ART & LITERATURECULTURE

Mizik Elektwonik Pa Bò Isit

0

Depi kèk lane mouvman DJ an ap pran teren sou ti zile nou an. Nan tout ti sourit, chanpyona vakans, kèmès Dj yo toujou la ap bay bon son. Ak yon konpitè, yon miksè epi de twa baff yon Dj ka baw yon bèl fèt ki pa gen anyen pou’l envye ak gwo pwogram jazz konpa. Ti dokimantè sa se Thump ki se yon medya ki espesyalize nan zafè mizik elektronik nan mond lan ki reyalize’l. Dokimantè sila fe yon bel rale sou diferan stil ki genyen nan mond mizik elektronik Ayiti an. Yo fe yon chita pale ak Michael Brun kap fe la pli e le bo tan nan mond mizik elektronik lan, msye se yon DJ ayisyen ki fè pati de pi gwo Dj mizik elektronik nan mond lan. Apre sa yo fè yon bèl rale sou Tony Mix ki se san diskisyon pi gwo DJ sou tè Desalin lan aktyèlman. Yo pale de gwo infliyans li genyen nan mizik ayisyen an ak kijan li menm poukont li chanje indistri DJ a ak stil pa’l lan ki se «RABODAY». Apre sa yo fè yon bel chita pale avèk nèg ki semble te fokis dokimantè a: Gardy Girault. Kokenn chenn DJ sa invante yon stil mizik elektronik ki rele “Raratek” kote li mele plizyè eleman mizik rasin lan ak rara a nan mizik li. Mizik Gardy Girault yo souvan gen tambou, kwachi ak kone ladan’l e gen de le li menm gen tambourinè ki akonpanye’l nan prestasyon’l yo. Antoulèka nap invite’w gad bèl grenn dokimantè sa ke magazine Thump pote bannou!

La rédaction de Ayibopost

    Comments