AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Manman, koute pitit ou k’ap kriye!

0

Mwen kouche m’ap kriye men mwen pa fouti pale. Manman’m sot ban’m on je baton. Vwazin an pote plent pou mwen, li di li pa jwenn mwen lè l’al chache’m lekòl la. Li di m’al kache pou’l pa wè’m. Se vre, mwen te kache vre. Mwen pa renmen al lakay li. Mwen pè al lakay li. Mwen di manman’m sa men manman’m pa koute’m. Li di se byen mwen twò byen.
Poukisa manman’m pa vle koute’m? Pouki li pa vle voye’m kay marenn mwen oswa voye’m kay grann mwen? Li menm oswa papa’m a pase pran’m lè yo sot travay. Tanpri Bondye fè yo chanje lide. Mwen sipliye’w papa.

Mwen ta renmen di manman’m pouki mwen pa vle al lotbò a ankò men, se timoun mwen ye, mwen pa gen dwa lapawòl. Hmm…Mwen reziyen’m soufri men m santi’m pa kapab ankò. Tout kò’m ap fèm mal. Mitan jan’m mwen ap fè’m mal. Mwen rayi al kay vwazin an, mwen pè pitit gason li an, mwen pa renmen jan li gade’m. Li toujou ap foure men li anba jip inifòm mwen lè n’ap manje sou tab. Yon jou, dòmi te pran’m : se santi m te santi on bagay ap fè’m mal ki  fè’m te leve. Li te kouri bouche bouch mwen lè mwen te pran kriye e li te di’m li tap di maman’m ke mwen toujou ap rantre nan chanm li. Bondye konnen mwen pa janm fè bagay konsa. Moun lakay mwen toujou di’m tifi pa jwe ak ti gason paske yo se gaz ak alimèt. Mwen telman pè pou manman’m pa fache mwen kenbe kriye a lè’l vinn kouche kote’m lè m’ap domi. Mwen santi’m sal. Mwen gen lapenn. Mwen pa byen. Demen ap fè’m 14 zan men mwen santi tankou se 100 lane map genyen. Mwen santi sa gen anpil tan depi misye ap maltrete’m. Bondye ede’m souple.

Mwen ta renmen manman mwen koute’m. Mwen ta renmen li wè dlo nan je’m, mwen ta renmen li santi soufrans ki nan kè’m. M’ vle sispann pran baton pou gran mesi. M pa vle li panse se rebèl mwen rebèl lè mwen di’l mwen pa renmen lè li kite’m kay vwazinaj. Mwen pa vle li panse se nan dezòd mwen ye lè mwen ret drive sou lakou lekòl la olye m’al chita tann li kay vwazin an. Men, mwen pa ka pale, manman’m pap koute’m ni li pa’p kwè’m si mwen ta va di’l sa kap pase. Piti vwazin nan se yon bon timoun, li pi gran pase’m epi li fò lekòl. Li pa’p janm kwè sa’m di a paske mwen menm mwen kretin. Mwen santi’m pou kont mwen, mwen santi’m kondane. O Bondye ede’m souple.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *