AYIBOFANMEN UNESOCIÉTÉ

« Bouzen », plis ke yon jouman

0

Nan peyi nou, manke ekite ak jistis… menm nan jouman. Jodi a, n ap fè yon ti rale sou yon manman mo anpil nan nou konn itilize lè n ap pale ak fanm e pafwa ak gason : « Bouzen ». N ap eseye rete plis posib nan yon refleksyon k ap fèt andeyò jijman moral – sitou relijye.

Bouzen se yon konsèp ki pa fasil pou defini, tankou anpil mo nan lang kreyòl, paske li ka kouvri yon kantite definisyon, sa pral depann nan ki kontèks e ak ki moun y ap pale lè yo itilize l. Premye definisyon anpil moun dakò sou li[1], sèke yon bouzen se « yon fanm ki gen anpil nèg epi ki fè bagay ak tout ». Dezyèm definisyon plis moun dakò sou li sèke « yon bouzen se yon fanm k ap kouche ak lòt nèg alòske l marye, plase ou gen mennaj ». E definisyon ki vini an twazyèm nan sèke yon bouzen se « yon fanm k ap fè komès lachè, li gen relasyon seksyèl ak gason ou fanm e an echanj yo peye l ». Sa yo rele pwostitiye an franse.

Lè n itilize mo “bouzen” an, li ka yon jouman (Bouzen tankou w sa pou m fè avè w ?), li ka yon konsta (Ti fanm sa a tèlman bouzen li paka rete ak okenn nèg non !), li ka yon mak afeksyon nan fason pa l (E pa bouzen m ou ye cheri ?), konsa tou li ka yon estil vi yon fanm asime. Lè yon gason di li prale nan bouzen, epi yon fanm di « Mwen se yon bouzen eklere», menm mo sa a pa gen menm sans. Men menm lè gen fanm ki asime yo bouzen, li rete yon jouman fi pa renmen aksepte. Poukisa? Pa sèlman paske l se yon jouman, men paske konsèp bouzen an antre nan 5m50 lavi seksyèl yon fanm yo vle montre tankou yon fanm ki penbèch, ki tchelele, ki renmen sa. Yon fanm ki renmen fè bagay e ki pa bay tèt li okenn fren sou kantite patnè l ap chwazi pou fè sa.

Menm konsèp “bouzen” an konn itilize pou gason tou, men nan ka pa gason, li plis vle di “yon gason yo koupe kòd lonbrit li ak fanm, ki pa vle wè yon jip pase pou l pa al chèchè konn sa k anba l”. Nan ka gason, mo bouzen an plis yon konsta ke yon jouman, yon lòt fason pou yo di nèg sa a se yon kòk, yon Casanova. Sa ki mennen nou mande èske konsèp bouzen an lè l pa itilize nan ka fanm ki fè komès ak kò yo pa yon jouman machis.

Nan yon atik refleksyon nou te ekri ane pase ki te gen kòm tit « Pouki kò fanm se pou tout moun, sof pou fanm », nou te fè yon rale sou fason sosyete patriyakal la rive itilize relijyon, politik ak maketing pou vann oswa fè presyon sikolojik sou fason fanm dwe itilize kò yo. Nou retounen nan menm chema panse sa a lè n ap konsidere jouman « bouzen » an.

Paske dapre de pi gwo definisyon yo bay konsèp la, li pa yon konpliman. Se yon mo kanpe la, yon mo fèmen janm, yon rapèl a lòd ki lonje dwèt sou fanm ki pran libète chwazi kantite patnè seksyèl y ap genyen e ak kiyès y ap gen relasyon seksyèl. Se tou yon refi pou rekonèt yon fanm gen dwa renmen gen relasyon seksyèl nan pwen pou l ap fè tout kalte chwa e eksplore tout kalte plezi ak moun li vle.

Epi, paske an Ayiti anpil moun konsidere sa yon fanm gen nan fant janm li tankou yon gòm, plis l ap itilize, plis l ap fini; mo “bouzen” an fè referans san di sa, ak devalorizasyon kò fanm nan paske twòp gason gentan konnen l.

Mo bouzen pa gen ekivalan lè y ap pale de gason e jan nou te di l, di yon gason li bouzen ak di yon fanm li bouzen pa gen menm sans menm si mo a gen menm siyifikasyon nan kontèks la. Nan ka gason ki renmen fè bagay e ki pa bay tèt yo limit fanm y ap pase, wa tande yo pale de kòk, ya di li se yon nèg ki cho. Mo ki ta ka ekivalan nan sans yo itilize pou gason se mo ki valorize konpòtman sa a san di sa.

Aksepte nenpòt moun gen dwa ekplore seksyalite l bazik pou yon bagay ki si natirèl. Kidonk konsèp “bouzen” an antre non sèlman nan yon kad denonsiyasyon ak presyon, men tou se yon zam dyalektik ki refize rekonèt dwa fanm genyen sou kò yo pou yo chwazi ak kiyès e konbyen moun y ap ekplore seksyalite yo.

Jowàn

[1] Dapre yon ti ankèt nou te Mennen sou Whatsapp.

Commentaires

Jowànn
J'écris parce que le monde est dégueulasse. Le jour où il ne le sera plus, je me mettrai au chant!

    Legba ouvre les portes d’Haïti à Wole Soyinka

    Previous article

    Phanord veut faire marcher tous les enfants handicapés d’Haïti

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost