25 siklòn ak 10 ouragan sou wout pou ta frape peyi a, daprè Pwoteksyon sivil
Èske w te konnen, depi premye jen jouk rive 30 novanm 2024, se anviwon 25 siklòn ak 10 ouragan Pwoteksyon sivil anonse ki ka frape Ayiti ? Si lanati pa chanje lide, sezon siklonik sa ap move anpil. Se pou sa, AyiboPost pase atire atansyon w sou tout mezi sekirite nesesè ou dwe adopte nan moman sa a.
Se pa yon nouvote pou pèsòn nan peyi Dayiti. Se «chak ane, sezon siklonik la vini ak gwo lapli, van epi inondasyon», daprè sa meteyowològ Marcelin Esterlin raple nou.
Men, «Ayiti vin pi frajil toujou parapò ak lòt peyi nan Karayib la, akoz Leta ki pa amenaje tèritwa a, konstriksyon yo ki pa adapte epi popilasyon an ki pa enfòme», se sa Emmanuel Pierre konstate, antanke ansyen direktè operasyon nan Sant operasyon ijans nasyonal (COUN).
Kisa w ka fè si w remake gwo van, inondasyon, deboulonnay tè ak lòt kalte fenomèn natirèl nan zòn lakay ou ?
Premye bagay enpòtan pou w fè pandan yon peryòd siklonik, se mete lòd lakay ou.
- Tout papye enpòtan n yo dwe yon kote ki pwoteje.
- Asire nou tout fenèt, tòl ak chapant kay yo byen solid.
- Pou moun ki gen machin, nou dwe asire n li toujou gen gaz, toutfwa t a gen yon ijans ki mande w deplase byen rapid.
- Mete manje ki ka fè plizyè jou, dlo trete ak medikaman lakay la, sizoka nou ta gen difikilte pou deplase.
- Pandan gen gwo van ak lapli, evite soti si pa gen gwo nesesite pou sa. Nou dwe abrite n yon kote ki p ap espoze n ak danje, anndan kay la. Nou pa dwe rete sou balkon pou n pa tonbe, ni tou pre fenèt ki an vit ! Paske, nenpòt moman van osnon lòt debri kapab kraze yo. Si kay la an tòl, nou dwe siveye pou debri k ap sot tonbe sou li yo pa blese n.
- Pandan pasaj siklòn lan, si ou t a remake mi kay la fisire, rantre anba yon tab osnon tout lòt kote ki an sekirite nan kay la annatandan w deplase.
E si n rete nan yon zòn malè pandye, kijan n ka pwoteje tèt nou ?
Emmanuel Pierre, ki se responsab nan pwoteksyon sivil, konseye pou n «deplase al yon kote ki an sekirite, paske sèvis sekou yo gendwa pa ka rive jwenn nou atan.» Men, pandan n ap deplase, nou dwe sonje pran medikaman ak tout papye enpòtan tankou pyès idantite, papye kay, papye tè, papye machin, elt.
Pa bliye fè solidarite ak vwazinay ki an danje.
Toujou tande radyo ak meteyo avan nou sòti enpòtan anpil nan moman sa yo.
Peryòd siklonik la ki bay anpil lapli, jeneralman, lakòz flan mòn ki te deja pa gen pyebwa ak kay konstui sou yo p ap ka kenbe tout kantite dlo lapli y ap resevwa. Pant mòn sa yo ki vin twò lou kapab «deboulonnen ak tout sa ki sou li epi glise desann», selon sa meteyowològ Esterlin esplike. Se sa nou rele «deboulonnay tè» a. Fenomèn sa a deja pase nan komin Okap Ayisyen, mwa me 2024 la, kote yon dizèn sitwayen mouri.
Kidonk, si w ret nan yon pant mòn, ou dwe deplase.
Pwoteksyon sivil pale de Inondasyon tou, ki rive lè gwo dlo anvayi epi kouvri yon espas kèlkonk, lè lapli tonbe anpil, lè dlo lanmè a anvayi yon zòn akoz gwo vag. Li kapab rive lè yon drenaj mal fèt, lè tip sòl tankou kalkè fè dlo anba tè a monte, lè gen agrikilti ki mal fèt, lè yo devye yon rivyè osnon li debòde, elt.
Toujou tande radyo ak meteyo avan nou sòti enpòtan anpil nan moman sa yo.
Si lakay ou inonde, pa desann nan sou sòl kay la, monte nan lòt etaj annatandan ou rive evakye. Si kay la pa gen etaj, kouri deplase ale yon lòt kote ki pa espoze a danje. Koupe gaz ak elektrisite nan kay la pou evite gen esplozyon epi pran nan kouran.
Si w nan lari pandan gen lapli, evite kouri machin sou wout ki inonde pou li pa tonbe nan twou san w pa rann kont.
Nan dat 21 me 2024 la, popilasyon nan komin Basen-Ble, depatman Nòdwès obsève yon «gwo van» ki sanble ak tònad. Fenomèn sa lakòz plizyè moun blese epi detui kèk kay. Selon òganis «Unité hydroMétéorologique d’Haïti» (UHM), menm si pa gen ase detay pou n di se te yon Tònad, nou dwe atann ak gwo «toubiyon van» kon sa pandan sezon siklonik la.
Kounye a, an n gade byen rapid kèk mo oswa tèm espesyal ou ka souvan tande pale de yo nan moman sa yo, pou w ka pi byen konprann.
Espesyalis yo sèvi ak vitès van yo pou klase siklòn ak ouragan yo epi etabli enpak yo. Konsa, yo pale de depresyon twopikal lè gen yon fòs van ki pi ba pase 63 kilomèt lè. Tandiske, gen tanpèt twopikal lè van an sòti 63 rive 117 kilomèt. Sa ki kapab anjandre gwo lapli.
Si w nan lari pandan gen lapli, evite kouri machin sou wout ki inonde pou li pa tonbe nan twou san w pa rann kont.
Chèchè yo itilize tèm «ouragan» pou kategorize siklòn twopikal ki depase 119 kilomèt lè yo. Pami 10 ouragan yo anonse ki ka pase sou peyi a, gen 7 ladan yo ki nan kategori 3. Ban m eksplike w kisa sa vle di, pandan m ap tou ede w konprann diferan kategori ki egziste yo.
Yon ouragan kategori 1, gen van sòti 119 rive 154 kilomèt lè e, li kapab fè larivyè desann epi lakòz ravin debòde. Si ou rete toupre rivyè ki abitye debòde, premye sa w dwe fè se deplase pandan moman sa a. Moun ki rete nan zòn pwovens e ki gade bèt yo, dwe evite mare yo bò rivyè, pandan lannuit.
Pou kategori de (2) a li menm, tèt kay kapab rache, fenèt yo kapab andomaje, bilbòd kapab voltije, vag lanmè ka monte disèt wotè. Lè sa a, van yo vante sòti 154 rive 178 kilomèt. Deplase tout sa van an kapab pote ale tankou : poubèl, zouti, afich, anpoul, antèn, elt. Retire epi anbale tout objè ki pa twò lou ki nan mi kay la pou evite yo tonbe. Pa egzanp, revèy, tablo, ankadreman, biblo, elt. Tepe ak adezif osnon mete rido solid devan pòt ak fenèt ki an vit nan kay la pou evite blese, si yo t ava kraze.
Pami 10 ouragan yo anonse ki ka pase sou peyi a, gen 7 ladan yo ki nan kategori 3.
Nou pale de kategori twa (3), lè van yo debòde sòti 178 rive 209 kilomèt lè. Lè konsa se gwo dega. Pyebwa derasinen, vag lanmè monte nan limit sounami, elt. Si ou rete toupre lanmè, premye sa w dwe fè se deplase. Pa rantre nan lanmè pandan li ajite ak gwo vag, si w te ladan l soti byen rapid. Maren yo dwe retire ti kannòt yo bò lanmè a epi mare yo byen solid byen lwen rivaj la.
Lè se Kategori 4 menm, van yo sòti 210 rive 250 kilomèt, li ka rache kay, derasinnen pyebwa, vag lanmè yo monte, elt.
Kategori 5 menm se katastwòf nèt e, van yo depase 250 kilomèt.
Avan n fini, m dwe atire atansyon n tou sou 4 alèt nou souvan tande pale de yo lè nou nan moman siklonik : se alèt vèt, jòn, oranj ak wouj. Kisa yo vle di menm ?
Toudabò, ou dwe konnen, yo chak la pou avèti n kijan danje meteyowolojik yo ap avanse.
Alèt vèt lan siyifi poko gen yon vijilans patikilye ki egziste. Alèt jòn lan, se yon “faz siveyans” parapò ak yon menas ki kapab rive nan 2 a 3 jou. Lè menas la kòmanse parèt klè, nou nan alèt oranj. Sa vle di n ap prepare n pou fè fas ak yon ouragan. Alèt wouj la, li menm, endike nou dwe pi veyatif toujou epi kanpe sou tout aktivite n t ap mennen paske g on menas siklòn k ap vini nan anviwon 8 a 18 èdtan.
Si ou rete toupre lanmè, premye sa w dwe fè se deplase. Pa rantre nan lanmè pandan li ajite ak gwo vag, si w te ladan l soti byen rapid.
Anplis de 4 nivo alèt sa yo ki pi kouran, gen 2 lòt ankò ki se vyolèt ak gri, ki la pou etabli vijilans konsènan ouragan ak siklòn yo.
Alèt vyolèt la pi wo pase tout, li sitou konsène siklòn ak ouragan. Li vle di g on gwo danje k ap vini nan pwochen 3 a 6 èdtan yo. E enpak yo ap katastwofik avèk gwo van ki depase 200 kilomèt.
Alèt gri an li menm, se bon nouvèl, li endike siklòn lan ap elwànye l e danje a ap diminye.
Kidonk mezanmi, nan sezon siklonik la nou dwe toujou rete vijilan e prete atansyon ak diferan alèt sa yo.
Pou n fini, li enpòtan pou n sonje se yon nesesite pou n solidè youn anvè lòt nan moman sa a.
▶ Prezantasyon : Daphena Rémédor
▶ Rechèch ak Redaksyon : Jérôme Wendy Norestyl
▶ Kamera ak Montaj : Riquemi Perez
▶ Sipèvizyon : Chérubin Jérôme
Pou rete konekte ak AyiboPost :
▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la
▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la
▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la
Comments