AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Videyo | Avan Liliane Pierre-Paul te kite n, men sa l te di n sou avni Ayiti

0

“Kijan w wè Ayiti nan 50 an ?”

31 jiyè 2023, gwo potorik fanm jounalis Liliane Pierre-Paul, ki fèt nan komin Tigwav nan lane 1953, pati kite nou.

Prezantatris vedèt “Jounal 4è” a vire do bay lavi, li kite tout yon peyi ki chita sou ti chèz ba l ap tann yon vwa plen enèji k ap di : “sou Radio Kiskeya li fè 4è”. Men, se fini. Peyi a p ap tande vwa sa a ankò.

Se vre li pa la, men ansyèn militant pou libetè laprès la te batay pou kite yon près kote fanm ak gason jounalis ka egzèse metye yo lib e libè.

Jodi a, se tout estaf AyiboPost la ki afekte pa nouvèl lanmò jounalis espesyal sa a. Nou voye senpati n ak fanmi Pierre-Paul epi tout manm ekip Radio Télé Kiskeya a.

***

An 2015, youn nan premye pwojè videyo AyiboPost se te rankontre plizyè pèsonalite epi poze yo yon kesyon senp : “kijan w wè Ayiti nan 50 an ?”. Nou te rankontre Liliane Pierre Paul nan lokal Radio Télé Kiskeya. Men repons li te ban nou :

Imaj kouvèti atik la : Yon fanm  k ap patisipe nan antèman Liliane Pierre-Paul la, kenbe yon depliyan ki montre vizaj jounalis la, samdi 29 jiyè 2023, nan Parc Sainte-Thérèse, komin Petyonvil. | © David Lorens Mentor/AyiboPost


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

La rédaction de Ayibopost

    Comments