POLITIQUE

Ayisyen aksepte enjerans etranje nan peyi a twòp

0

Nan premye semèn mwa Oktòb 2017 la, mwen tap gade nan prezantasyon nouvel sou Télé Métropole Diplomat Ameriken Kenneth Merten ki tap bay yon konferans pou jounalis nou yo nan Palman peyi a. Diplomat la se yon gwo chabrak gouvènman peyi l ki gen misyon pou voye je sou tout sa kap pase Ayiti nan zafè politik.

Nan travay sou misyon sa li te vin chache enfòmasyon sou ki jan sitiyasyon sekirite a chita nan peyi a lavèy depa « Minustha ». Dabò mwen sezi wè jan l alèz nan lang Kreyòl la, jan l gen yon vokabilè byen gani, li konn vire lang li pou l di sak nan lide l san l pa kage ni sou franse ni sou angle.

Li te tou pwofite fè anons pou l di Etazini ap kontinye bay Lapolis Nasyonal la jarèt pou l vin pi djanm, pi pwofesyonèl, pou l fè travay li kòm sa dwa pou pwoteje ak sèvi popilasyon an. Vwa jounalis yo pa t pase nan emisyon an, men, genlè te gen yon kesyon ki gen rapò ak lame gouvènman an ap eseye met kanpe a.

Diplomat la te reponn konsa : « Nou pa t pale de kesyon lame, sa se yon kesyon ayisyano-ayisyen…nou menm grenn priyorite nou se bay sipò ak Lapolis Ayisyen an ». Diplomat la te sanble yon ti jan deranje nan reponn kesyon sa a. Prezidan Sena a, Youri Latortue, ki te bò kote l, te fè yon ti fèmen-louvri je l pandan l t ap tande repons lan – n a imajine kisa k t ap pase nan tèt li jan nou vle.

Nan entèpretasyon pa m, mwen te santi m jennen e wont pase yon moun ki sot resevwa yon kalot marasa lè m tande nan lang manman m yon diplomat etranje ka p fè n leson pou n aprann konnen kisa ki se zafè « ayisyano-ayisyen » ke nou dwe diskite antrenou, san nou pa envite okenn blan vin bay dizon yo.

Ke nou vle l ou pa, M. Merten gen rezon ! Fò n sonje se pa lè nou finn ouvri baryè bay enjerans rantre chita nan salon n pou n pran pòz nasyonalis nou nan fè wont sèvi kolè lè blan ap fè n komantè dezoblijan!

Prèske tout diplomat Kominote Entènasyonal la pran tan yo pou analize sa k ap pase lakay nou, veye nou, eseye konprann mantalite nou. Lè w vle tounen yon bon chasè, fò w konn obsève jibye byen ! Detanzantan lè l sèvi enterè yo, lè lide yo di yo, yo kase moso met nan men n sou sa yo panse de nou nan atik, liv, konferans, entèvyou, elatrye. Se pa nou ki ka aprann yo sa ki rele enjerans…

Gen de moun nan peyi a ki kwè pa gen anyen ki ka fèt nan politik lakay nou si nou pa resevwa lòd nan men Ameriken. Yo toujou panse fòk nou konnen kisa Ameriken vle, ki sa l panse, kisa l swete, kisa l ta renmen.

An reyalite nou pa ka fèmen je n sou enfliyans ak fòs Ameriken sou peyi a. Se vre nou chita nan bab yo, men nou pa lakou dèyè kay yo. Nan denye trant rekòt kafe ki sot pase sou nou la, gen anpil aksyon politik nou fè ki pa t resevwa benediksyon gran vwazen a. Men nou fè yo kan menm. Nou dwe di mèsi a tout peyi k ap ede n, e nou dwe evite fè lènmi ak pèson menm jan tou nou pa dwe kite pèson met pye sou kou nou.

Fòk nou komanse kwè nan desizyon nou yo, fòk nou gen yon vizyon klè de sa nou vle pou tèt nou, san nou pa chache benediksyon pèson. Yon jounalis menm jan ak nenpòt lòt sitwayen pa dwe ap envite yon etranje fè injerans nan zafè n ! Pou n retounen mèt tèt nou, jwenn privilèj grandèt nou, chache tounen sou chimen endepandans nou, fòk nou panse an granmoun, fò n pale an granmoun, fòk nou aji an granmoun !

Patrick André

Je suis Patrick André, l’exemple vivant d’un paradoxe en pleine mutation. Je vis en dehors d’Haïti mais chaque nuit Haïti vit passionnément dans mes rêves. Je concilie souvent science et spiritualité, allie traditions et avant-gardisme, fusionne le terroir à sa diaspora, visionne un avenir prometteur sur les chiffons de notre histoire. Des études accomplies en biologie, psychologie et sciences de l’infirmerie, je flirte intellectuellement avec la politique, la sociologie et la philosophie mais réprouve les préjugés de l’élitisme intellectuel. Comme la chenille qui devient papillon, je m’applique à me métamorphoser en bloggeur, journaliste freelance et écrivain à temps partiel pour voleter sur tous les sujets qui me chatouillent.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *