EN UNEOpinions

Opinyon | Leta Ayisyen dwe redefini rapò li ak relijyon

0

Leta ka ap kòde yon bò, epi kèk gwoup relijye ap dekòde yon lòt bò. Mesaj yo pa ale nan menm sans : sa ki pafwa bloke sitwayen yo, mantalman

An Ayiti, Leta ak Relijyon tabli ant yo yon lyen ki konplèks, ki chaje kontradiksyon, nan pwen pou mande tèt ou si youn konprann enpak li ka genyen sou lòt la.

An jeneral, sosyete yo konn chita pou deside klè si y ap entegre prensip ak koutim relijye yo nan kad òganizasyon Leta, nan sistèm lalwa yo, oubyen si y ap deside mete koze relijye yo akote, pou bati Leta sou yon baz layik nèt.

Se sa k fè yon bò w ap jwenn kèk peyi tankou Iran, ki deklare tèt li yon eta islamik (kote Koran detèmine yon bon pati nan nòm, estrikti sosyete a ak fonksyònman Leta) oubyen Lend (yon peyi kote sèt relijyon prensipal yo, sitou relijyon endou a, genyen gwo enfliyans sou òganizasyon politik yo).

Yon lòt bò, w ap jwenn peyi tankou Sengapou, ki rive fè separasyon ant Leta ak enstitisyon relijye yo, malgre divèsite relijye ki se youn nan karakteristik li, epi malgre kantite gwoup relijye k ap opere nan peyi a. Kidonk, byen defini relasyon ant Leta ak gwoup relijye yo, se yon desizyon estratejik, ki pa dwe fèt vaykevay, paske sa ka genyen gwo konsekans sou jan sitwayen yo konpòte yo, sou mantalite yo, epi pi devan, sou lavni yo tou.

Malchans pou Ayiti, Leta, depi nan kreyasyon li, petèt menm depi avan, pa janm fikse li klè (nan nòm ak nan pratik ansanm) sou kijan relasyon li dwe ye ak enstitisyon sa yo.

Poutan, Ayisyen se yon pèp ki relijye anpil, pafwa menm nan yon nivo ki ekstrèm. Lè nou di esktrèm, se pa nan sans radikalizasyon, menm jan sa konn pale pou islam oubyen lòt relijyon yo. Se pito nan pwen pou nou devlope entolerans ant sèk relijye yo, oubyen nan pwen kote relijyon detèminan nan fason nou konsevwa lavni, nan fason nou poze aksyon nou chak jou, nan fason nou pwodui refleksyon.

Malgre tout egzanp istorik ki montre relijyon ka swa ede yon sosyete òganize tèt li, swa pwovoke destriksyon li, nou pa janm rive antann nou sou kijan n ap abòde sijè sa vre. Se sa k fè, w ap jwenn anpil kontradiksyon ant sa lalwa di ak koutim Leta yo, ant sa lalwa di ak sa ki fèt nan pratik la. Pou n ka byen analize eleman sa yo, nou kapab pran plizyè egzanp.

Relijyon nan kontriksyon nasyon an ak konstriksyon sitwayen

Premye ka nou ka etidye pou n montre kakofoni ki genyen nan enteraksyon ant Leta ak Relijyon, se fason nou kite relijyon antre nan kontriksyon nasyon an ak konstriksyon sitwayen yo, alòske Leta deklare tèt li layik depi kèk lane.

Lè n ap pale sou kesyon konstriksyon sitwayen an, nou oblije monte jouk nan tan esklavaj, pou n ka esplike jan kolon an te konn sèvi ak relijyon pou adousi Nwa yo, kase mantal yo, pou yo ka soumèt devan mèt yo.

Se depi la relijyon kòmanse fòje lespri Ayisyen an tou. Sa ka sèvi nou tou, pou n byen konprann kijan yon mesaj relijye ka kondisyone aksyon ak reyaksyon yon moun. Relasyon sa pral konfime tou nan seremoni Bwa Kayiman, kote Boukman ak Fatima pral sèvi ak yon seremoni vodou pou rasanble esklav yo, rebay yo konfyans nan tèt yo, pou yo ka egzekite estrateji batay ki te monte a.

Ka Bwa Kayiman an montre yon lòt fas nan relasyon Ayisyen an ak relijyon, ki diferan pa rapò ak sa kolon an te anseye esklav nwa yo. Yon kote, relijyon an te sèvi pou kaponnen, mare mantal yo. Yon lòt kote, relijyon te sèvi pou demare menm mantal sa epi ba yo kouraj pou afwonte ansyen mèt yo.

Photos | Les prophètes s’enrichissent, les fidèles deviennent plus pauvres « au nom de Jésus »

Nou pral konprann pi byen kijan lalwa an Ayiti sou relijyon toujou mache depaman ak pratik yo, se lè Toussaint Louverture, ki te yon gwo pratikan vodou (Fignolé, 2004), pral konsakre relijyon katolik kòm sèl relijyon yo ka pwofese piblikman sou teritwa a (Laënnec, 2004), nan Konstitisyon 1801 an. Youn nan ipotèz yo eseye kenbe pou montre rezon ki te fè Toussaint enpoze sa, se pou kesyon estrateji jewopolitik li. Legliz Katolik te pisan depi lontan. Se te yon fason pou li pa t mete l dozado ak yo. Se menm ipotèz sa, istoryen yo pral kenbe tou pou Jean Jacques Dessalines, ki te konsakre relijyon katolik nan Konstitisyon 1805 lan, malgre yo te konsidere li tankou yon gwo pratikan vodou.

Relasyon ant Legliz Katolik ak  Leta ranfòse epi pran chè nèt, malgre relijyon pwotestan te rantre an Ayiti depi 1816, se lè Fabre Geffrard pral siyen Konvansyon ant Sen Syèj (Legliz Katolik) ak Ayiti, an 1860 (yon konvansyon ki te kòmanse diskite depi sou Jean Pierre Boyer).

Youn nan dispozisyon nan Konkòda sa ki atire atansyon tout moun, se atik 3, kote Leta bay tèt li obligasyon pou li pran an chaj, sou do Trezò Piblik, Acheveche ak Eveche yo. Depi lè sa, Legliz Katolik pral jwe yon wòl majè nan politik ak edikasyon an Ayiti. Menm François Duvalier, ki te yon gwo defansè vodou kòm patrimwàn kiltirèl, pa t rive kanpe sa.

Malgre tout sa yo, nan Konstitisyon 1987 la, Ayiti deklare Leta li a kòm yon leta layik. Layik vle di, ki pa ratache ak okenn pwofesyon oubyen lòd relijye, ki sivil.

Poutan, se menm Leta sa ki konsakre kòm pratik, patisipasyon nan « Te Deum », lè gen envestiti yon nouvo Prezidan, oubyen lè genyen selebrasyon pou dat ak evènman enpòtan an Ayiti. Se menm Leta sa k ap peye Achevèk ak Evèk, ki bay Legliz Katolik gwo avantaj, akòz Konkòda 1860 lan. Se menm Leta sa ki konsakre liv « Frères de l’Instruction Chrétienne (FIC) » kòm liv referans, sitou atravè sibvansyon li bay pou liv chak ane. Se menm Leta sa, ki pral kite ansèyman relijye fèt anndan lekòl yo. Se menm Leta sa, ki deresponsabilize tèt li epi lage edikasyon kalite a, sitou nan men enstitisyon Legliz katolik yo. An reyalite, se lekòl kongreganis yo ki fòme anpil gwo dirijan, responsab nan Leta jounen jodi a. Se menm Leta sa ki konsakre jou konje ki genyen karaktè relijye yo. Sa se yon veritab paradòks !

Dezyèm ka nou ka trete, se kote lalwa bay tout relijyon libète pou yo fonksyone, depi yo respekte lalwa epi pa twouble lapè piblik. Depi nan Konstitisyon 1987 la, nan atik 30, 30.1 ak 30.2, Leta mete liy pou garanti dwa yon moun pou li genyen kwayans li.

Poutan, si n ap remonte listwa, n ap jwenn se pa toutan Leta te konn pwoteje tout gwoup relijye yo. Sòti 1939, depi sou Sténio Vincent, pou rive jouk 1946, sou Elie Lescot, te genyen yon kanpay kont vodou ki te fèt. Se vre Konstitisyon 1987 la garanti libète konsyans, libète kwayans, men jouk jodi a, genyen yon gwo mank tolerans pou kèk relijyon, an patikilye, relijyon vodou. Genyen gwoup relijye ki ostil ak lòt gwoup. Sa ki kreye yon divizyon anndan sosyete a menm. Yon pwoblèm Leta pa toutan chache konprann, ni chache rezoud tou. Sa ki fè, nan pratik, se pa tout moun ki santi yo an sekirite, ni gen libète vre pou yo rann piblik kwayans yo, ni pou deklare pwofesyon relijyon yo.

Li tou: Pourquoi diable y a-t-il une église en plein cœur du plus grand hôpital de Port-au-Prince ?

Genyen de (2) lòt fenomèn enpòtan pou nou pran an kont, pou n montre meli melo ki genyen nan defini relasyon ant Leta ak Relijyon an Ayiti. Yon kote, Leta pa genyen okenn kontwòl sou mesaj k ap pataje nan sèk relijye yo. Sa vle di, yon bò, ou gendwa jwenn Leta k ap preche amoni ak lapè, epi, yon lòt bò, ou jwenn gwoup relijye yo k ap preche entolerans. Ou gendwa jwenn Leta ak kèk gwoup nan sosyete sivil la ap ankouraje sitwayen yo patisipe plis nan politik, nan lavi kominote yo. Yon lòt kote, ou jwenn gwoup relijye k ap preche dezangajman politik. Yon lòt egzanp ankò : Leta ka ap ankouraje sitwayen yo pou travay, pou kwè nan chanjman pou lavni. Poutan, gwoup relijye yo ap fè yon mesaj fatalite pase. Boutofen, Leta ka ap kòde yon bò, epi kèk gwoup relijye ap dekòde yon lòt bò. Mesaj yo pa ale nan menm sans : sa ki pafwa bloke sitwayen yo, mantalman.

Lòt fenomèn nan chita nan jan Leta trete ak Gwoup relijye yo toujou. Pa bliye, Leta deklare tèt li ofisyèlman layik. Malgre sa, li rive akòde kèk gwoup relijye (katolik, pwotestan…) dwa pou selebre maryaj. Malgre Leta ta dwe trete tout enstitisyon relijye yo sou menm nòm lan, jouk jodi a, genyen gwoup relijye Leta pa bay dwa selebre maryaj (vodou pa egzanp).

Si n ap eseye gade kesyon sa sou yon ang ki pi gwo, se montre nou vle montre aklè, diferans ki genyen nan fason Leta trete chak gwoup yo. Legliz katolik, anlè, genyen tout avantaj yo ak enfliyans politik. Legliz Pwotestan yo, ki se dezyèm gwoup ki genyen plis pratikan ofisyèl (anviwon 29% Ayisyen an 2006), pa genyen menm tretman ak avantaj sa yo. Genyen vodou a (anviwon 2% nan popilasyon an), ki se gwoup yo majinalize a, ki pa gen menm estati ak lòt yo. Epi genyen lòt relijyon yo.

Kijan pou Leta rezoud pwoblèm konfizyon sa ki genyen nan relasyon li ak gwoup relijye yo ? Paske, si sa pa fèt, sitwayen yo riske devlope ak enstitisyon relijye yo, yon relasyon ki toksik pou peyi.

  • An premye, nou ta dwe simante separasyon ant Leta a ak Relijyon. Yon Leta layik vle di yon Leta ki pa lye ak okenn kwayans relijye. Kidonk, depi nan kesyon rit ak pwotokòl, Leta ta dwe kòmanse retire tout sa ki gen karaktè relijye nan enstitisyon piblik yo (te deum, sèvis, seremoni vodou, otèl, chapèl, senbòl relijye yo, elatriye). An plis, tout pwomosyon touristik k ap fèt pou yon moniman oubyen rit ki gen karaktè relijye, ta dwe fèt nan yon kad byen regile, pou li pa an kontradiksyon ak karaktè layik Leta.
  • Leta ta dwe defini tou estati chak gwoup relijye epi tabli nòm pou tout fonksyone, nan amoni epi lapè. Enstitisyon relijye ta ka jwenn otorizasyon fonksyònman, si yo pa vyole prensip legal. Nan menm lojik sa, Leta ta ka fè lwa tou, ki pou pini tout moun k ap fè pase mesaj diskriminasyon kont yon relijyon, oubyen ki ap fè pwomosyon pou mesaj ki pa toleran anvè yon lòt gwoup relijye. Leta ta dwe prevwa tou, mekanis ki sanksyone yon enstitisyon relijye ki ap fè pwomosyon pou yon mesaj ki kont lalwa, ki ale kont valè repibliken yo, ki ap chache twonpe moun k ap pratike yo, ki ap chache fè eskwokri…
  • Leta pa dwe trete okenn relijyon pi byen pase yon lòt. Pa genyen okenn relijyon ki genyen preseyans sou lòt. Nan sans sa, Leta pa ta dwe akòde okenn privilèj bay okenn gwoup relijye an patikilye, si lòt yo pa ka benefisye menm avantaj sa yo (egzonerasyon dwàn, egzonerasyon fiscal, tè…). Sa pral mande tou pou Leta ta chita epi renegosye Konkòda (ki te amande 2 fwa sou peryòd Duvalier). Nan menm lojik sa, Leta dwe fikse nouvo règ pou selebrasyon maryaj pa egzanp epi rann maryaj sivil la obligatwa devan Leta, avan maryaj relijye yo. Okenn gwoup relijye pa ta dwe sèvi kòm ofisyan pou yon maryaj sivil.

Li tou: Les églises génèrent une pollution sonore extrême. Pourquoi personne ne s’en plaint en Haïti ?

  • Leta ta dwe reprann kontwòl sistèm edikatif la, sitou pou kesyon kalite enstriksyon k ap bay la. Dwe genyen yon pwogram inik ki tabli pou tout lekòl, kid li sòti anba yon gwoup relijye, kid li pou yon gwoup sivil. Se ta dwe fèt ansanm, nan chita pale ak tout aktè ki nan sistèm edikatif la. Pou ka kore mezi sa, Leta dwe entèdi ansèyman relijye anndan lekòl piblik yo tou. Lè nou di ansèyman relijye, nou vle di, entèdi ansèyman doktrin yo. Sèl sa ki genyen, se ta dwe kou ki fèt sou nati ak istwa relijyon yo. Nan menm kesyon repran kontwòl sistèm edikasyon an, Leta ta dwe asire l tou pou tout liv k ap sèvi yo anndan lekòl yo, li defini oubyen sipèvize definisyon kontni yo. Konsa, Leta ta ka genyen yon je sou konesans y ap transmèt bay timoun ak jèn yo.
  • Leta ta dwe retire tout jou konje ki genyen karaktè relijye yo. Si Leta se yon leta layik, pa genyen okenn nesesite, ni rezon pou menm Leta sa ap deklare jou konje, nan kad yon fèt relijye. Sa pa vle di tou, Leta pa ka sibvansyon yon aktivite kiltirèl, nan yon jou byen espesifik.
  • Leta dwe kreye yon kad pou ankouraje enstitisyon relijye yo patisipe nan fòmasyon sivik sitwayen yo tou. Pa egzanp, li ka sipòte, sou plan finansye, aktivite sivik regwoupman relijye yo ka òganize, depi li pa gen karaktè relijye, depi li fèt nan règ. Leta ka lanse tou yon Dyalòg ofisyèl, chak ane, avèk reprezantan chak relijyon, nan lojik pou esplike plan li genyen pou devlopman sosyal, moral, entèlektyèl sitwayen yo. Chak gwoup relijye te ka montre, nan moman sa, kijan li ka kontribye, nan fè mesaj sa yo pase pi byen. Konsa, yo t ap kapab ede Leta plis nan fòmasyon gason ak fanm nan sosyete a.

Genyen lòt mezi ankò, ki kapab sèvi pou chanje tip relasyon ant Leta ak Relijyon, ant sitwayen yo ak enstitisyon relijye. Pou ta genyen yon plan ki konplè, fòk ta genyen refleksyon ki fèt nan wo nivo, pou kreye sinèji ant travay chak aktè enstitisyonèl sa yo. Lide a, se kreye yon espas, kote chak aktè sa yo, ka devlope, akonpli misyon yo, san youn pa jennen lòt, san youn pa gen enpak negatif sou lòt, sou sosyete a. Sa t ap pèmèt nou ranfòse Leta. Sa t ap garanti bon jan libète konsyans ak kwayans, nan respè youn pou lòt. Sa t ap ede sitwayen yo epanouyi yo sou plan espirityèl tou.

Commentaires

Ralph Valery Valière
Économiste, Ralph Valéry VALIÈRE travaille sur les thèmes liés à la promotion économique, la concurrence et d'autres formes d’analyses microéconomiques (comportement, marché…). Amant fou d’Haïti, il recherche les solutions plutôt que de s’attarder sur les problèmes.

Comments

Comments are closed.