EN UNESOCIÉTÉ

Zokiki: desann sou do Masimadi!

0

Jean Renel Sénatus alyas Zokiki pase nan “twou dèyè” Pou li vin senatè epi li vle kraze festival masimadi. Ipokrizi swadizan moralis krisyanis sa yo pa gen okenn plas nan sosyete demokratik layik modèn nou vle kreye a.  Layisite se yon prensip fondamantal separasyon leta e vi relijyez nan yon repiblik demokratik.

Ipokrizi senatè a klè, e lap mennen yon kanpay ki pa sensè menm pou yon swadizan moralis. Si se pou moral, yon bon moralis, yon bon krisyanis p’ap pran yon manda si gen dout sou li, li p’ap chita nan yon palman ap manje lajan leta san travay. Rezon senatè a pran pou kanpe an kwa pou bloke yon festival kiltirèl ki fè pwomosyon tolerans tout sitwayen kelkeswa oryantasyon seksyèl yo enkonpatib ak devwa li pou li pwoteje tout sitwayen ayisyen san diskriminasyon.

Elas, Senatè zokiki monte sou do masimadi pou montre ke li toujou la, men pa paske li enterese nan fè travay Senatè li. Nan monte sou moun san gade « dèyè » gen gwo konsekans. Nou pat eli yon moralis-an-chèf nan palman an pou vinn bay nasyon an leson moral, ni pou vinn preche entolerans.

Yon Senatè ki koute sitwayen yo lajan, dwe fè travay anplwaye li e respekte prensip anplwayè li yo. Nou menm sitwayen Ayisyen nou anplwaye senatè, depitè, komisè gouvènman pou fasilite nou viv jan nou vle viv men pa pou di nou kijan pou nou viv. Se yon vyolasyon flagran lè yon senatè deplase al nan travay li pou kreye plis pwoblèm pase ede rezoud sa’k te la déjà yo.

Nan tout seryezite, tout sa Ki rive yon moun omoseksyèl nan jou sa yo la ap sou responsabilite dirèk senatè Jean Renel Senatus Alyas zokiki ki ensite vyolans endirèkteman. Nan yon sosyete ki gen yon minorite oprese, se pwoteje ou pwoteje yo ou pa kanpe anfas yo e vyole dwa yo.

Youn nan konsèy m’ap bay moun masimadi yo se vann osinon fè kado konstitisyon an nan pwochen aktivite n’ap fè yo. Li klè sanble menm otorite nan peyi a pa rekonèt se yon dwa chak Ayisyen genyen pou òganize aktivite sosyal san vyole la lwa. Yon masisi, yon madivin se yon sitwayen ak tout dwa li anvan tout bagay.

Mwen pap rantre nan deba, sou Ki twou nan kò yon moun ki pi dous, oubyen Eske monte sou vant oubyen sou do pi dous. Mwen vle pale de ipokrizi ak libète fondamantal, libète lapawòl Ki se yon dwa sakre ke okenn moun pa dwe retire a okenn Ayisyen kèlkeswa preferans seksyèl li.

Senatè a pa reyalize li monte sou do yon bann moun Pou anpeche lòt moun monte sou do moun ki fè yo plezi, fè yon festival pasifikman. Nan monte sou do moun san rezon, moun pa fini monte sou do’w Senatè. Konsèy granmoun Pou Senatè zokiki.

Si ou se yon moralis vre,  gade ‘devan’ senatè sispann gade ‘dèyè’ pou pa fè nou panse ou nan yon klozèt.

Etant Dupain

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *