Se yon pratik doktè pa rekòmande ki kapab koze gwo pwoblèm sante
Gen kèk moun ki gen pratik itilize yon tiyo pou rale gaz nan tank yon machin oubyen nan yon resipyan pou mete nan yon lòt. Lè konsa, moun sa yo mete tiyo a nan bouch yo pou rale gaz la, apresa, yo mete tiyo a kote yo bezwen an epi yo krache detwa gout gaz ki te monte nan bouch yo a, konsa tou yo ka gentan vale kèk gout. Se pratik sa a ki rele sifonnen gaz oswa esans la.
Gen plizyè rezon ki konn mennen yon moun sifonnen esans. Pafwa se paske moun sa a gen yon gaz move kalite nan tank machin li ki konn fè machin nan pa ka fonksyone jan sa dwe fèt.
Gen lòt fwa se kapab pou ede yon lòt pwochen sou wout la ki ka gen pwoblèm gaz alòske pa gen ponp tou prè kote l ye a. Konsa tou, gen moun se akoz de biznis yo ki fè yo sifonnen gaz toutan. Moun k ap vann gaz nan lari yo konn gen pratik sa a pou pran gaz nan doum mete nan galon. Men tou, se konn yon mannèv yon moun itilize pou vòlè gaz nan machin yon lòt.
Pou kèlkeswa rezon ki ta mennen yon moun sifonnen esans la, espesyalis nan domèn lasante pa rekòmande pratik sa a. Esans la se yon pwodui derive petwòl ki genyen ladann « hydrocarbure » ki li menm fòme ak atom idwojèn plis kabòn.
Lè yon moun an kontak ak sibstans sa yo sa ka lakoz gwo konsekans sou sante l. Doktè Louis Charles ki se nemològ epi youn nan responsab lopital Sanatorium fè konnen pèsonn pa ta dwe gen yon kontak dirèk ak gaz alevwa pou ta rale l ak bouch yo.
« Lè moun nan rale gaz la, vapè a ale dirèkteman nan poumon l. Alòske poumon an son enpas, li pa bay pasaj pou tout sa ki ap rantre ladann soti », sa a se pawòl doktè a ki gen espesyalite nan maladi respiratwa.
Pouman an ap abime
Selon doktè a, lè yon sibstans antre nan poumon an, se swa li pase nan san, oubyen poumon an fè l remonte nan bouch, men konsa, tout sa a moun nan te respire a gendwa pa ka remonte. Daprè espesyalis la, lè se yon sibstans nosif tankou gaz ki rete nan ògàn sa a, li kapab abime l. « Menmsi poumon an gen mwayen defans li, lè li abime li vin pèdi kapasite li te genyen pou defann tèt li a. Lè konsa a poumon an vin frajil », toujou doktè Louis Charles k ap pale.
Daprè doktè a, sifonnen gaz la ka kite moun ki pratike l yo ak gwo pwoblèm sante. Moun ki gen gen pratik sa kapab esoufle anpil pou nenpòt ti distans li ale a epi li ka menm rive fè kriz kadyak.
Sifonnen gaz la toujou daprè doktè a, kapab bay moun ki konn fè l la yon bwonchit ki se lè bwonch yon moun anfle. Bwonch la, selon espesyalis la, se yon tib ki pèmèt lè pase al nan poumon an. Lè bwonch la atake, sa vin fè kanal li a vin pi piti pwogresivman. Lè konsa moun nan vin pa ka respire kantite lè li konn abitye respire deja. « Moun nan ka vin gen yon bwonchit kwonik sa vle di li li vin gen maladi a pandan twò lontan. Si li pa trete, bwonchit la ka vin irevèsib, sa vle di la pa ka geri ankò », deklarasyon doktè Louis Charles.
Si moun nan fè opresyon menm doktè a deklare pratik sifonnen gaz la ka fè plane gwo danje sou sante l.
Louis Charles pale de lòt maladi yon moun k ap sifonnen gaz ka vin devlope aprè kèk tan tankou kansè nan poumon.
Si moun sa a fimen tou, ka a vin pi grav pou li selon doktè a paske yon kote li gen nikotin nan k ap aji sou poumon li, yon lòt kote, li gen gaz la ki ap abime poumon an.
Se mèt kò ki veye kò !
Daprè espesyalis nan maladi respiratwa a, sifonnen gaz la konn irite nen moun ki fè l souvan yo. Konsa tou moun nan kapab gen yon alèji ak gaz la san li pa konnen epi l al rale ki ka vin koz gwo dega sou sante l.
Aparèy respiratwa a frajil anpil. Se pou sa a yon moun sipoze evite ekspoze ak tout sitiyasyon ki ka lakoz aparèy sa a afekte. Doktè a raple pèsonn pa ta dwe ap viv kote ki pre gaz nonsèlman paske li ka mete dife men tou paske vapè gaz ka irite poumon an. « Pèsonn pa sipoze respire gaz pou kèlkeswa rezon an. Menmsi an jeneral, moun lan pa mouri tousuit, men sa ka lakoz gwo dega sou sante respiratwa li », pawòl doktè Louis Charles sou yon ton ki fèm.
Daprè doktè a si yon moun sipoze rale yon esans, li ta dwe itilize ponp ki la pou sa a. « Gen moun ki ka jis di se twòp pou yo al achte ponp, men yo dwe raple yo sante yo koute pi chè pase sa. » Doktè a rekòmande tout moun ki ap touse oswa ki gen nenpòt pwoblèm respiratwa pou pran chimen lopital.
Laura Louis
Comments