ÉCONOMIEPOLITIQUE

Relasyon fòs Goud la ak pwodiksyon lokal peyi an

0

Ayibopost te fè yon travay animasyon pou esplike lakòz degrengolad goud lan pa rapò a dola a. Sepandan depi kèk mwa nou ka remake yon stabilite e menm yon ale mye pou goud nasyonal lan. Si w analize ale mye sa a sou baz eksplikasyon videyo a bay lan, ou ka dedwi ke ekonomi ayisyen an ap fè pwogrè kidonk gen plis demann pou « Goud » lan sou mache entènasyonal lan. Men analiz sila pa t ap reflete reyalite ekonomik peyi an.

Goud lan pran ti valè sa a akoz yon seri gwo mezi Bank Repiblik Dayiti (BRH) pran. BRH enjekte an plizyè pati anpil milyon dola ameriken nan ekonomi ayisyen an pou stabilize goud. Lè BRH fè sa a, biznismann ayisyen yo pa blije ap sanble tout goud yo genyen pou kouri achte dola pou peye founisè yo ki lòtbò dlo. Depi pa gen mankman dola sou mache a valè dola a p ap kontinye ogmante pa rapò a goud lan. Stabilite sa a se rezilta yon demach ki chita sou finans sèlman, nan jagon mond ekonomi a yo te ka di ke se yon solisyon “atifisyèl”. Mezi sa yo pa gen yon enpak reyèl nan ekonomi peyi a oubyen sou pwodiksyon nasyonal peyi an, men li mete yon sèten stabilite sou mache a ki nesesè tou.

N ap envite w li retranskripsyon eksplikasyon sou rezon ki fè goud lan ap pèdi valè l.

Jodi a nou bezwen 70 goud pou yon dola alòske sa gen trantan nou te bezwen 5 goud pou yon dola ameriken. Ki sa ki esplike degrengolad sa a ? Gen yon lwa ekonomik ki di plis ou bezwen yon bagay se plis valè l ogmante e mwens ou bezwen l se plis ou pèdi valè.

Si pa egzanp nan yon mache gen 100 moun ki bezwen zaboka alòske gen sèlman 10 grenn zaboka. Sa ap fè pri zaboka a monte, se menm jan an tou, si gen 100 grenn zaboka nan yon mache alòske se sèlman 10 moun ki bezwen zaboka, sa ap fè pri a desann.

Lwa sa a rele lwa òf avèk demann, goud lan se tankou nenpòt lòt pwodwi li ye, si pa gen demann pou li, valè li ap bese. Fòk lòt nasyon bezwen goud la pou l ka gen valè, e pou sa fèt, fòk Ayiti ta vann pwodwi ak sèvis bay lòt peyi. Men sa pa fèt paske pa gen pwodiksyon nan peyi a, sa vin fè ekspòtasyon nou piti pandan nou enpòte anpil.

Ayiti enpòte pou 4 milya dola alòske nou ekspòte pou 1 milya dola, nou enpòte 4 fwa plis ke nou ekspòte. Ak chif sa yo goud la ap kontinye pèdi valè l. Kidonk nou bezwen dola pou achte rad, machin, manje ak tout bagay nou enpòte yo. Si nou pa gen touris ki antre pou depanse lajan nan peyi an. Si nou pa gen envestisman dirèk e sitou si nou pa pwodwi pou tèt pa nou e pou nou ekspòte, goud la fenk kare degrengole. Kidonk bay pwodiksyon nasyonal la jarèt se bay goud la plis valè tou.

Fabian Charles

————————-
Gade videyo evolisyon Goud la pa rapò ak Dola a sou 30 dènye ane sa yo:

 

Fabian Charles is a haitian poet who studies philosophy and sociology. He already published three books. Séquences d'une confusion nue (2009), Anonymat (2012), Les Racines de la page (2014).

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *