POLITIQUESOCIÉTÉ

Konprann poukisa Jovenel Moïse atake kou siperyè dèkont  

0

Prezidan an afebli youn nan dènye enstitisyon ki gen kapasite siveye gouvènman an ak aksyon li yo

Vandredi 6 Novanm, Gouvènman Ayisyen an pibliye yon nouvo dekrè nan Le Moniteur kote li enpoze yon seri limit sou pouvwa Kou Siperyè dè Kont ak Kontansye Administratif (CSCCA). Prezidan an ak minis li yo siyen dekrè a jou ki te 9 septanm men yo pibliye l prèske 2 mwa aprè sa.

CSCCA ki se youn nan sèl enstitisyon endepandan nan gouvènman an, gen responsabilite pou revize kontra gouvènman Ayisyen an epi fè odit. Kou a te kreye an 1823. Menm lè te toujou genyen chanjman ki fèt nan fonksyònman l ak tit li, sèl lè yo te janm elimine kou a se te pandan okipasyon 19 lane Amerikèn la an Ayiti. Apre sa, CSCCA te retabli epi sele nan konstitisyon 1987 la.

Depi lè manda palmantè yo fin ekspire an Janvye 2020, Prezidan Moïse kontinye gouvène pa dekrè, yon fòmalite ki pa rekonèt nan Konstitisyon peyi a. Konsa tou li kontinye etann pouvwa egzekitif li : li refòme kòd penal la epi li nome yon nouvo konsèy elektoral pwovizwa ki gen manda pou kòmanse refòm konstitisyonèl epi kounya li afebli youn nan dènye enstitisyon ki gen kapasite siveye gouvènman an ak aksyon li yo. Dènye dekre sa vini aprè kèk lane batay ant CSCCA ak Prezidans lan.

An 2018, manifestan antikorispyon kòmanse mande pou envestigasyon fèt sou Jovenel Moïse ak chèf ki te la avan li yo nan koze maljerans lajan Petrocaribe a. Anba presyon manifestasyon, Moïse te di l ap sipòte yon envestigasyon Petrocaribe. Depi lè a, CSCCA prezante 3 rapò sou dosye Petrocaribe a kote yo jwenn yon dividal iregilarite epi tandans fwod nan jan yo jere lajan sa ki te soti nan pwogram Venezyelyen an e ki dirèkteman enplike Prezidan an ak konpayi li t ap jere avan eleksyon yo. Ane dènyè gen manb kou a ki te oblije kite peyi a akòz menas yo te resevwa. Jiska prezan poko gen oken pwosè jidisyè ki fèt pou trennen moun ki komèt krim koripsyon sa yo devan lajistis.  Prezidan an voye jete tout akizasyon CSCCA yo.

Li tou: Quelles sont les instances de contrôle de la corruption en Haïti ?

Fòn note ke konfli sa ale pi lwen ke dosye ak envestigasyon Petrocaribe an. An jen, kou a te gen dout sou yon kontra ki te dwe bay prezidans lan elikoptè, kontra sa te egzekite pa yon zanmi pouvwa a. Nan menm mwa sa a, prezidans lan akize CSCCA dèske li bloke fon ki pou te asiste ak repons COVID lan lè li te idantifye iregilarite nan yon kantite kontra ki pou te bay ministè lasante mas nan kad ijans nasyonal. Kontra sa yo ki vo prèske 10 milyon dola ameriken rive pase malgre dout kou a te genyen sou yo. Genyen nan kontra sa yo ki te gen konpayi ki pat gen okenn eksperyans nan sektè yo tap egzekite yo, youn nan konpayi sa yo se madanm youn nan minis ki nan leta a kounya ki posede l. Ijans sanitè sa te “sevi antanke pretèks… pou akselere machin koripsyon an” daprè Sant pou Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (CARDH). Òganizasyon an jwenn ke 34 milyon dola nan fon dijans COVID la pat janm pase anba je CSCCA.

Nan mwa dawout, kou a bloke yon kontra gouvènman an ki te vo 57 milyon dola ki pat gen okenn apèl dòf avèk yon konpayi ameriken ki rele General Electric. Kou a te mande pou gouvènman an fè koreksyon nan kontra a. Prezidan te souliye kontra sa te enpotan nan pwomès li te fè pou li rann kouran aksesib a travè tout peyi a. Daprè kou a, youn nan rezon ki fè te gen delè nan apwouve kontra GE la sete prezans soutretan ki pat nome ki t ap resevwa lajan nan yon pòsyon nan sòm total la.

6 septanm, Moïse te genyen yon “dyalòg kominotè” nan Palè Nasyonal la, kote li deklare li t ap nesesè pou li “refòme” CSCCA. Minis travo piblik Joacéus Nader ale menm pou li di kou a t ap bloke pwogrè peyi a kote li rele jij CSCCA yo “inyoran” epi “enkonpetan”.

Nan yon repons a Prezidan Moïse, kou a ekri yon deklarasyon 5 paj kote li pale de yon seri de tentativ entimidasyon ak menas sou manb li yo. Nan menm deklarasyon sa a, kou a bay rezon ki fè li pat ka apwouve kontra yo. Ofinal, reprezantan CSCCA mande “kòman fè kou a responsab pou envalidite kontra sa? Kote aksyon blokaj yo? Kiyès kap bloke kiyès oubyen kiyès kap bloke kisa?”

Premye Minis Joseph Jouthe te esye apeze tansyon yo. Li eskizel pou sa Nader te di kèk jou aprè Minis travo piblik lan te fè deklarasyon li yo. Li di Le Nouvelliste ke menm si li te posib pou yo senplifye pwosesis revizyon kontra yo, anyen patap chanje san patisipasyon kou an. Kounya nou konen ke lè Jouthe te fè ekskiz sa a, gouvènman an te deja ekri epi siyen dekrè ki tap limite pouvwa CSCCA – men li patko rann li piblik.

2 semèn aprè Jouthe te pale piblikman sou koze sa, Nader parèt nan biwo CSCCA nan Petyonvil. Li deklare li menm ak gwoup moun ki te avèl yo te senpleman vin tcheke sou avansman kontra General Electric la. Prezidan CSCCA te gen yon lòt entèpretasyon de vizit sa; Rogavil Boisguéné di Miami Herald: “Lè ou rantre nan yon enstitisyon avèk yon gwoup moun ki plen zam, figi yo maske epi yo abiye tou de nwa. Lè yo pa menm ka idantifye si yo se lapolis epi yo rantre nan yon perimèt ki trè sansib kote menm de seri de jij paka rive, sa se yon tantativ entimidasyon.” “Se te yon menas epi tantativ pou anpeche kou a fè travay li.”

Li tou: Que font les Auditeurs de la Cour Supérieure des Comptes?

Akòz dènye chanjman ki fèt pa dekrè yo, prezidans ayisyèn lan p ap genyen pou li tann apwobasyon kou an pou li avanse avèk kontra gouvènman yo. Nan dekrè a, administrasyon Moïse lan di konsa refòm la jistifye poutèt genyen yon lantè nan pwosesis siyen kontra yo”, li di konsa ke sa “frennen devlopman sosyo-ekonomik peyi a”.

Youn nan chanjman enpòtan yo se ke kounya dekrè a di konsa ke opinyon kou a sou kontra yo son w opinion konsiltatif, met sou sa kounya yo sèlman genyen 3 a 5 jou pou yo bay yon opinyon avan gouvènman an ka avanse ak kontra a. An gwo, revizyon kou a chanje de ex-ante a ex-post; lap kontinye bay siveyans men sèlman aprè kontra yo fin egzekite.

12 Novanm ki sot pase a, Prezidan CSCCA a pibliye yon deklarasyon byen kout kote li pran nòt dekrè gouvènman an. Nan deklarasyon an, Boisguéné di kontwòl ex-ante ke kou a dwe fe soti nan yon “aplikasyon strik” de sa konstitisyon an di epi li raple ofisyèl yo konsa ke “responsabilite administrativ ak finansyè ki atache a fonksyon yo strikteman pèsonèl” e ke se “responsabilite yo” pou yo “asire ke… opinyon kou a respekte nan kad pwovizyon konstitisyonèl sa.”

Sistèm finans piblik peyi Dayiti a trè ankonbre. An 2016, Bank Mondyal note te gen anpil enstitisyon ki jwe menm wòl la nan apwouve kontra e CSCCA te an konfli poutèt li non sèlman apwouve kontra yo men li egzaminen depans kontra yo tou aprè yo fin egzekite. Komisyon Nasyonal Mache Piblik (CNMP) la gen menm responsabilite sa tou pou li apwouve kontra gouvènman. Bank lan di konsa: “Gen yon deba konsiderab an Ayiti epi ant donatè li yo sou pètinans ak itilite wòl ex-ante li a [Pou CSCCA]. Malgre sa li kontinye.” Nouvo dekrè a espesifye ke si CNMP apwouve yon kontra, gouvènman an ka avanse avèl menm si CSCCA anvi blokel sil jwen iregilarite ladanl.

Daprè plizyè aktivis, chanjman sa a nan wòl CSCCA a san yon jefò pou asire li kapab bay sipèvizyon sou kontra yo voye yon mesaj danjere. Kou ap ka kontinye fè rapò menm jan ak sa li fè sou Petrocaribe. Paske kou a pa genyen kapasite pou li fè yon suivi jidisyè sou tip de rapò sa yo, se pou sa kapasite pou l tranche sou yon kontra sèlman lè leta fin avanse avèl la, kapab afekte kapasite pou li limite kantite lajan ki gasipye nan depans leta.

Li anfen: Les décrets mettent l’ordre juridique en danger. Voilà comment résoudre ce problème.

Apre Prezidan an fin ranplase chèf enstitisyon anti-koripsyon ak enstittisyon blanchiman lajan an 2017, palman an ki p ap fonksyone epi yon sistèm jidisyè ki swa li pa kapab oubyen li pa vle pran pozisyon sou ka ki politikman sansib, CSCCA se youn nan dènye enstitisyon ki rete ki kapab di yon mo sou pouvwa prezidans lan. Nan yon peyi ki gen you abitid glorifye enpinite, chanjman sa yo ta sipoze atire atansyon plizye obsèvatè.

Ekonomis Etzer Emile fè yon tweet kote li di: “Depi 1986, nou pa janm gen yon chèf leta ki montre yon tèl anvi pou li netralize enstitisyon ki ka bal kontwòl”, apre sa li ajoute “nouvo dekrè sa ka ouvè pòt pou plis aksyon koripsyon nan yon peyi a kote enpinite se wa”. Li di: “Kapasite kontwòl sa kritik pou li garanti yon transparans gouvènmantal ak bòn gouvènans.”

Dimanch pase, yon gwoup opozisyon politik la soti yon deklarasyon kote yo denonse aksyon gouvènman an pran pou li “transfòme yon peyi ki deja pa gen eta de dwa.” Yo di Moïse kontinye inyore limit konstitisyonèl li yo e yo pran nòt tou ke minis ki kontinye siyen dekrè sa yo kapab jwenn repèkisyon legal lè yo kite pòs yo nan gouvènman.

Nan yon entèvyou ki fèt Lendi maten avèk Télé Métropole, Jovenèl Moïse te defyan. Nan yon pledwaye li kontinye di refòm sa te nesesè pou yo kapab goumen kont moun ki senpleman vle bloke pwogrè. Li di tou ke dekrè sa ap bay CSCCA plis fòs paske li fèl plis fokis sou wòl li antanke oditè. Se yon sètitid, sistèm pwokiman Ayiti a merite refòme men nan yon kòmante bay HRW, yon ansyen ofisyèl gouvènman peyi Dayiti ki mande rete anonim di konsa chanjman sa yo fèt “Pou gen yon wout ki ouvè konplètman pou yo ka apowouve kontra san okenn limitasyon bay zanmil oubyen kolaboratè li yo.”

Jake Johnston – Center For Economic And Policy Research

Tradiksyon kreyòl : Kira Paulemon

Commentaires

Pourquoi autant de « love » dans le compas ?

Previous article

La Justice n’est pas indépendante, malgré l’existence du CSPJ

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost