EN UNEFREE WRITINGPOLITIQUE

AYITI PA NOU AN KA DIFERAN

0

Mwen kwè ke Ayiti pa nou an ka DIFERAN lèm gade bèl istwa nou genyen;
Li ka diferan lèm gade kòman zansèt nou yo te rive gen la viktwa sou esklavaj ;
Ayiti pa nou an ka diferan lèm gade tout bèl fò, bèl moniman istorik li genyen ;
Li ka diferan lèm gade Sitadèl la, Sodo, Lakou Souvnans, Palè 365 pòt, Basen Zim elatriye ;
Ayiti pa nou an ka diferan lèm gade tout bèl kilti ki makònen ak listwa nou ;
Li ka diferan lèm gade kokenn patrimwan kiltirèl li genyen ki soti nan Amerendyen, pase nan Ewopeyen pou rive nan Afriken ;
Ayiti pa nou an ka diferan lèm gade koken chenn gason ak fanm ki ladanl
Li ka diferan chak fwa map panse ak Kawonabo, Desalin, Tousen, Petyon, Kristòf, Antenò Fimen, Dany Laferyè ;
Ayiti pa nou an ka Diferan lè map panse ak Jak Roumen, Chalmay Peralt, Remon Kabèch, Moris Sixto, Languichat, Papa Pyè, elatriye;
Li ka diferan chak fwa map tande yon bon ti konpa, yon bon ti rasin, yon bon ti bolewo ;
Ayiti pa nou an ka diferan chak fwa map koute mizik Emelin Michel, Yòl Deroz, Tabou Konbo, Tropikana, Septan, Rodrig Milien, Frè Dejan, Ti Manno, Mizik Mizik elatriye ;
Ayiti pa nou an ka diferan lèm gade kokenn bèl plaj, bèl sab, ak bèl solèy ki klere tèt nou tout lajounen ;
Li ka diferan lèm gade yon bèl griyo ak banann kap fri ;
Ayiti pa nou an ka diferan lè m ap manje yon bon kasav a manba yon sòs konfiti kap koule sou li ;
Li ka diferan lè m ap manje yon bèl mayi ak zaboka, yon chanmchanm, yon labapen ;
Ayiti pa nou an ka diferan lè m ap manje yon bon tchaka, yon bon bouyon tèt kabrit ;
Li ka diferan lèm gade yon tonmtonm, yon akasan, yon tablèt pistach;
Ayiti pa nou an ka diferan lèm leve chak maten ak yon bon tas kafe;
Li ka diferan lèm gade bèl dans vodou, bèl animasyon fòlklò, bèl rara;
Ayiti pa nou an ka diferan lèm gade timoun kap jwe lago kache;
Li ka diferan lèm gade timoun kap tire kont anba la lin, kap kouri nan jaden ;

Men se ak anpil tristès mwen konstate ke Ayiti pa nou an pa DIFERAN ;
Li pa diferan lè Timoun pa ka manje ni pa ka al lekòl ;
Ayiti pa nou an pa Diferan lè prezidan nou an ap joure sou tout plas piblik ;
Li pa diferan lè konpatriyòt nou yo ap pran imiliyasyon Sendomeng ;
Ayiti pa nou an pa diferan lè konpatriyot nou yo kontinye ap pran kanntè pou bouske lavi miyò;
Li pa diferan lè eleksyon nan peyi nou toujou gen gagòt ;
Ayiti pa nou an pa diferan lè nap enpòte diri, farin, ze, pwa,poul,siman ;
Li pa diferan lè konpatriyòt nou ap mouri akoz doktè ki an grèv, oubyen anbilans ki pa fonksyone ;
Ayiti pa nou an pa diferan lè anpil nan frè nou ap viv nan malsite ;
Li pa diferan lè moun nan klas mwayèn nan pa ka jwen kredi pou achte yon bout kay ak yon vye machin ;
Ayiti pa nou an pa diferan lè nou pa gen pwoteksyon sosyal, asirans ak fon pansyon ;
Li pa diferan chak fwa pou nou travay fòk nou gen parenn ak marenn ;
Ayiti pa nou an pa diferan chak fwa nou fèmen je nou, « Pito nou Lèd nou La » ;
Li pa diferan chak fwa nou di « Zafè kabrit pa zafè mouton » ;
Ayiti pa nou an pa diferan chak fwa nou di « Peyi cho pa pou mwen » ;
Li pa diferan chak fwa nou di « Sa ki mouri zafè a yo » ;

Ayiti pa nou an ap DIFERAN lè tout bon vre nou mete tèt ansanm ;
Li ap diferan lè tout bon vre nou solidè ak ede sak pi mal yo ;
Ayiti pa nou an ap diferan lè tout bon vre nou fè konbit pou chanjman ;
Li ap diferan lè tout bon vre nou ede peyizan an plante yon lòt jan ;
Ayiti pa nou an ap diferan lè tout bon vre nou bay tout moun menm opòtinite ;
Li ap diferan lè tout bon vre youn respekte lòt ;
Ayiti pa nou an ap diferan lè n aprann pwoteje anviwonman nou ;
Li ap diferan lè n sispann jete fatra tout kote ak koupe pyebwa ;
Ayiti pa nou an ap diferan lè Site Solèy, Gran Ravin, La Fosèt, Raboto, La Salin, Jalouzi elatriye ap gen bon jan lekòl pou timoun yo, kote pou yo jwe, ak travay pou granmoun yo viv nan diyite ;
Li ap diferan lè madanm nou pap bezwen pati al akouche lotbò ;
Ayiti pa nou an ap diferan lè nap gen bon inivèsite poun voye pitit nou ;
Li ap diferan lè nou chak deside panse, aji, travay yon lòt jan ;
Ayiti pa nou an ap diferan jou nou sispann tout bon vre bouche nen nou poun bwè dlo santi !

 Valéry Fils-Aimé

About me: Passion & Commitment I hope we can learn from each other and share our experiences through this platform. Welcome and leave your comments.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *