SOCIÉTÉ

Modèl jaden sa a pèmèt peyizan rekòlte pandan tout ane a

0

Rechofman klimatik la frape plantasyon peyizan ayisyen yo anpil. Gen anpil fenomèn ki kòmanse parèt tankou gwo sechrès ki genyen depi yon lane nan rejyon Sid la. Nan kontèks sa a, se sèl jaden agwoforestye yo ki rive reziste

Depi ou rive nan lakou Mesner Gourdet nan zòn Cherèt, setyèm seksyon Senlwi nan depatman Sid, ou wè tout kalite pyebwa. Mango, manyòk, lam veritab, malanga, papay, kafe ak yon bann kalite pyebwa ki ka bay lonbraj tankou bwa blanch, monben ak sèd. Pi lwen nou jwenn yon pè lapen, de kochon ak yon kabrit nan yon pak Mesner prepare pou gade zannimo. « Modèl agrikilti sa a rele agro-silvo-pastoral. Sa vle di, sou menm teren an nou pwodui manje, plante pyebwa ki bay frechè  ak lòt sèvis epi nou gade bèt. Gen menm yon pati kote nou plante zèb pou bèt nou gade yo ka manje », daprè Mesner ki se pwopriyetè 2 santyèm tè.

Sou menm teren an nou pwodui manje, plante pyebwa ki bay frechè  ak lòt sèvis epi nou gade bèt.

Jaden Mesner a se sa yo rele nan agrikilti jaden agwoforestye. Li ap itilize metòd sa a depi 2 zan aprè li te fin suiv yon fòmasyon nan yon òganizasyon peyizan. Li di li jwenn anpil satisfaksyon ak modèl sa a. « Pi gwo satisfaksyon mwen nan modèl jaden sa a, se paske mwen rekòlte manje pandan tout ane a. An menm tan mwen rive konsève lòt kalte pyebwa yo pou ban m bon jan lonbraj [epi satisfè] lòt bezwen », selon sa a Mesner rakonte nou devan yon gwoup peyizan.

« Pi gwo satisfaksyon mwen nan modèl jaden sa a, se paske mwen rekòlte manje pandan tout ane a. »

Menm jan ak Mesner, anpil lòt peyizan pratike modèl agrikilti jaden agwoforestye a. Nan zòn Manich ak Senlwi, agwoforestye se yon altènativ pou anpil nan yo fè fas ak fenomèn chanjman klimatik la.

Lè lapli vini, gout yo tonbe sou fèy gwo pyebwa. Sa anpeche yo tonbe dirèkteman sou tèren an epi pote krèm tè a ale. Depi ane 2018 la, gen yon gwo fenomèn sechrès ki frape zòn Sid la tankou Manich, Senlwi ak Aken. Sa a ki anpeche peyizan yo pousuiv agrikilti tradisyonèl yo konn abitye fè. Pi fò plantasyon tankou mayi, pwa, bannann ak pitimi fin seche sou pye. Yon gwo pèt pou peyizan yo ki lage 2 bwa balanse san èd Leta.

Kisa jaden agwoforestye a ye ?

« Agwoforestye se yon sistèm lagrikilti dirab ki ka fèt tout kote, men ki plis rekòmande pou fèt nan zòn ki gen tè ki panche, tè ki gen gwo pant paske se zòn sa yo ki pi menase anba ewozyon», se sa a nou li nan yon dokiman Institution de Technologie et d’Animation (ITECA) prepare sou modèl jaden agwoforestye a. Jaden sa yo pèmèt moun yo pran yon souf lè moman sechrès yo rive.

Men agwoforestye a mande pou respekte kèk prensip. Dabò, fòk yon pwofesyonèl nan agrikilti mezire tè a. Epi li enpòtan pou konnen ki kalite kilti ki ka fèt nan zòn nan epi ki plant ki ka asosye ansanm. « Tankou, nou pa ka mete zoranj ak sitwon menm kote. Yo ka sou yon menm moso tè men yo pa dwe twò kole paske se 2 plant ki nan menm fanmi, yo mande menm eleman nitritif epi yo gen menm kalte bezwen pou tè a. Mete sou sa, se de plant ki ouvè kò yo. Ou ka mete kafe kote sitwon paske kafe a bezwen lonbraj, e sitwon an ka ba li l », selon agwonòm Joseph Andrenor André.

Agwonòm nan kontinye pou l di, li nesesè pou nou pran bon jan prekosyon lè n ap monte jaden an, epi lè li fin tabli, fòk gen swivi ki fèt tankou awozaj, saklaj ak metòd pou  pwoteje jaden an kont ti bèt nwizib.

Ki kalite pyebwa ou ka mete nan yon jaden agwoforestye ?

« Nan pwosesis pou nou rive mete kanpe yon jaden agwoforestye, nou dwe mete plant ki gen kapasite pou viv nan tè pou pi piti yon lane epi tou rasin plant sa yo ka rive kenbe tè a estab pou ewozyon pa lave tè a pote ale », daprè gid sou jaden agwoforestye ITECA prepare a. Pyebwa k ap sou tè a dwe garanti pwopriyetè a yon pakèt avantaj.

Li dwe rantab pou li, yon fason pou l ka vann danre li pwodui yo. « Pyebwa yo ogmante rezèv dlo ki anba tè a (nap freyatik), lè fèy bwa yo tonbe sou tè a, yo dekonpoze pou bay fimye pou angrese tè a. Pyebwa yo pwoteje jaden yo, ak zannimo yo lè gen chanjman nan klima a tankou gwo chalè, anpil fredi, gwo van tanpèt, inodasyon ak sechrès », toujou daprè gid ITECA a. Pou kèk pyebwa ki konseye pou plante nan yon jaden agwoforestye se bannann, sitwon, papay, mango, lam, labapen, chadèk, kokoye ak anpil lòt ankò.

Otè Laura Louis


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments