AYIBOFANMEN UNESOCIÉTÉ

Mond lan bèl paske li inifòm!!!

0

Tout tan m toujou tande moun ki ale lekòl ap repete nou paka dakò sou tout bagay, nou tout pap ka sanble, paske sinon mond lan patap bèl. Si nou tout te menm, vi a tap raz. M’ tande tou ke sa k fè bote mond lan se divèsite ak ladiferans.

Se vre? Tout bon?

An ale wè sa.
E poukisa tout kote ki gen pouvwa ak la richès se yon sèl group ki reprezante: MOUN BLAN/KLÈ, OSWA GASON?
Tout kote m vire se menm konsta a depi m piti Ayiti jiskaske mwen ale  aletranje.
Wap leve timoun, granmoun achte jwèt pou ou, se yon poupe blanch yo pote ba w.
Lè pou yo apreseye bote w ak kalite w, edikasyon w, fason w pale, se ak fanm/gason po blanch / po klè yap konpare w (si cheve siwo, long, bwa nen pwenti, bouch mens, je vèt; pale ak dyòl pwenti san louvri bouch, pa pale ni ri fò, elatriye).
Ou ale lekòl, “le masculin emporte sur le feminin” nan tout sans yo aprann ou.
Ou ale legliz, tout imaj moun nan legliz la se blan. Epi tout istwa bib la rakonte se gason blan ki ekri yo pou pale de moun blan/klè.

Menm 1804, istwa gason yo rakonte w la se gason sèlman yo di w kite te Ewo lendepandans yo.
Ou ale nan inivèsite, konsèy kap dirije a se yon bann gason; nan espas sa yo, yo montre w ke lasyans se kay blan ewopeyen li soti, epi 99% nan referans, otè yap foure nan tèt ou se gason blan. Tout jeni/envantè yo se menm yo menm nan.
Yo di w yap aprann ou panse, men tout otè-filozòf yap prezante w tout se blan ewopeyen. Si w pa site yo, ou pa fè referans ak yo, ou pa ko konn panse.
Ou finn etidye Ayiti, diplòm lan pa gen valè paske se pa kay blan ou sot pran l.
Nan jesyon peyi w, se rejim politik ki pran nesans kay blan ewopeyen, Gason ki toujou ap mennen back peyi a ap aplike. Dayè se sa blan an di yo fè.
Ou ale achte kay gwo komèsan, se yon pakèt moun po klè kap vann ou.
Ou ale lopital, ou prèske pa jwenn fanm kòm doktè, apa de enfimyè yo.
Ou monte kote ki gen bèl kay, se moun po klè souvan ki posede yo.
Yap pale w de richès atistik peyi a, men se de ekriven gason, chantè gason, mizisyen gason, pent gason, eskiltè gason, elatriye yap pale w.
Yap pale w de mizik savan, lè w gade w wè se sèl mizik ak enstriman ki fèt kay blan ewopeyen ki fè pati de kategori sa.
Yap pale w de dwamoun ki inivèsèl, yo montre w ke se nan tèt gason blan  ewopeyen li jème. Lè dwa yon blan menase sa fè plis bri nan mond lan ke lè dwa po fonse maspinen.
Yap pale w de bon gou, lamòd, klas, bon manje, lè w gade se sak soti kay blan ewopeyen an ki senbòl bon gou, klas ak bon manje a ki mete w alamòd.
Yo pale w de sovaj, lè w gade w wè se tout sa k diferansye moun po fonse  de blan an ki defini kom sovaj.
Yap pale w de lang entènasyonal, kap fasilite w kominike ak lot nasyon, lè w gade se lang blan ewopeyen yo (Angle, Espanyol Franse) ki fè pati de yo.
W al aprann yon metye nan domenn syans moun, men w wè se yon sèl kategori moun : Gason blan kap ekri pou tout rès moun yo. Si w mete sa yap di a andout, kom ou se yon fanm ki soti nan yon sosyete diferan yo rele soudevlope, menm ayisyen parey ou sezi, yo gade w tankou yon Ekstraterès. Tout refleksyon entelektyèl dwe pase pa panse blan ewopeyen an avan.
Yap pale de devlopman, se modèl oganizasyon ak jeni sosyete pa blan an ki modèl la.

Bon tout bon, lè nap pale de inivèsalite, se de pa blan ewopeyen pou ewopeyen parèy li a?  Osnon vizyon pa li pou rès mond lan nap pale?

De vizyon gason pou gason parey li, epi pafwa pou fanm tou ?  De kisa nap pale ojis?

M ta renmen konprann paske m komanse anwiye m seryezman ak inifomite sa nan monnd lan. M anvi wè mond lan lèd!!!

Judite Blanc, Ph.D.

Sikoloji klinik/ sikopatoloji

Profèsè Inivèsite

https://www.researchgate.net/profile/Judite_Blanc

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *