InsécuritéSOCIÉTÉ

Sa k ap pase vre nan Mirebalais ? Tout detay enpòtan sou objektif atak sa a ! | Videyo

0

Dènye atak yo fè sou komin Mibalè nan fen mwa mas 2025 lan ogmante enkyetid popilasyon sivil la. Anpil moun ap mande: Poukisa gang yo deside atake Mibalè ? Kisa ki enterese yo konsa nan plato a ? Kisa objektif yo ye ojis ?

Anpil moun tonbe damou vil sa a poutèt fasilite li ofri pou achte a bon pri divès kalte pwodui agrikòl tankou kafe, sitwon, kalalou, tomat, kann anana, elatriye.

E se sa k fè, chak wikenn, anpil moun konn soti toupatou nan Pòtoprens pou vin achte nan zòn sa a.

Met sou sa, depi 2013, vil la tounen yon referans nan domèn lasante, gras ak Lopital Inivèsite Mibalè (HUM), ki ofri swen medikal nan plizyè espesyalite ki pa toujou fasil pou jwenn nan lòt kote nan peyi a.

Men, sa gen plis pase yon lane, gang k ap opere sou wout nasyonal nimewo 3 a nan nivo Mòn kabrit kreye laperèz kay moun ki te swete al pran swen nan lopital la.

Dènye atak yo fè sou komin Mibalè nan fen mwa mas 2025 lan ogmante enkyetid popilasyon sivil la. Anpil moun ap mande: Poukisa gang yo deside atake Mibalè ? Kisa ki enterese yo konsa nan plato a ? Kisa objektif yo ye ojis ?

Enben, AyiboPost pral ede w konprann !

Avan nou antre nan nannan koze a, li enpòtan pou n gade kisa k ap pase nan komin Mibalè dènye jou sa yo, jiskaske gang ak zam rive atake prizon sivil la. 

Daprè sa yon manm brigad rezistans nan vil la esplike AyiboPost, se 2 gwoup kriminèl ki mete tèt yo ansanm pou fè atak sa a.  Anpil ladan yo te mete mayo wouj kote yo ekri klèman non baz yo soti.

Youn nan gwoup yo soti nan baz « Taliban », ki gen fyèf li Kanaan, yon zòn ozalantou komin Kwadèboukè ki sitiye l a 4241,7 kilomèt komin Mibalè. Chèf gwoup sa a se Jeff Larose alyas Gwo Lwa,peyi Kanada apèn anonse li  anonse yo sanksyone e,nan dat 21 mas 2025 lan poutèt zak y ap fè ki anpeche gen lapè, estabilite ak ensekirite an Ayiti.  

Lòt gwoup la soti nan baz « 400 Mawozo » ki kontwole prèske prezans li sou prèske tout komin Kwadèboukè jouk rive nan komin Gantye. Gwoup sa a gen nan tèt li Wilson Joseph alyas Lanmò Sanjou,  Nasyonzini te deja sanksyone nte deja sanksyone an desanm 2023.

Nan lannuit 30 pou louvri 31 mas la, bandi yo atake yon zòn ki rele Trianon, ki sitiye la sitiye a yon dizèn minit san tvil Mibalè, kote brigad rezistans yo te deja enstale yon barikad depi anviwon nèf (9) jou, pou yo te anpeche bandi yo pwogrese.

Nan maten 31 mas la, bandi yo mete dife nan machin ki te bloke pasaj la epi rive rantre nan komin Mibalè. Yo kraze pòt prizon sivil la, mete dife ladan l, epi boule de machin APENA ki te devan prizon an, ansanm ak yon kenzèn lòt ki te estoke anndan komisarya a, selon sa responsab gwoupman Reposem lan, Etheart Beaudely,  te konstate. 

Selon dènye chif ki disponib yo, plizyè santèn prizonye ta rive sove pandan atak sou prizon an.

Apre atak sa a, gen moun ki te konstate gen omwen twa kò san vi, pami yo yon ansyen prizonye nan anviwon tribinal vil la. 

N ap souliye, nan mitan mwa mas la, bandi k ap opere nan Mòn Kabrit yo te deja atake epi eseye mete dife nan yon sou-komisarya polis nan Terre Rouge, nan rantre Mibalè. 

Konsekans

Sitiyasyon sa a fòse anpil manm popilasyon sivil la kouri kite lakay yo, sa ki ajoute sou plis pase yon milyon moun ki te deja deplase nan peyi a akòz atak bandi gwoup « Viv Ansanm » yo.

Nan blòk 1è apremidi jou lendi 31 mas la, yon responsab meri Mibalè a te fè AyiboPost konnen, bandi yo te toujou prezan nan vil la. E nan moman an, se estrateji diferan aktè k ap jere sekirite komin nan t ap kreye pou mete kriminèl yo deyò.

Se pa sèlman senp sitwayen ki oblije kouri. Lopital Inivèsitè Mibalè (HUM), ki resevwa an mwayèn 850 pasyan pa jou ak yon kapasite 300 kabann, ap sibi menm presyon an tou.

Apre atak gang yo, responsab lopital yo te oblije deplase yon santèn medsen rezidan pou ale nan lòt lopital, tankou :  lopital Albert Schweitzer nan komin Dechapèl, lopital Bon Sauveur de Cange nan Boukan Kare, lopital Sainte-Thérèse nanEnch Ench, daprè sa yon medsen rezidan, ki te Dechapèl, te fè AyiboPost konnen. 

Sitiyasyon ensekirite nan vil Mibalè te deja montre sa ka pi grav.

Ki objektif gang yo menm ?

Bon ! Ann poze kesyon fondamantal la kounye a : Ki objektif reyèl gang yo lè yo deside atake Mibalè ? Gen plizyè esplikasyon sou sa.

Youn nan yo fè konprann, se plis tèritwa gang yo bezwen okipe pou enstale plis pòs peyaj, ki se youn nan prensipal mwayen pou yo rantre lajan. E se yon pwojè ki ta la depi byen lontan, si n analize evènman ki pase deja.

Pa egzanp, nan dat 26 fevriye 2024 la, lapolis anonse,  yo touye chèf gang Janès Joseph, alyas « Ti Avyon », pandan yon operasyon nan lokalite Fon Cheval ki nan rantre vil Mibalè a.

Daprè Etheart Beaudely, ki se responsab Regwoupman popilè pou sekirite Mibalè (Reposem), « aksyon bandi sa yo se te fouye machin epi pran lajan nan men chofè k ap pase sou wout la ».

Pou n jwenn yon lòt esplikasyon sou entansyon gang yo, n ap remonte nan septanm 2023 nan komin Sodo, ki sitiye l sou bò Lwès vil Mibalè.

Men, pou w byen konprann istwa Sodo a, li enpòtan pou m byen prezante w komin Mibalè.

Prezantasyon Mibalè

Mibalè gen yon sipèfisi 330.9 kilomèt kare, e li nan depatman Sant peyi a. Komin lan limite nan Nò avèk Laskawobas epi Boukan Kare, nan Sid avèk komin Tomazo epi Kòniyon, nan Lès avèk komin Savanèt, Kòniyon epi Laskawobas, nan Lwès avèk komin Sodo, Tomazo epi Boukan Kare.

Komin sa a ki tou kole ak lòt komin toupre fwontyè Ayiti ak Repibiblik dominikèn, se youn nan zòn trafikan itilize pou fè dwòg ak zam ilegal pase.

Nan yon rapò gwoup ekspè Nasyonzini an te soti an septanm 2023 sou deteryorasyon ensekirite a an Ayiti, yo fè konnen, divès sezi dwòg lapolis fè nan plizyè zòn nan peyi a revele egzistans diferan chimen dwòg yo pase an Ayiti.

Pami zòn sa yo ki genyen : kòt Sid la, depatman Nò, Lwès epi Sant, Mibalè fè pati youn nan vil ki konsène yo.

Ann gade yon lòt ka ki te fè anpil pale e ki kapab esplike, zòn tankou Mibale ak Ench fè pati tèritwa gang yo itilize pou trafike dwòg.

Nan mwa septanm 2023, ki se epòk tou bandi yo te mete sou pye gwoup gang « Viv Ansanm », AyiboPost te revele te gen yon gwo kagezon kokayin ki te dwe pase an Ayiti, e se te chèf gang Vilaj De Dye a, Johnson André alyas Izo, ki te dwe asire pwoteksyon machandiz sila a.

Men, yo t ap pral sezi kagezon kokayin sa a ant Ench ak Mayisad. Sa ki t a pral mennen yon konfli ant gang yo, sòti 22 pou rive 25 septanm 2023.

E se nan kontèks sa a atak sou vil Sodo a te deklannche.

Bandi yo atake Mibalè epi touye plis pase yon trantèn moun, blese yon kenzèn lòt anba bal epi fè plizyè santèn fanmi kouri kite lakay yo.

Men, fò n presize avan atak la, chèf gang Izo nan yon mesaj li ki t ap sikile sou rezo sosyal yo te deja ap fè menas, paske selon li, gen sivil ki t a friz moun li pou sezi [bagay] li k t ap pase. E li fè konnen nenpot jan an y ap remet li afè l.

Toujou konsenan trafik dwog k ap fèt nan zon sa a, nan dat 4 jiyè 2024 la, polisye Unité Départementale de Maintien de l’Ordre (Udmo) rive sezi 7.9 kilogram kokayin abò yon machin pandan yon kontwòl nòmal nan zòn Trianon, epi arete de (2) endividi.

Menm sikui sa a ta itilize tou pou trafike zam k ap alimante diferan gwoup gang nan kapital la.

Dènye eskandal ki rive a se nan dat nèf (9) mas 2025, kote lapolis nan vil Mibalè ak brigad zòn lan anonse yo rive kenbe yon ti bis ki t ap sòti Gonayiv, e ki te gen zam ak bal abò li.

Jou sa a, yo rive sezi « twa (3) zam lagè ak anviwon 15 mil katouch diferan kalib » ki te gen destinasyon Dèlma 75, selon sa delege depatmantal Sant lan, Frédérique Occéan te fè AyiboPost konnen.

Kidonk, 2 esplikasyon sa yo ka pèmèt nou konprann, Mibalè se yon pasaj estratejik pou gang yo. 

Lè brigad Mibalè rive bloke wout ki antre nan vil la, se alafwa 2 gwo enterè gwoup gang yo ki menase : yo sanse p ap ka fè kòb nan pòs peyaj akòz sikilasyon ki bloke, epi aktivite trafik zam ak dwòg lan sanse paralize tou. 

E malèz sa a, chèf gang Jeff Larose alyas Gwo Lwa te deja eksprime l enplisitman ak anpil kolè nan mesaj vokal li te konn ap pataje, kote li t ap mande pou popilasyon an kite antouraj kay majistra Lochard Laguerre, paske li estime majistra a se « yon ti vagabon ki kenbe vil la an otaj, k ap kwaze machin nan wout yo pou bloke lari epi boule pitit moun ».

Dispozitif sekirite nan kontèèks la

Pou n fini, n ap soulinye, menm jan gang yo abitye fè lè yo pral atake lòt zòn nan peyi a, yo te deja anonse yo pral atake Mibalè. Se te sa egzakteman chef gang Kanaran an fè, kèk jou avan atak 31 mas la, nan menm mesaj vokal li yo kote li te voye yon pinga bay moun Mibalè, kòmkwa popilasyon an « pa t a tande konsèy yo voye ba yo ».

Men, malgre tout menas sa yo, lapolis ak diferan fòs ki an Ayiti pa t aktive pou pwoteje vil la. Se sèlman apre atak yo, te gen diferan inite nan lapolis la ki te vini nan elikoptè nan vil la. Menas yo toujou egziste sou vil la. Èske fwa sa a lapolis ap rive enstale l toutbon Mibalè pou anpeche vil estratejik sa a tonbe anba kontwòl Viv Ansanm ? 

Antouka, gouvènman repiblik la anonse nan menm dat 31 mas la yo met anplas yon bidjè 31 milya goud pou ranfòse sekirite nasyonal la, e plis pase 7 milya nan lajan sa a se pou achte ekipman estratejik. 

Senk 5 jou avan, administrasyon jeneral ladwàn (AGD) te deja anonse biwo yo ki sitiye nan fwontyè Ayiti ak Sendomeng lan pa otorize resevwa machandiz  k ap soti aletranje pou pase Repiblik Dominikèn vin Ayiti. 

Daprè Jean Ralph Gracia, ki se direkte kontwòl nan AGD, mezi sa pa sèlman la pou konbat kontrebann, men tou li la pou limite e menm elimine zam ak bal ilegal k ap rantre nan peyi a.

Kounye a, rete pou n suiv ki rezilta toutbon k ap jwenn ak mezi tounèf sa yo. 


Kamera : Jean Judelin Isaac ak Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint

Montaj ak Animasyon : Riquemi Pérez

Tèks : Jérôme Wendy Norestyl ak

Prezantasyon : Pascal Nancy André

Sipèvizyon : Philicien Casimir


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Originaire de Jacmel, étudiant, passionné de littérature, de musique et des arts visuels, curieux du monde contemporain, Riquemi Pérez est vidéographe à Ayibopost depuis 2020

Comments