AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Inivèsite nan Pòtoprens tounen espas pou etidyan ak pwofesè «chase» fanm

0

Rantre nan inivèsite se tout yon dekouvèt pou anpil jèn. Men malerezman, inivèsite tou se kote anpil fanm pral fè pi move eksperyans yo parapò ak gason

Viola Eugène, ki nan FE (Faculté d’Ethnologie) nan UEH (Université d’État d’Haïti), rakonte : « Nan jou entegrasyon an, yo te òganize aktivite kiltirèl pou nouvo etidyan ak etidyant yo, lè a te gen yon match baskèt sou teren an. Epi, bridsoukou gen yon etidyan katriyèm ane ki te tonbe di m betiz. Li kareman rele m madivin, ti sina, paske m se te sèl fi ki te kanpe ap gade match la. » Apre sa fin pase, Viola Eugène revele te gen yon lòt etidyan ki te vin kote l, pou di l : « Se konsa mesye yo ye nan espas la ».

Li kareman rele m madivin, ti sina, paske m se te sèl fi ki te kanpe ap gade match la.

Sabie Paris te viv prèske menm bagay la tou. Premye jou li ta pral swiv kou nan FASCH (Faculté des Sciences Humaines), li te al jwe boul sou ti teren an avèk kèk lòt etidyan. Apre jwèt la, li te al chita sou ti mach antre batiman administrasyon an pami lòt etidyan ki te la yo tou. Epi l tande youn k ap rele l byen fò, ki di l : « Hey, vin jwenn mwen… mache sou mwen, vin jwenn mwen… kounye a, jan w abiye a se yon ti kretyèn ou ye ! » Sabie Paris pa t deside vini, li te replike di l pap deplase. Repons ki te tounen vin jwenn li an se te : « Ou pa bezwen okipe w, pa gen fanm ki rantre isit la nou pa donte… »

Sophie Jouthe te etidye travay sosyal. Li di l sonje lè l te nan ane preparatwa, premye ane FASCH. Yon jou maten l ap vin nan kou te gen yon etidyan ki te chita devan antre a ki te rele l. Misye di l konsa : « Maten an mwen leve, mwen anvi fè yon ti bèf pou yon fanm, genlè se ou. »

Li tou: Peut-on légalement porter plainte contre harcèlement sexuel en Haïti?

Apre sa, menm etidyan sa a rele yon lòt etidyant pou l di l menm bagay la. « Ti dam nan te mare, menm jan ak mwen paske m pa t konnen l, nou pa t zanmi, ni gen okenn lòt rapò, Sophie Jouthe kontinye di. E se lè sa a m konprann se asèlman, paske finalite a se te pou te choke m epi fè moun ri m.»

Sou menm koze ti bèf sa a, Tamas Jean Pierre, ansyèn etidyant FASCH, rakonte: « Mwen sonje premye jou mwen ap monte nan fakilte a, apre m fin bon nan konkou a, gen yon dinozò, sa vle di yon etidyan ki nan fakilte a lontan ki byen metrize rapò pouvwa yo, ki rele m byen fò nan mitan tout moun, li di m konsa, li ta renmen fè yon ti bèf pou mwen. »

Inivèsite prive yo pa epanye

Pratik manipile medam ki fèk vini yo tou nan inivèsite prive yo. Hélène Francillon, ki te nan Université Notre Dame, Faculté des Sciences politiques et sociales, fè konnen depi nan fèt entegrasyon yo, mesye yo ap bay manti, jwe sou nayivte medam yo pou fè bagay ak yo. Epi apre sa, itilize sa kont yo, swa pou fè yo chantaj pou yo dakò kontinye fè bagay ak yo pou pa al sal non yo, swa tou mache di sa nan tout fakilte a nan yon lojik twofe.

Hélène Francillon, avwe l te konn sibi zak tizonnay akoz fòm kò l, prensipalman akoz fòm ak gwosè bouda l. Pou etidyant nan fakilte prive sa a : « Pawòl yo te vin kite etap konpliman an, se te toujou : mwen anvi fè bagay avè w, mwen anvi wè kijan w ye lè w ap fè bagay, elatriye.»

Epi sitiyasyon an te vin dejenere pou etidyant sila a, lè l vin ap deklare l se feminis entèseksyonèl. « Yo di depi w se feminis ou se madivin. Yo te vin apwoche m, mande m kareman, pou m vin fè cho madivin pou yo. Menm pa yon madivin epi m pa t janm gen konpòtman an, ni deklare sa nan fakilte a », li eksplike ak kòlè nan vwa l.

Yo di depi w se feminis ou se madivin. Yo te vin apwoche m, mande m kareman, pou m vin fè cho madivin pou yo.

Malerezaman pou Hélène Francillon, move eksperyans li yo parapò ak lòt sèks la pa t ap kanpe la. Li rakonte ak anpil emosyon : « Nan kad yon sòti fakilte a te òganize, nan mwa me 2018, nan vil Okap, lè sa a m te prèske gen 23 lane, gen yon nèg (li pa fè pati inivèsite a, li te akonpanye nou nan sòti a) ki te vyole m. Li te deklare m apre aksyon an, mwen ap gen yon istwa pou m rakonte antanke feminis, di yo te vyole m. »

Yon anviwonnman ki fèt pou entimide

Premye kontak anpil fanm nan inivèsite kit prive kou piblik te difisil, paske anpil nan yo te pran espas sa yo menm jan ak lekòl klasik, kote se senpman aprann ou vin aprann la.

Se erè sa a, Sabie Paris, ansyèn etidyant nan travay sosyal nan FASCH te fè. Etidyant sa a ki te rantre nan lane 2009 di konsa : « M te rete kwè FASCH se te yon espas ki te toutafè akademik, paske m pa t gen ase ankraj pou m te konprann lòt dimansyon politik ki marande ak kote akademik lan. »

Pou Tamas Jean Pierre, ansyèn etidyant nan sosyoloji, se yon espas ki difisil ni pou fanm, ni pou gason. Men li pi difisil pou medam yo ki se deja yon gwoup ki oprime, akoz rapò pouvwa yo plis debalanse sou bò pa yo. Epitou, pou etidyant lan, FASCH pa gen yon anviwonnman ki mete w an konfyans antanke fi. Tamas Jean Pierre di l te gen enpresyon, lè l te nan ane preparatwa, mesye yo se nan lachas yo te vini.

FASCH pa gen yon anviwonnman ki mete w an konfyans antanke fi

Edikasyon medam yo oswa kote yo te lekòl, ka fè yo resevwa yon chòk nan premye entèraksyon yo ak moun ki frekante fakilte yo chwazi a.

Maria Shéba Baptiste, etidyant IERAH (Institut d’Études et de Recherches Africaines) ki nan UEH la tou, rantre nan lane 2014, li te aprann filozofi epi syans politik. Li te lekòl kay mè epi akoz edikasyon fanmi li ki te fè l fèmen sou li menm, tout bagay te nouvo pou li nan espas fakilte a. Chòk sa a tou, se paske etidyant yo pa t gen okenn enfòmasyon sou espas la epi ki moun yo ta pral gen pou yo frekante, pandan yon pakèt lane, prèske chak jou. Se te ka Sophie Jouthe, ki li menm tou te FASCH, li te etidye travay sosyal.

Tizonnay la mache ak manipilasyon tou

Mòd operatwa agresè yo, jan temwayaj yo montre sa, gen gwo resanblans. Depi nan pa pòt fakilte a, depi nan premye jou yo, medam yo kòmanse sibi : entimidasyon, blag seksis, oswa atak vèbal ki se tizonnay. Maria Shéba Baptiste al pi lwen li menm, li di konsa, asèlman an kòmanse depi nan prefak oswa mizanivo sèten gwoup etidyan ak etidyant òganize.

Agresè yo chwazi yon kote ki piblik, kote tout moun wè epi yo pale fò pou tout moun ki nan antouraj la ka tande. Pawòl yo repete menm tip chema panse ki degradan pou fanm yo. Kòm rezilta, etidyant lan ki fèk ap evolye nan espas inivèsitè a, jennen. Li pa konn ki pye pou l met devan pou l deplase oswa ki pawòl pou l di pou l sòti l nan sitiyasyon sa a. Paske tout moun ozalantou yo tonbe ri, viktim nan t ap pase pou ridikil si l ta fache, se yon blag, se jwe l t ap jwe. Epitou, menm jan Tamas Jean Pierre di l la : « Gason sa yo, piblikman, revandike dwa yon fanm gen sou kò l. »

Yon sitiyasyon jeneralize

Maria Shéba Baptiste pran tan l pou l eksplike kijan se yon sitiyasyon ki jeneralize: “Sa te kòmanse ak seri de diskou, tankou, yo di w konsa ou timoun toujou, ou pa emansipe, ou pa ko fè yon depasman, ou pa ko dekonstwi oswa ou zuzu. » Mòd diskou sa yo, etidyant IERAH sa a fè konnen se mesye yo majoritèman nan fakilte a ki t ap veyikile l. E se sou mòd diskou sa yo tou, yo panse yo ka rete yo di nenpòt ki fi, nenpòt ki bagay, paske w swadizan pa timoun ankò, ou pa lekòl, ou dwe emansipe.

Etidyant lan kontinye eksplike, mòd konsepsyon sa yo, etidyan ki te popilè oswa ki te gen enfliyans nan fakilte a te konn ap pwone yo. E se si w dakò ak yo, ou kapab santi w entegre sinon yo mete w sou kote epi ou vin sible, menm jan ak Sabie Paris.

Si w dakò ak yo, ou kapab santi w entegre sinon yo mete w sou kote.

Epoutan, mòd emanispasyon sa a y ap fose w genyen l swa pa tizonnay, swa pa manipilasyon. Maria Shéba Baptiste di manipilasyon, paske : « lè etidyan yo ap ankouraje etidyant yo nan liy liberasyon seksyèl la, nan di yo konsa ou ka fè bagay ak moun ou vle oswa gen plizyè menaj. Se pa nan sans tout fanm gen libète l, li gen dwa pou l fè sa l vle ak kò l. Men pito, mwen menm m la, fè bagay ak mwen. » Anplis de sa, etidyant lan fè konnen mòd konpòtman sa a yo vle w genyen an, li pa pou fanmi yo, ni bon menaj yo, ni pwòch yo.

Agresyon yo repete epi yo pran plizyè fòm

Souvan viktim yo pa pran premye zak entimidasyon oswa tizonnay agresè oswa asèlè yo pou serye. Yo konn souvan te swa pran sa pou yon blag, swa pase sou sa, pa fè pale anpil. Paske sa te fèt youn oswa de fwa, oswa paske se te nan ane preparatwa a, kou yo kòmanse entegre, rantre nan yon gwoup, gen yon menaj, tizonnay yo kanpe.

Se pa nan ka tout medam kote zak vyolans vèbal sa yo te rapousib, Sophie Jouthe eksplike : « Gen anpil medam ki te pwoteje nan espas la tou, sa pral depann de ki moun ki apresye w, ki rezo moun ou byen ansanm avè l, ki afinite w avèk yon seri moun, ki pèsonalite w tou. E mwen, m kapab di, mwen se te youn nan moun ki te pwoteje anpil nan espas la. Gen moun ki pa t ka rive sou mwen vin di m bagay pou choke m oswa blese m. »

Men nan ka pa anpil lòt medam, koze a te ale pi lwen toujou, agresè oswa asèlè yo te menm vin vyolan.

Ou ka li tou: « An kachèt », Roody Roodboy ap fè pwomosyon pou asèlman seksyèl !

Sabie Paris te fè tout kat lane etid li nan FASCH ap sibi tip asèlman vèbal ak karaktè seksyèl sa yo nan men etidyan parèy li.  Maria Shéba Baptiste, etidyant IERAH a devwale agresyon li t ap andire jou apre jou nan fakilte a : «Se te tout lajounen, a chak fwa w kontre yo, y ap di w : « Maria kilè w ap ban m bagay la, Maria fòk ou vin etidye lakay mwen wi, Maria kilè n ap fè bagay » ».

Viola Eugène eksplike gen yon etidyan FASCH ki te envite l sòti, men l te refize. Misye te tòde ponyèt li, pou fòse l aksepte. A chak fwa l te di non, misye te peze l oswa tòde l pi fò toujou. E lè etidyant lan t ap di l li fè l mal, fòk li sispann, li te deklare l si pou l lache ponyèt li, fòk Viola Eugène chanje lide pou l di l WI. Finalman, etidyant lan te blije rele, fè gwo bri pou alète moun ki ozalantou yo pou l te ka lage l.

Se pa sèlman etidyan, pwofesè ladan l tou

Nan FE, sou koze rapò fanm ak gason kote ki gen tizonnay oswa vyolans seksyèl Viola Eugène fè konnen : « Se sèlman apre de lane mwen vin dekouvri etidyan ak pwofesè yo pa gen gwo diferans, jis pwofesè yo pi pridan epi etidyan yo pi awogan. » Se sa k fè, li pa t santi l alèz pou l ale pote plent, piske etidyan ak pwofesè sou kesyon sila a se menm plim, menm plimay.

Hélène Francillon, rapòte tou nan mitan agresè l yo, gason nan fakilte a ki t ap tizonnen l yo, te gen 2 pwofesè ladan yo. Yo te konn envite l sòti, pwopoze l pou l vin lakay yo, elatriye. Gen youn nan pwofesè sa yo, etidyant la fè konnen l te oblije pa swiv kou a souvan, pou l ka redwi kontak li ak misye.

Otorite yo silans

E konsènan FASCH Sophie Jouthe kondane silans je fèmen otorite akademik yo aplike konsènan pwoblèm sa a. Pou li, responsab yo pa janm pote yon je sou sa. Pa gen okenn politik evalyasyon aprantisaj, pwogram etid yo, reyisit etidyan yo, okenn evalyasyon entèn sou klima etidyan yo ap aprann lan. Epitou, pou Jouthe mesye yo te byen konsyan de sa y ap fè, se te yon pratik, sou je tout pèsonèl administratif la.

Sabie Paris li menm pa t deside rete silans, li te ale chache èd, li eksplike : « Mwen te eseye pale sa ak tout moun ki te nan antouraj mwen epi m te eseye denonse zak sa yo nan de kou nan travay sosyal ki gen pou wè ak entèvansyon. Men pa gen moun ki te koute m, tout moun te rann mwen responsab. »

Li difisil pou etidyant yo denonse agresè yo

Nan anviwonnman fakilte a, oswa milye inivèsitè a, kit se prive oswa piblik, vitkim ak bouwo ap kwaze chak jou. Yo oblije pale, echanje, kominike ansanm, kolabore ansanm tou. Paske yo nan menm espas, yo ap swiv menm kou, yo preske gen menm tip aktivite, yo fòme yon kominote. Etidyan sa yo, nan kòmansman, pou nouvo etidyant lan se te enkoni yo te ye, men apre sa, viktim nan blije devlope rapò kòdyal ansanm ak yo.

Bouwo yo, se etidyan menm jan ak tout etidyan, yo ka ede w nan yon devwa, prete w yon liv, konseye w sou chwa kou yo. Akoz de sa, Sophie Jouthe fè konnen l te vin devlope rapò zanmitay ak etidyan sa a lè l te nan lane preparatwa ki te agrese l vèbalman an. Men blesi a toujou la, piske plizyè lane apre (aktyèlman se Mastè l ap fè lòtbò dlo), ansyen etidyant FASCH sa a toujou sonje men kisa entèl te di l oswa te fè l tèl jou ki te atenn mounite l.

Li tou: Le cancer du «droit de cuissage» dans l’administration publique haïtienne

Hélène Francillon deklare ak lapenn : « M p ap gen kè pou m denonse vyòl m te sibi an paske m te leve nan yon fanmi kretyèn epi ki konsèvatris anpil. Se t ap yon skandal paske paran m se notab nan sektè evanjelik la epi nan kote m rete a tou. Moun lakay mwen pa konnen yo te vyole m. »

Men Sabie Paris li menm, li deside fè konba sa a, chwal batay li. Li pran risk pou l site non agresè li yo, moun ki t ap tizonnen l yo. Etidyant lan fè yon ti lis ki pa konplè : « Julien ki te agrese m premye jou a sou lakou a, lè sa a l te etidyan, kounyea l pwofesè nan FASCH. Dieudonne ki te konn chita nan baz ti mach la, agrese m fizikman epi vèbalman nan lari. Te gen Anndi ki te eseye apre kat tantativ bloke pasaj mwen ak pye l nan yon kou anglè pwofesè Hector (1nè pou 4trè). Te gen Revòlte, Orlando, Makenton ki te fè tantativ joure m ak entimide m an plizyè fwa.» Akoz de sa, etidyant sila a di konsa li resevwa anpil menas, gen moun ki di y ap bat li si l te anfas yo, epi yo mache nan bwat mesaj moun yo panse ki fanmi l ak zanmi l pou yo pran enfòmasyon sou li.

Konsekans zak tizonnay oswa vyolans seksyèl sa yo

Souvan, li vin difisil pou etidyant sa yo ki te viktim zak tizonnay yo pou yo fè yon etidyan konfyans ankò nan fakilte a, oswa menm zanmi ak yo.

Viola Eugène rakonte li te mare zanmitay ak yon ekip etidyan parèy li ki te trayi l nan sans sa a. Anvan premye sesyon an te fini, etidyan ki te plis parèt zanmi l lan te joure l. Etidyant lan rapòte : « Misye te di m konsa, m ap pran pòz mwen epi m ap sere bòbòt mwen, pou nèg ka fè chen nan pye m. » Li te fache sou etidyant lan paske li pa t janm zanmi l vre, mesye yo te nan konkou pou yo te deside kiyès nan yo k ap kouche l avan.

Li tou: « An kachèt » ou pa, NON se NON

Maria Shéba Baptiste li menm te vin gen gwo pwoblèm ak paran l ki se Temwen Jewova. Yo te mete l deyò lakay li, li te san okenn resous, paske li menm ak moun lakay li te dozado akoz lojik emansipasyon sa a. Wi ou dwe grandi, ou dwe evolye, men pou etidyant lan, se pa yon moun ki dwe ensite w fè sa, men se lavi a ki pou pouse w grandi. Konsènan twomatis sa kite lakay li, etidyant lan rapòte : « Enpak li te gen sou mwen, se konfyans mwen te vin pa gen nan lòt moun, m vin siseptib, m vin pa ka fè gason konfyans. »

Tout moun pa gen menm kapasite pou yo jere yon sitiyasyon kote ki gen tizonnay oswa vyolans seksyèl ladan l.

Sophie Jouthe li menm, apre move eksperyans li yo, li pa t kite agresè l yo kraze l, kraze konfyans li gen nan tèt li. Malerezman Sabie Paris pa t gen tout fòs sa a akoz sitiyasyon familyal li ki te difisil, li fè konnen : « M te toujou ap kilpabilize m nan chache kisa m fè ki koz yo ap nwi m konsa. Alafen, m te blije al aprann kèk teknik defans nan men premye Sensei mwen Bismarck nan lane 2012, pou m ka pare pou agresyon fizik yo. »

***Viola Eugène, Sophie Jouthe epi Hélène Francillon se non prete yo ye pou pwoteje yo paske yo toujou ap evolye oswa gen rapò avèk agresè yo oswa yo pa vle gen problèm ak fanmi yo.

Note de l’éditeur: La personne dénommée Julien dans cet article a souhaité s’identifier et commenter les allégations de Sabie Paris. Nous lui avons offert d’intégrer son nom, comme il l’a souhaité, et ses précisions sur les événements relatés publiquement par Sabie Paris au sein du texte. En plus, nous avons aussi expliqué que l’article sera publié à nouveau sur les réseaux sociaux avec la mention de ses précisions. Julien a refusé. À Ayibopost, nous faisons l’effort de prendre contact avec les personnes identifiées dans nos articles avant publication. De plus, nous accordons également un droit de réponse quand une personne citée nommément dans nos articles souhaite réagir.

Hervia Dorsinville

Commentaires

Hervia Dorsinville
Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. À Ayibopost, elle écrit sur les sujets de société, la culture et la technologie. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    Ces Haïtiens qui multiplient les entreprises à Porto Rico

    Previous article

    La pêche aux anguilles rapporte de l’argent, mais tue des jeunes à Jérémie

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost