Soti 9 pou rive 13 janvye 2019, vil Jakmèl te resevwa 2e edisyon « Lumières du Sud, rencontres cinématographiques de Jacmel ». Se Lafrik ki te alonè. Plizyè sineyas k ap viv sou kontinan an ak lòt ki reyalize fim ki trete pwoblèm peyi Lafrik yo ap viv, te prezan nan Jakmèl. Te genyen tou reyalizatè ak ekriven ayisyen k ap viv isi ak nan dyaspora ki te patisipe. Se te yon bèl anbyans, moun soti jouk Pòtoprens vin pyafe nan Jakmèl nan okazyon festival fim sa ki se yon inisyativ « Kolektif 2004 Imaj Ayiti ».
Alòkile seri aktivite sa yo konn pèmèt moun nan kominote a ki gen ti komès, jwenn yon tibat bouch. Se konsa nou al tonbe sou yon timachann pistach yo rele Armonie David, ki gen 75 lane. Li pa t lage festivalye yo yon may. Chak maten li pase rann yo vizit ak laye pistach li. Nou mande l fè yon tikoze. Ak kè kontan, li te deside fè nou labab.
Benefis 250 goud sou 3 mamit pistach
Armonie ap viv nan zòn Basenble. Li konn fè 30 minit lè li pran moto pou l rive nan mitan vil Jakmèl pou l vin vann. Li peye chofè taksi a 75 goud. Lè li pa gen lajan, se apye li fè wout la kote l konn pase plis pase inèdtan ap mache pou l soti lakay li rive nan vil la.
Mamit pistach la koute 175 goud. Se an gwo Armonie konn achte. Lè li pran 3 mamit, li kapab fè 250 goud kòm benefis. Se ak tilajan sa, li okipe 4 timoun, pitit li mouri kite sou kont li. Daprè sa li di nou, manman timoun yo ap viv « Taba, dèyè do Pòtoprens ». Li pa janm mande l kòman tchovi yo ap viv.
Ak tikomès pistach la, Armonie rive mete 2 nan 4 timoun yo lekòl. Gen yon bon pwochen ki se responsab yon Otèl nan Jakmèl, k ap ba li koutmen pou l konstrui yon tikay nan bitasyon li Basenble. Se lakay yon frè li, Armonie ap viv. Nan lakou a gen 2 kay, gen 18 moun (frè, sè, pitit, pitit pitit) k ap viv ladan yo. Se yonn nan rezon ki fè Armonie anvi fini kay li a.
Chak maten depi l fè 10 zè, Armonie gentan nan kè vil Jakmèl ap pwonmennen pistach. 4 trè li monte lakay li. Li pa souvan fin vann pistach la.
« Mwen mache tout kote. Gen defwa yo pran l angwo nan menm nan otèl Florita. M fin vann bò 4 trè. Lè m pa fini ak pistach la, m monte ak rès la lakay »
Jou dimanch se lè sa Armonie repoze. Li pwofite moman sa pou l al legliz kay pastè Bonòm.
« Pataje sa mwen genyen, se konsa mwen viv »
Malgre benefis lajan pistach la pa pèmèt Armonie reponn ak bezwen l genyen, sa pa anpeche li toujou ap fè moun kado nan komès la. Li pa bezwen konn pou konbyen kòb ou pral achte, li gentan ba w goute. E aprè w fin achte, li ba w degi. Lè nou mande Armonie si l pa pè pou l pa pèdi manman lajan an, li reponn nou lontan vè pistach pat konn vann tout kòb sa. Se 50 kòb yon moun te konn peye l. Epi « pataje sa mwen genyen se konsa mwen viv, konsa mwen leve » se rezon sa ki fè Armonie pa deranje lè li fè yon moun kado demi vè pistach.
Dezyèm edisyon « Lumières du Sud, rencontres cinématographiques de Jacmel » la te yon bèl moman lavant pou Armonie. Yonn nan otèl kote envite yo te desann nan achte an gwo nan men li. Konsa tou gen envite ki te pwofite ranpli sakèt yo. Se ak kè kontan Armonie t ap simaye yon festival pistach byen cho sou moun ki t ap patisipe nan aktivite a. Li pat gen tan pou l gade fim. Lè pwojeksyon ap fèt nan maten, se lè sa l ap vann. Sa lannwit yo kòmanse aprè 4trè lè Armonie retounen lakay li Basenble.
Kondisyon difisil Armonie ki gen 75 lane ap viv nan monte desann Basenble-Jakmèl, (souvan se apye l fè wout la) ; nan fè yon tikomès ki pa rapòte l gwo kichòy pou l kapab pran swen 4 timoun; fè n poze tèt nou kesyon sou mannyè nou trete grandèt nou yo aprè yo fin bourike pandan jenès yo. Se moman tou pou n ta mande ki kalite moun « Kès Asistans sosyal, Ministè afè sosyal » akonpanye e sou ki baz li chwazi yo.
Feguenson Hermogène
Image: Réginald Paklè Louissaint & Adelson Carvens
Comments