POLITIQUESOCIÉTÉ

Poukisa pèsonn pa vle chanje AYITI?

0

Ayisyen pa konprann chanjman peyi Dayiti a, se pa gouvènman an sèlman k’ap fè l tounen yon reyalite.  Kisa nou fè nou menm pou nou chanje peyi nou ?

Pèp la k’ap kritike gouvènman an chak jou a,  se li menm ankò ki pa respekte règ sikilasyon yo, se li menm k’ap jete fatra nan ravin yo, se li k’ap fè kontrebann ak pase pwodwi anba fil fè e se li kap anpeche lòt biznis ouvè paske yo pa vle konpetisyon. Li lè pou nou konprann ke koripsyon an fèt chak jou, tout kote anba zye nou e nou deside pa di, ni fè anyen.

Li lè pou nou mete grenn nan bouda nou pou nou reyalize nou tout ap fè peyi a mal. Toutotan chak koukouy ap klere pou twou je’l, Ayiti ap fè bak pi rèd. Fòk ayisyen yo konprann se pa pou yo chanje kondisyon lavi pitit yo oubyen fanmi yo sèlman pou yo travay, men yo fèt pou yo goumen tou pou chanje kondisyon tout peyi a.

Nou viv nan yon ilizyon kote  fò’n fè lajan pou nou gen bèl kay ak machin blennde ,men nou bliye ke nou sispann viv lè nou blije mete figi nou dèyè gwo mi ak dèyè vit fime chak jou.  Nou viv nan yon rèv kote  Petyon ap bwè chanpay pandan Desalin nan benyen chyen: Nou deside fèmen je sou orijin nou.

Goudougoudou pase pou 30 segond e li pwouve nou ke nou tout se bout vyann san pouvwa. Li pwouve nou ke san tèt ansanm ak fratènite, pa gen peyi, pa gen lavi.  Nou deside viv nan yon mond kote se « Fè Wè » ki gen fòs sou valè zansèt nou yo te kite pou nou yo. Nou aksepte yon sosyete ZUZU kote se lajan ki koumande moun. Nou kreye enpinite an AYITI paske nou aksepte kontinye griyen dan chak jou avèk dilè dwòg  ak vòlè oubyen ak moun kap koupe ak menaj bon zanmi nou, pandan nap fè komsi nou avèg paske yo plen lajan.

Tout maltèt peyi a lage sou do gouvènman an, pandan nou la n’ap kraze brize pou’n revandike. Wi leta reskonsab, wi se leta k’ap dirije, wi fòk nou gen yon lopozisyon pou rale zorèy yo, men pi gwo pwoblèm nan se: tout moun vle chèz boure a. Kou yo pran’l, yo grennen menm lòbèy yo.

Fòk nou pran konsyans gouvènman an kòmanse anndan lakay nou, nan ledikasyon pitit nou ak nan jan nou aji ak konpatriyòt nou yo.  Pèp la dwe konprann  enpinite a pa soti nan lapolis ni nan  lajistis men li kòmanse depi anndan nou pa rapò a sa nou deside aksepte nan sosyete nou an.

Nou pran endepandans, nou sibi lokipasyon, nou toujou la apre 12 janvye men nou pa aprann anyen. Nou gen yon sosyete malad, kap grennen moun fou, kap trennen nou lage nou nan yon twou san fon: E, l’ap mal pou nou soti si nou pa pran sa atan. Nou refize admèt  nou chak gen reskonsablite pa nou pou nou fè peyi nou an mache.

Mezanmi, fòk nou konprann ke lè gen yon grenn may ki sote, se tout chenn nan ki kase.

Ayiti pap chanje si nou tout pa pote kole pou’n avanse.

KAAYITI

Image: HECTOR RETAMAL / AFP

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *