CoronavirusSOCIÉTÉ

Pwofesè lekòl prive yo gen plis pwoblèm pase pwofesè leta yo nan moman an

0

Nan moman pandemi an, lekòl fèmen. Pwofesè yo pa travay. Men kontrèman a anseyan lekòl prive yo, pwofesè Leta yo kontinye touche

Nan mwa septanm 2019, peyi Dayiti t ap prepare pou lekòl relouvri. Ane 2018 la te gen anpil tibilans. Pandan plizyè semèn, peyi a te lòk, lekòl pa t fonksyone, tout aktivite te ralanti. Kèk semèn apre lekòl fin louvri, yon nouvo mouvman pwotestasyon bloke peyi a. Se te yon lòt epizòd peyi lòk. Pandan twa mwa, lekòl tounen fèmen.

Nan lane 2020 an, de mwa apre lekòl louvri, ane a oblije kanpe ankò. Fwa sa se akoz epidemi kowonaviris la ki te fenk rantre nan peyi a ofisyèlman. Prezidan Jovenel Moise te pran desizyon fèmen tout kote anpil moun ka reyini alafwa. Apre  de mwa, anpil aktivite toujou pa fonksyone. Lekòl ak inivèsite ladan yo. Pwofesè yo p ap travay.

Sitiyasyon sa a mete pwofesyonèl sa a yo nan gwo tèt chaje. Bagay la pi rèd pou sa ki nan enstitisyon prive yo paske anpil pèdi djòb oubyen yo pa touche ditou. Mesyedam ki nan leta yo ap kontinye resevwa chèk, menm si l pa anpil.

Anseyan prive pa touche

Jonas Merzilus se yon avoka nan Bawo Potoprens, an menm tan li se diplome Lekòl Nòmal Siperyè. Li pwofesè nan yon lise Grangwav, kote l ap anseye filozofi. Li fè kou nan 2 lekòl prive ki nan kapital peyi a tou.

Dapre Jonas Merzilus, pwofesè k ap fè kou nan prive yo ap peye gwo konsekans lekòl fèmen an. Li di: « Nou te deja pran gwo kou nan peyi lòk yo, e Leta pa t fè anyen pou nou. Yon pwofesè nan lekòl prive pa gen bon kondisyon travay. M konnen zanmi m ki pa menm ka manje nan moman sa a.»

Li tou: Seuls les hôpitaux Saint-Luc et Saint-Damien reçoivent des patients du Coronavirus dans la zone métropolitaine

Se menm konsta sa Georges Wilbert Franck fè tou. Li se kòdonatè jeneral  Union nationale des normaliens et éducateurs d’Haiti (UNNOEH), yon sendika anseyan ki egziste depi 16 lane, ki gen plis pase 8000 manm. Georges Wilbert Franck di: « Anseyan nan lekòl prive yo pa gen yon travay ki an sekirite. Anpil pa menm genyen asirans, paske lekòl la pa peye sèvis sila yo. Yo ka revoke yo nenpòt kilè tou. San konte koze salè a.»

Poutan, plizyè lekòl te deja resevwa on bon pati pèman nan men elèv yo pou ane 2020 an. Jonas Merzilus panse se yon mechanste anpil lekòl prive ap fè. « M genyen yon pwofesè mwen rekonèt ki gen pitit li nan yon lekòl kote l ap travay tou. Li peye pou timoun nan deja, paske se pa tranch lekòl la mande pèman. Epoutan li menm li pa touche.»

Yon salè mizè nan Leta

Kovid-19 la vin mete abse sou klou, men an reyalite, depi byen avan, metye pwofesè a pa t fasil. Bernadette Antoine se yon ansyen pwofesè lekòl Leta. Li pase lekòl nòmal pou li pwofesè premye ak dezyèm sik. Jodiya li retrete depi anviwon dezan, apre li fè prèske 30 lane ap anseye nan lekòl fondamantal.

Dapre li menm, metye sa pa t janm gen gwo valè depi lontan. «M pase nan 5 lekòl nan karyè mwen, Bernadette Antoine di. M sonje premye kòb mwen touche nan lane 1990, se te 936 goud. Dènye a te 11 308 goud, apre taks. Si pa t genyen bay leson, nou pa t ap ka viv ditou. Se lajan leson ki sove nou.»

Li tou: Ces grandes épidémies qui ont frappé Haïti

Dapre Jonas Merzilus, koze salè a s on gwo pwoblèm. Li panse anpil pwofesè ki rive viv chak jou, se sitou akoz lòt aktivite yo ka genyen sou kote. Se ka pa li. « Nan yon lise, si ou pa pwofesè tan plen, si se kou ou vin fè, ou dwe travay omwen sizèdtan chak semèn. Ou touche anviwon 10 700 goud. Ke w te ansyen ke w te nouvo, Leta pa fè diferans nan salè ou. »

Men kontrèman ak yon lekòl prive, Leta peye menm lè genyen pwoblèm, menm si se nan mwa ki vini apre a. « Se pou sa malgre sa pa pi bon nan Leta a, genyen anpil moun ki vle nome ladan l. Paske nan moman sa a, se pwofesè leta yo ki ka jere yon minimòm », dapre Merzilus.

Peripesi nominasyon

Yon anseyan dwe nome pou li travay nan leta. Se nominasyon sila a ki fè l ka touche. Men gen anpil pwofesè k ap travay san lèt nominasyon. « Nou resanse omwen 6000 anseyan ki pa nome, osnon ki genyen lèt nominasyon men ki poko janm touche », dapre Georges Wilbert Franck.

Selon kòdonate UNNOEH a, lè yon pwofesè resi jwenn nominasyon li, se anpil peripesi pou li touche salè leta dwe li yo. « Gen pwofesè ki fè dizan ap travay san nome. Gen yon dirijan UNNOEH ki te fè kou nan 5e Lise jèn fi. Li pa t nome. Lè li resi nome a, genyen elèv li ki te gentan medsen. Epi lè leta ap peye apre nominasyon an, yo ka ba w 1 an salè sèlman, pou tout aryere yo. Men pi souvan yo jis ba ou ant 3 a 6 mwa. Pandan tout tan li fè san li pa nome a, pwofesè a pa touche.»

Li tou: «Ma mère est morte aux États-Unis. Toute ma famille vivait de ses transferts d’argent.»

Jwenn nominasyon nan leta, sitou nan metye anseyan, pa yon bagay ki fasil. Jonas Merzilus sonje malgre li te fè mwayèn 7, epi pami loreya pwomosyon li yo nan Lekòl nòmal Siperyè, li pa t ka nome. Kanta Bernadette Antoine, pwosesis nominasyon li a, se li ki te fè li. Li di: «Lè mwen kòmanse fè kou, mwen t al kenbe pou yon moun nan yon lekòl nasyonal nan Sen Rafayèl. Moun sa pa t janm vin travay. Se mwen ki te la.»

Dapre Bernadette Antoine, li te rantre nan pòs la sou rekòmandasyon yon enspektè nan edikasyon nasyonal ki te nan fwod : «Enspektè a te fè nome yon pitit li ki poko menm fini lekòl. Epi lè chèk la vini, li separe li mwatye mwatye ak pwofesè li te mete al fè kou a. Se konsa m te konn touche. »

Absans avantaj sosyal

Pa genyen gwo avantaj pou yon pwofesè, prive kou Leta. Men kanmenm, leta miyò. «Nan leta se karyè ou vin fè. Sa vle di yo pa ka revoke w pou nenpòt kisa, yo plis ka transfere ou. Epi ou gen asirans, menm si nou rele li yon asirans fantom. Lekòl prive m ap travay yo pa peye sèvis sosyal sila yo pou mwen. »

Asirans pwofesè yo, menmjan ak lòt manm fonksyon piblik la, se asirans OFATMA. Sa rive souvan lopital prive yo pa vle resevwa asire sa yo akoz leta pa peye ni byen, ni alè. Lane pase, anpil direktè lopital prive t ap plenyen kijan yo prèske fè fayit akoz dèt leta genyen pou yo.

Anplwaye leta yo genyen dwa a pansyon, sa ki rele retrèt la. Gen lwa ki detèmine kilè yon fonksyonè ka pran retrèt li. Dapre Bernadette Antoine, lajan sa pa ka regle anpil bagay: « Sèl sa ki bon ladan l, yo bay li atan. »

Feblès sendika yo

Nan defann dwa anseyan yo, sendika yo gen gwo wòl pou jwe. Gen plizyè sendika k ap defann anseyan nan peyi a, gen sa ki pi gwo pase lòt. « Li pa t ap pwoblèm pou gen anpil sendika, si tout règ yo te respekte tankou nan lòt peyi yo, Georges Wilbert Franck di. Si yon sendika gen 5 manm, li ka negosye pou yo 5 lan. Men si li gen plis ke 50 pousan manm nan sektè a, se li ki plis gen lavwa ochapit. »

Dapre Georges Wilbert Franck, sendika yo viktim pwoblèm aryere salè leta a. « Anpil moun rantre nan sendika sèlman pou sa. Ka te genyen yon senatè, yon depite, elatriye ki te mete yo nan djòb la. Epi lè yo wè yo pa ka nome, yo rantre nan sendika. Politisyen itilize feblès sendika yo anpil. »

Li kontinye pou li di: «Malerezman nan sendika nan peyi a pa genyen eleksyon pwofesyonèl, ni kotizasyon sou salè moun nan ap touche a, pou ede sendika yo. Se chak sendika ki reyalize estrateji pa li pou li rive fonksyone. Menm manm yo pa touche peye kotizasyon yo.»

Selon chif Ministè edikasyon nasyonal, peyi a dispose plis pase 26 000 pwofesè leta. Yon gwo pousantaj lekòl yo se prive. Anpil nan lekòl leta yo pa gen materyèl pou fonksyone byen. Lise Philippe Aliès, nan Benè pa gen lokal. Lekòl nasyonal Mère Teresa de Calcutta (Tiplas Kazo) genyen pwoblèm ban, ki lakoz timoun yo dwe rete kanpe pou suiv kou.

Jameson Francisque

Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *