CULTUREEN UNEFREE WRITINGSOCIÉTÉ

40 lane ap viv nan Batey

0

« Mwen se yon esklav nan Repiblik Dominikèn, pa gen lòt definisyon pou yon travayè tankou mwen »

sa se pawòl Emile Belizaire ki gen 59 lane, li rive an Repiblik  depi li te gen 19 lane. Depi 40 lane Emile ap travay pou yon konpayi ki rele La Romana. Li se papa de jèn gason ki genyen 21 ak 24 lane. Emile ale ilegal nan peyi Repiblik Dominikèn men konpayi kote lap travay lan te toujou pwomèt yap ede li jwenn papye. « Malgre tout bagay difisil isit mwen te blije rete pou travay paske depi m jèn gason  m vle travay paske mwen pa vle rete sou kont moun. Se panse sa  a ki mennen’m isit e se li k’ap touye m. Jodi a m gen 59 lane mwen prèske pa ka jwenn travay ankò men mwen oblije paske si w pa travay ou pa p manje.

Emile kòmanse travay nan Seibo depi lè jounen travay koupe kann te sèlman 15 Pèso, montan ki te toujou sifi sèlman pou manje ak bwè. Jodi a Emile malad e kòmanse rantre nan laj, li travay sèlman 2 jou pa semèn a 300 Pèso pa jou. Li abite nan yon ti kounouk ki gen yon ti galri pou pase moman li pap travay yo. Gen plizyè santèn fanmi kap viv nan Batey El Plato a, koupe kann se sèl aktivite yo konnen.

Emile- Etant Dupain 2

“Mwen konnen m te nan yon sitiyasyon ki difisil e pa’t gen twòp espwa men m fè efò pou pran swen pitit mwen yo, jodi a sa fè mwen lapèn e m santi m imilye lè Repiblik Dominikèn yon peyi ke mwen bay plis pase 40 lane kouraj mwen retire nasyonalite 2 pitit mwen yo.” Tou 2 pitit Emile yo viktim lwa anti Ayisyen Repiblik Dominikèn adopte nan lane 2013 ki denasyonalize plizyè santèn milye Dominiken ki se desandan Ayisyen.

“Jodi a pitit mwen yo ki lekòl pa konn kote avni yo ye, y’ap tann pou konnen si y’ap ba yo yon kat ki pa menm gen valè yon rezidans ki bay aksè pou rete nan peyi a. 40 lane san mwen pa janm al Ayiti sa a se yon 40 lane ki prèske pèdi.”

Emile kite Ayiti depi li gen 19 lane sou tèt li, li pa gen twòp bagay li te konstwi la, e li menm bliye majorite fanmi li. 40 lane apre li san papye toujou, l ap tann li pa konnen ki jou y’ap depòte li oubyen si yap kite’l nan koupe kann kote li pa l’ap reziste ak lavi a.  « Mwen pa pè nenpòt sa ki rive m, mwen se yon moun abandone depi plizyè dizèn lane. M pa jwenn anyen ki pi bon pase sa, mwen eseye prepare m pou tounen Ayiti men mwen pa janm jwenn yon bagay asire m pral fè. Si mwen nan peyi panyòl toujou se paske lakay pa bezwen m, si yo te bezwen nou yo t’ap fè yon jan pou nou legalize. Nou tounen yon gwoup moun okenn moun pa vle, sa se sitiyasyon malere Ayisyen nan batey. »

Batey se yon kominote ki sèlman pou travayè Ayisyen k’ap koupe kann nan Repiblik Dominikèn, pa gen kouran, se sou kontwòl yo bay dlo pa gen sant sante ak okenn lwazi. Lè’w nan yon batey tout sa ki nan anviwonman moun yo se jaden kann sèlman. Anpil timoun ki fèt e grandi nan batey kontinye fè menm travay koupe kann nan. Pitit travayè nan batey pa fasil jwenn papye pou yo viv andedan sosyete Dominiken an jan lalwa mande sa. E sa ki te jwenn papye legal pou rezide, lwa 2013 lan vin retire tout privilèj konstitisyonèl moun sa yo te genyen kòm sitwayen. Politik denasyonalizasyon Ayisyen yo ede anpil biznis koupe kann nan, paske moun sa yo pap gen anpil lòt opsyon pou rive entegre sosyete Domiken an.

Emile- Etant Dupain 1

“Mwen Kite Ayiti byen jèn m pa’t gen tan konn peyi mwen byen, e nan Repiblik Dominikèn mwen vinn konn plis mizè. Si pitit mwen yo jwenn papye pou fini ak lekòl e viv lavi yo m’ap kontan anpil, men si sa pa fèt m’ap vin pi tris chak jou jiskaske mwen mouri. Mwen pa swete mouri nan peyi panyòl, trètman mwen jwenn nan 40 dènye lane sa yo pa montre m ke sosyete sa a bezwen nou se sèlman fòs kouraj nou yo te bezwen kòm jodi a yo sanble pa bezwen nou ankò y’ap kouri dèyè nou ak tout pitit nou san di nou mèsi.”

Emile ap kontinye travay malgre li malad pou siviv, menm bagay la depi 40 lane, 2 pitit li yo ap tann desizyon k’ap soti pou yo nan pwogram anrejistrasyon an ki gen plis pase 228 mil moun ki enskri. 85 mil moun deja jwenn yon idantifikasyon e 75 mil pa kalifye. Mwen pale ak yon Asyisyen ki di mwen yon bagay m pa konn si mwen ka demanti li : « Nan batey pa gen ni lavi ni avni se yon lanfè sou latè »

Etant Dupain

Image: Etant Dupain/Kombit Production

Commentaires

Ayibopost Team
La rédaction de Ayibopost

    Celle qui brise son propre cœur

    Previous article

    Le temps d’une nuit

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost