Opinions

Opinyon | Pwogram Biden se yon avantaj bab ak moustach pou Ameriken

0

Pwogram sa rele an anglè : “Humanitarian Parole”. Pitit peyi a batize l ak yon ti non jwèt : Pwogram Biden

Prezidan ameriken Joe Biden te anonse, jou ki te 5 janvye 2023, yon nouvo pwogram imigrasyon ki pèmèt resòtisan Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela antre Ozetazini legalman pandan yon peryòd 2 zan pou jwi plizyè opòtinite tankou jwenn travay, aprann anglè oubyen yon metye.

Pwogram sa rele an anglè : “ Humanitarian Parole”. Pitit peyi a batize l ak yon ti non jwèt: Pwogram Biden.

Nouvo opòtinite Pwogram Biden ap pèmèt jiska 30,000 resòtisan pa mwa ki sòt nan peyi sa yo jwenn posibilite antre Ozetani san anpil fòmalite.

Pou yon resòtisan aplike, fò l gen yon moun Ozetazini ki dakò pou ba l lojman e sipòte l ekonomikman toutotan li nan nesesite pou sa.

Pwogram sa rele an anglè : “ Humanitarian Parole”. Pitit peyi a batize l ak yon ti non jwèt: Pwogram Biden.

Aplikasyon pou pwogram lan gratis. Ni sipòtè resòtisan an e ni resòtisan an li menm pa gen okenn frè pou yo peye sèvis imigrasyon ameriken.

Se konsa anpil Ayisyèn ak Ayisyen nan dyaspora a aplike pou yon moun ou plizyè moun an menm tan ki ka fanmi, mennaj, zanmi, oubyen konesans.

Men tankou tout domèn, gen raketè ki rantre nan wonn lan, fè moun peye pou aplike, bay fo garanti y ap apwouve yo, fè tranzaksyon lajan pou deklare yo se sipòtè, elatriye. Se nan tout jan sa yo yon dividal moun aplike.

Dapre dènye done nan kòmansman 2024, 120,000 ayisyen te benefisye pwogram nan.

Men gen 600,000 lòt sitwayèn ak sitwayen peyi a k ap ret tann pou yo aprouve yo. Gen nan yo k ap ret tann plis pase yon ane. Atant lan long paske aplikasyon tout peyi yo nan kòmansman pwogram la te monte a 1,5 milyon.
Pou fè fas a sa, ajans imigrasyon ameriken an resevwa mwatye aplikasyon owaza, atravè yon lotri. Yo chwazi lòt mwatye a daprè dat yo resevwa aplikasyon yo. Kidonk anpil moun ap ret tann pou Plan Biden yo tonbe tankou yon boul malachòn pou lavi yo chankre nan yon lòt chimen.

Gen raketè ki rantre nan wonn lan, fè moun peye pou aplike, bay fo garanti y ap apwouve yo, fè tranzaksyon lajan pou deklare yo se sipòtè, elatriye.

Sepandan, gen anpil aplikan ki gen kè sote paske yo panse pwogram la ka sispann nenpòt ki lè selon evolisyon politik ameriken.

Peyi Tonton Sam fèt antre nan yon ane elektoral pou prezidan. Repibliken ak Demokrat ap debat san pran souf e ap chire pit sou zafè imigrasyon ilegal nan mitan yon pakèt lòt dezakò. Sizoka ansyen prezidan Donald Trump ta reprann pouvwa a an novanm k ap vini la, malèpandye ka balanse sou Pwogram Biden.

Nou pa ka bliye sa ansyen prezidan an te di sou Ayiti ak kèk peyi afriken. Pwogram Biden gen dwa koupe sèk oubyen vin chaje ak yon bann restriksyon si se Donald Trump ki prezidan. Tout lide sa yo met barikad nan rèv anpil moun ki vle met vwal pou kite peyi a.

Pouki rezon anpil moun aplike pou Plan Biden ?

Motivasyon anpil sitwayèn ak sitwayen ki aplike pou Plan Biden parèt evidan parapò ak tablo tèt anba politik ak sosyete peyi a nan konjonkti n ap viv la. Nasyon an ap fè fas a yon geriya bandi pwenfèpa.

Prèske tout moun pran nan yon toubiyon ensikirite toupatou. Vyolans tout jan ap vale teren. Minis Lajistis fè n konnen ofisyèlman gen teritwa pèdi. Lame a sou pòz. Lapolis konn fè efò brave danje kèk fwa, pèdi manm li nan batay, men li enpwisan de bra balanse kont bandi sanginè yo.

Gen anpil aplikan ki gen kè sote paske yo panse pwogram la ka sispann nenpòt ki lè selon evolisyon politik ameriken.

Kè sote maten-midi-swa. Peyi lòk ti krik ti krak. Lavichè ak mizè klowòks ap galope. Lekòl ap fèmen pòt e lavni jèn yo sou lagraba. Gouvènman an parèt manfouben e ap ret tann Kenyan yo vin ba l jarèt oubyen pran mayèt sekirite a nan men l. Opozisyon an sanble pa gen inite, vizyon, plan ak altènativ klè.

Malgre festival djazz te fèt e kanaval te danse nan kèk vil, peyi a sanble an dezawa e san gouvènay kote l rive nan yon katchaboumbe ki ka eksploze. Nan malsite sa anpil moun ap chache chape pou l yo jan yo kapab. Pèsonn pa ka repwoche yo sa. Men si Plan Biden bon pou anpil moun nan peyi a, nan kisa li bon pou gouvènman ameriken an ? Ki avantaj gouvènman ameriken jwenn nan aplike Pwogram Biden ?

Ou ka pwofite gade ANRIYAN espesyal sa a ki abòde Pwogram Biden nan :

Nou panse gen 3 avantaj ki pi enpòtan.

Premye avantaj Pwogram Biden se fè pousantaj imigrasyon ilegal la bese.

Lwa “Parole” la te komanse an 1952 e li bay ofisyèl ameriken pouvwa pou akeyi imigran ki pa jwenn viza regilye pou antre Ozetazini. Depi janvye 2024, pase yon milyon moun soti nan 4 peyi benefisyè yo antre Ozetazini.

Lwa a te tabli pou favorize yon kòz imanitè oubyen ki gen yon benefis piblik, men li pa bay benefisyè yo estati legal pèmanan. Apre yon ti tan Ozetazini, yo ta dwe tounen nan peyi yo.

Dapre “Homeland Security”, ki se Depatman Enteryè Sekirite Etazini, plan an redwi imigrasyon ilegal nan fwontyè sid peyi a ki separe l ak Meksik. Selon li, nan 6 premye mwa depi plan an aplike, 160,000 potansyèl imigran ilegal jwenn yon chimen legal, an sekirite e ak diyite pou vin Ozetazini, sa ki reprezante 89 % amelyorasyon nan jan sitiyasyon an te ye nan denyè tan yo. Ogmantasyon migran legal pèmet an menm tan ekonomi Etazini ranfose.

Plan an redwi imigrasyon ilegal nan fwontyè sid peyi a ki separe l ak Meksik.

Homeland Security

Dezyèm avantaj se ogmantasyon travayè sou mache ekonomik la. Nan tan n ap viv la, Etazini manke travayè. Pwogram Biden k ap delivre nouvo travayè sou mache ekonomik la pèmèt nivo travayè ki manke desann apeprè a yon tyè.

An 2023, plis kay te bati, pwodiksyon ekipman te ogmante, endistri touris la te kenbe djanm parapò a bezwen l gras apeprè a 1,1 milyon moun nan Pwogram Biden ki te antre Etazini depi program sa te komanse. Selon biwo ameriken k ap kontwole kantite travayè nan peyi a, nouvo travayè sa yo ap satisfè yon bezwen ekonomik ki pral pèsiste pou plizyè ane nan domèn tankou konstriksyon, transpòtasyon, teknoloji, endistri manje, sante ak asistans sosyal, elatriye.

Plis moun k ap travay kreye yon aksyon pozitif dirèk sou enflasyon, ki se yon ogmantsyon pri machandiz ak sèvis toupatou. Enflasyon an vin bese. Ekonomis ameriken panse nouvo imigran sa yo ede soulaje enflasyon an gras a plis ouvriye ak pwofesyonèl nan endistri ki te gen pwoblèm akoz te manke travayè.

Pwogram Biden k ap delivre nouvo travayè sou mache ekonomik la pèmèt nivo travayè ki manke desann apeprè a yon tyè.

Twazyèm avantaj se fè Etazini jwenn yon randman ekonomik rapid nan pwodiksyon travay imigran yo. Gen imigran ki vini ak tout konesans e ekspètiz yo. Etazini benefisye edikasyon, talan ak fòs travay moun sa yo san li pa bezwen depanse pou sa.

An menm tan nan edike ak fòme nan yon ti tan kout sa k pa gen metye yo, Etazini ap benefisye rapidman nan bay opòtinite travay k ap ogmante pwodwi nasyonal brit li (PNB), ki koresponn a pwodiksyon nasyonal richès peyi a. Richès sa ka defini pa pwofi total ki reyalize nan tout biznis ak travay nan peyi a. Ogmantasyon travay vle di tou ogmantasyon taks Leta prelve sou tout machandiz ak transaksyon finansyè ki fèt nan peyi a.

Kidonk, Leta ameriken an vin rantre plis taks ki ogmante bidjè nasyonal li, sa ki pèmèt li gen plis lajan pou envesti nan peyi l pou l devlope pi plis. Envesti nan edikasyon pou tout sitwayen l, envesti nan sekirite, envesti nan teknoloji, envesti nan kenbe sipremasi mondyal li.

Se nan sans sa, Komite Ekonomik Pati Demokrat ameriken fè deklarasyon sa sou wòl imigran yo: “Kontribisyon imigran yo esansyèl pou kwasans ekonomik ak asire konpetisyon Etazini nan mond lan”. N ap met aksan sou mo « esansyèl » la. Sa vle di pou komite sa pa gen wout pa bwa : pou kreye djòb rapid-rapid ekonomi ameriken an bezwen plis travayè ki sòt nan lòt peyi pou ranfòse ak monte nivo ekonomik Etazini, fè l rive pi wo toujou.

Gen imigran ki vini ak tout konesans e ekspètiz yo. Etazini benefisye edikasyon, talan ak fòs travay moun sa yo san li pa bezwen depanse pou sa.

Ki pwojeksyon pou lavni Ayiti ?

Men ki wòl benefisyè Plan Biden yo ap jwe nan ekonomi Etazini. Nou ta ka di an franse Plan Biden se yon pwojè « gagnant-gagnant » oubyen an angle yon « win-win » oubyen nan bon jan kreyòl se “grate do m m ap grate do w”.

Apa avantaj imedya benefisyè Ayisyen yo jwenn nan kite sitiyasyon sosyal malouk ki nan peyi a, yon mize ki pou piti ap bouyi depi 40 an e yon lavni ki mangonmen, gen anpil kesyon ki mande reflechi.

Ou ka pwofite li : Opinion | Les conséquences imprévues de la nouvelle politique d’immigration de Biden

Kèk nan yo se: Sa k pral rive nan de zan lè pwogram lan fini ? Èske yon moun ap blije tounen vre menm si nasyon an toujou nan yon kalfou danjere ? Ki fòm lit Dyaspora a ka mennen pou benefisyè yo vin jwenn rezidans ? Apa transfè lajan, kijan Dyaspora a ka kanalize nouvo fòs ekonomik benefisyè yo pou aji dirèkteman sou politik peyi a ? Kijan fòs pwogresis ak sosyete sivil nan peyi a makonnen ak Dyaspora a ka jwenn bouchon danmijann ensekirite a, kwape korispyon, tabli yon lape pèmanan ? Kijan n ap ka met kap sou yon lòt direksyon pou eleksyon ka fèt, stabilite ak devlopman pran rasin, fè sèvo nou sispann pati, fè jenès nou gen lespwa, soti nan tenèb, fose douvanjou leve ?

Otè : Patrick André

Imaj kouvèti a, AyiboPost edite l pou dekri Pwogram Biden nan (Humaniatrian Parole).


Pou rete konekte ak AyiboPost :

 Entegre kanal Telegram nou an : klike la

 Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

 Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Je suis Patrick André, l’exemple vivant d’un paradoxe en pleine mutation. Je vis en dehors d’Haïti mais chaque nuit Haïti vit passionnément dans mes rêves. Je concilie souvent science et spiritualité, allie traditions et avant-gardisme, fusionne le terroir à sa diaspora, visionne un avenir prometteur sur les chiffons de notre histoire. Des études accomplies en biologie, psychologie et sciences de l’infirmerie, je flirte intellectuellement avec la politique, la sociologie et la philosophie mais réprouve les préjugés de l’élitisme intellectuel. Comme la chenille qui devient papillon, je m’applique à me métamorphoser en bloggeur, journaliste freelance et écrivain à temps partiel pour voleter sur tous les sujets qui me chatouillent.

    Comments