazonnen l. Nan konpozisyon Aspartam nan, genyen metanòl ladan l. E lè l degrade, li vin bay yon pwazon pou òganism lan ki rele Formaldehyde. Se yon pwodui kanserijèn li ye. Apre sa tou, Aspartam nan alalong li pral bay problèm nan fwa.

Fwa, yon ògàn ki responsab kò moun

Fwa se youn nan ògàn ki enpòtan anpil, paske se li ki transfòme tout sa moun yo manje an enèji epi nitriman kò a bezwen pou li viv, Dorvélus fè konprann. Li jwe yon gwo wòl tou nan trete epi elimine tout sibstans ki toksik ki nan san. Li sekrete bil, li stoke tou vitamin ADEK yo tou. Li se youn nan ògàn ki responsab kò moun.

Men kote li pral bay problèm, se ak konsomasyon bwason gazez yo, paske youn nan wòl fwa a se pou transfòme sik an grès. Kèlkeswa aktivite fizik yon moun ap mennen, li bezwen sik, grès oswa pwoteyin pou l byen fonksyone. E si moun nan p ap fè yon aktivite fizik ki mande anpil efò, se sik nan sa l te manje a k ap boule. Otomatikman moun sa a ta fè yon aktivite fizik, tankou kouri pandan anviwon 30 minit, kò l ap kòmanse ap boule grès ki akimile yo.

Grès la li menm, li akilime nan kò yon moun apati 2 fason : se swa se sik moun nan te manje twòp, kidonk, lè kò a fin itilize sik li te bezwen pou jounen an, sa ki anplis la li stoke li sou fòm grès. Oswa, se twòp grès menm moun nan manje. Lè kò a fin itilize sa l bezwen an, diplis la, fwa a stoke li tou.

Kounyea ògan sa a li menm, li gen yon kapasite stokaj ki limite. Se vre anpil moun ki malad nan fwa se paske yo bwè alkòl twòp. Men pou Dorvélus, yon moun ki chita, p ap leve ni lou ni lejè, li ap manje anpil fridòdòy. Moun sa a gen anpil chans pou fwa li vin gen twòp grès ki stoke ladan l.

Nan jounal Figaro, an 2015, doktè espesyalis nan maladi fwa, pwofesè Lawrence Serfaty, k ap travay nan lopital Sen-Antwàn, te deklare : « Nou gen anpil egzanp pasyan ki pa bwè yon gout alkòl, pa janm te gen epatit viral, epi yo dyagnostike yon siwoz, epi sèl faktè risk la, se lefètke yo bwè plizyè soda pa jou. »

Pawòl pwofesè Lawrence Serfaty a, gen yon etid ki pibliye nan « Journal of Hepatology », ki sòti nan mwa out 2015, ki kore l. Etid sa a fè konnen sou 2 634 moun ki bwè bwason sikre tankou soda chak jou yo, gen 55% ladan yo ki gen risk pou devlope « maladi soda » a.

Fason w kapab fè prevansyon kont « maladi Soda »

Jounen jodi a pa gen yon tretman medikaman ki apwouve pou maladi sa a. Gen laboratwa ak sosyete biyoteknoloji ki ap travay pou yo ka jwenn yon remèd pou li. Gen kèk tès klinik k ap fèt tou nan moman an tou pou li.

Poutèt sa, pi bon fason pou yon moun te ka pwoteje tèt li, dapre Dorvélus, se ta chanje fason li ap manje, bwè, epi viv globalman. Li dwe veye sou kalori li ap konsome yo, ogmante sou aktivite fizik li. Rive pèdi pwa pou moun ki obèz yo se pi bon mwayen pou yo. Yo dwe tou manje manje ki pa gen anpil sik, grès, sèl, epi ki pran tan pou dijere.

Konsènan soda yo, « pi bon solisyon an se ta pa bwè bwason gazez yo ditou » Dorvélus fè konnen. Men pliske li pa toujou fasil pou fè ji pou bwè, epitou se yon konsomasyon rapid li ye, kontwòl konsomasyon an pa fasil.

Apa jefò senp sitwayen an dwe fè, ni agwonòm yo, ni nitrisyonis la dakò pou di leta Ayisyen gen responsabilite pa l tou nan sa.

Responsabilite leta Ayisyen

« Bagay la konplike se vre, men gouvènman an dwe pran responsabilite li pou dikte yon panye alimantè pou fè yon repatisyon, Dorvélus ekspoze. Travay sa a, li ka difisil pou nou menm ki deja granmoun, men li kapab kòmanse sou timoun yo, ak kou edikasyon nitrisyonèl, epi mete kantin ki bay manje ekilibre.»

Akoz pòch tout moun nan popilasyon an pa menm longè, agwonòm yo ansanm ak nitrisyonis la tou antann yo tou pou di leta dwe pran lwa epi fikse nòm sou koze nitrisyon an Ayiti. Tout moun dwe jwenn kantite kalori ki nesesè pou li rete an sante. Yo ensiste tou pou tout eleman ki nan pwodui yo ak tout valè nitritif yo, dwe byen lizib sou tout etikèt yo.

E pou yo, travay sa a se pou Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) epi Ministè komès ak endistri (MCI), pi presizeman yon Biwo Ayisyen Nòmalizasyon. Biwo sa a ap regile aditif epi oksilyè teknolojik sa yo, verifye si se sa ki nan lis pozitif ki bay aksè pou itilize yo, ki nan pwodui moun ap konsome isit.

Travay regilasyon sa a enpòtan, paske Dorvélus obsève gen moun k ap fè jefò vre pou manje ekilibre. Pa egzanp, yo konn achte yon pla fwi chak maten. Nan ka sa a pa egzanp, nitrisyonis la pa konseye yo vide siwomyèl paske fwi yo deja gen sik natirèl ladan yo.

Hervia Dorsinville

Commentaires

Hervia Dorsinville
Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. À Ayibopost, elle écrit sur les sujets de société, la culture et la technologie. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    La lente renaissance du coton en Haïti

    Previous article

    OP-ED: Pour amorcer la rupture, il faut redéfinir les rapports

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost