Le Blog

OPINYON: Kraze brize yo nan enterè Jovenel Moïse

0

Nan ti pawòl ki pra l pale la a nou pap jwenn okenn tantativ pou fè yon analiz diskou konferans pou laprès Jovenel Moise bay madi 15 oktòb la nan jaden palè nasyonal la. Pa gen nesesite pou sa paske gen moun ki fè sa deja e gen yon pakèt bouyon rechofe nan sa l di yo, si n ta pran  konpare l ak tout kominike li yo nan kriz la

Men, menm si se pa sa ki enterese nou nan tèks sa a, nou dwe admèt gen kèk bagay ki nouvo globalman nan konferans prezidan an. Nou ka note omwens 2.

Toudabò, olye yon kominike pou nasyon an nou jwenn yon konferans pou laprès. Sa ki sanble ak yon repons a lide prezidan ta nan mawon, pèp la ap chache l toupatou. Li moutre li nan palè a e nan jaden an pandan anviwon 60 minit.

Malgre prezidan an, pou premye fwa depi kriz la eklate, pote tèt li vini devan laprès, pa gen okenn medya oubyen jounalis ki rive mete prezidan an mal alèz.

Dezyèm nan, malgre prezidan an, pou premye fwa depi kriz la eklate, pote tèt li vini devan laprès, pa gen okenn medya oubyen jounalis ki rive mete prezidan an mal alèz. Malgre tout yon dividal dosye koripsyon, malvèsasyon prezidan toujou ap kouri pou yo tankou : Petwo Karibe, Dèmalòg, masak Lasalin ak koze fo papye enjenyè li a, pou n site sa yo sèlman. Nan yon anbyans politik konsa, yon fas kare Jovenel Moise ak laprès pase byen e nou ka menm di prezidan an byen pase.

Sa m sot di la yo plis parèt  segondè nan evenman madi 15 oktòb la. Nou sitou vle mete fokis la sou yon reyalite ki li menm se yon konstans nan tout kominikasyon pouvwa anplas la nan gwo kriz sosyal ak politik n ap viv jodi a.

Jovenel Moise pale chak fwa kriz la pran yon pik

Nou ka remake chak fwa kriz la pran yon pik, Jovenel Moise pran inisyativ pale ak nasyon an. Apre chak diskou, tout moun ap mande poukisa l te pale. Tout moun ap di li pa di anyen. Epi gen yon desepsyon akoz li pa demisyone malgre presyon popilè yo.

Tout deklarasyon sa yo gen yon grenn bagay an komen : yo toujou plen pwovokasyon

Poutan, tout deklarasyon sa yo gen yon grenn bagay an komen : yo toujou plen pwovokasyon : tizonnay kont lidè opozisyon yo ak kèk ansyen kolaboratè li nan sektè prive a epi mepri pou mouvman kontestasyon yo ak vyolasyon dwa moun ki sistematik ladan yo. Pou nou menm, se pa yon bagay konsa konsa.

Poukisa prezidan toujou chwazi mete luil sou dife ?

Chak fwa li fè sa, kòlè nan lari a ogmante, moun mouri, biznis fèmen, biznis boule, mobilizasyon kase. Apre sa, timidman lavi reprann pou l al bloke kèk mwa oubyen kèk semèn pi devan. Se konsa lavi nou ap dewoule depi pase 15 mwa. Se konsa ekonomi peyi a ap trangle, antrepriz yo ap fèmen, lekòl pa ka louvri ensekirite ak grangou ap jennen pèp la, peyi a ap toufe, kidonk kòlè yo ap pran grad.

Li tou: Comment prêcher la civilisation à des gens n’ayant récolté que de la barbarie?

Pou n konprann pi vit ki kote m vle rive, jis raple n defile Anel Joseph te fè apre gwo mobilizasyon 7 fevriye yo epi itilizasyon prezidan te fè de li nan yon diskou pou moutre entènasyonal la mobilizasyon yo pa lejitim paske se bandi ak zam epi dilè dwòg ki nan lari a.

Kèk mwa apre, komisyon sekirite sena repiblik la ta pral dekouvri bandi kidnapè a se pwòch yon senatè PHTK, pwòch palè nasyonal e Jovenel Moise pèsonèlman ta konn pale ak li nan telefòn, selon prezidan komisyon anti koripsyon ki nan sena repiblik la.

Volonte pou delejitime opozisyon an

Menm jan yon gwo franj nan sosyete a ap delejitime opozisyon an pou moutre yo pa altènativ ak PHTK, se menm jan an ni pouvwa a ni entènasyonal la ap fè li ; men yo chak pou rezon pa yo.

Kisa rezon sa yo ye ? Ki konsekans pozisyon sa yo ap genyen sou youn nan antant ki egziste nan mitan prèske tout aktè lokal yo ki dakò fòk Jovenel Moise demisyone?

Lè n konsidere tout aktè yo deklare an piblik, fòk se ayisyen ki rezoud pwoblèm yo, sa ta vle di tou fòk nou jwenn yon fòmil pou n pale. Sinon nou pa pare pou n rezoud pwoblèm yo ant Ayisyen.

Sa ta vle di swa revandikasyon pou prezidan demisyone a p ap satisfè, swa a se blan ki repwodui 2004.

Men nou poko la, nou pito nan yon degradasyon sosyal, ekonomik, politik ak anviwònmantal ki grav epi ki pap tann nou deside sou sa n vle fè a. Anplis nou toujou gen nan tèt peyi a yon sitwayen ki pa gen okenn pwoblèm pou peyi a efondre toutotou li, depi chèz li ret anba dèyè l. Li moutre li pa gen okenn pwoblèm pou kriz la pran fòm afwontman ame, pou sitwayen yo tonbe touye youn lòt.

Kòman n ap kapab rezoud ansanm pwoblèm sa yo ? Konbyen tan n ap fè nan anbyans sosyal ak politik sa a, ki kapab debouche sou nenpòt dezagreman, nenpòt ki lè ?

Fòk nou pridan

Nou envite sosyete a fè anpil pridans epi fè prèv entèlijans. De jou avan Jovenel Moise bay konferans pou laprès li a, youn nan gwo konseye politik li yo di sou yon estasyon radyo, se zam pou moun k ap mande demisyon yo pran paske prezidan pap fè yon pa. Si n gade kantite sektè ak kantite moun k ap mande demisyon sa a, nou ta dwe konprann tousuit kisa sa vle di.

Pwovokasyon yo gen  objektif yo;  se egize kòlè  pèp la, pouse li nan ekstrèm, pou ka nwaye revandikasyon yo nan yon vyolans avèg epi jistifye represyon ak politik lasoudorèy la.

Kidonk pwovokasyon yo gen  objektif yo;  se egize kòlè  pèp la, pouse li nan ekstrèm, pou ka nwaye revandikasyon yo nan yon vyolans avèg epi jistifye represyon ak politik lasoudorèy la.

Yon sitiyasyon konsa ka presipite nou nan yon kawo, ki deja kòmanse enstale, kote se ak zam pwoblèm yo rezoud epi se militè etranje ki vin mete lapè. Lè sa a pap gen okenn koze koripsyon/enpinite ni chanje sistèm sou tapi a, men se koze lapè, èd imanitè eleksyon ki pra l regle.

Yon rejim ki pa bezwen lejitimite sosyete a

Tablo nou sot dekri la a ta dwe fè tout moun oubyen gwoup moun ki enplike nan batay sa a konprann nou gen anfas nou yon rejim ki pa bezwen lejitimite sosyete a ni sa l panse pou l dirije : pa gen pi bon definisyon pase sa pou DIKTATI.

Gen yon jefò anplis yo dwe fè. Jefò sa dwe fèt nan tout nivo, kit nan refleksyon, imajinasyon, angajman ak envestisman/depasman tèt nou. Paske nou pa sèlman gen anfas nou yon rejim politik bout di k ap chache kenbe yon pouvwa pou reyalize yon pwojè sosyete nou pa wè tèt nou ladann ; kote metòd klasik batay pèp ak angajman sitwayen ka ede n jwenn soti a.

Li tou: Que doit faire celui qui veut réellement changer le système en Haïti ?

Nou gen anfas nou yon asosiyasyon malfektè ki regwoupe yon kolonn bandi ki kidnape yon Leta nan karayib la pou regle biznis yo. Gwoup mafya sa jwenn sipò yon franj nan entènasyonal la sou pretèks y ap sipòte demokrasi.

Nan sitiyasyon sa a se chak jou pi plis l ap pi klè pou tout fòs viv nasyon an gen yon opsyon ki pa ka moute sou tab la ankò. Opsyon negosye ak Jovenel/PHTK a ; puiske rejim nan tounen zouti pou asire timounizasyon, piyaj ak demantilay peyi a pou enterè pèsonèl yo ak enterè etranje.

Se pa moun k ap goumen kont rejim nan ki wè sa sèlman, rejim nan konprann sa tou. E sa di yo ki konpòtman yo dwe genyen pou rete egal a yo menm ; sa vle di sèl jan pou yo genyen, fòk tout moun pèdi. Donk fòk kriz la mennen nou nan kawo. Kòm nou toujou tande moun isit ap di pa gen okenn sakrifis ki twòp pou peyi a, enben nou rive nan moman pou n fè sakrifis ki nesesè pou dechouke rejim sa a epi mete baz pou n konstui Leta sèvitè a.

James Beltis

Commentaires

« La justice n’existe pas en Haïti ces jours-ci »

Previous article

OPINION: On ne peut changer de «système» sans modifier le parlement, l’église et la justice

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost