EN UNERECOMMENDEDSOCIÉTÉ

Kreyòl pa lènmi pyès lòt lang

0

Nou maspinen’l, nou wont li, nou neglije’l, souvan nou pa ba l’ valè. Lang kreyòl la se yon gwo viktim achitekti sosyal peyi Dayiti ki divize an plizyè kategori ak konpatiman sosyo-ekonomik. Problèm ki konsène kreyòl lan rete avan tout lòt bagay reflè problèm sosyete ayisyen an. Tout moun rekonèt kreyòl se premye lang nasyon an men li toujou gen difikilte pou enpoze’l sou tè kote li fèt lan. Kreyòl lan vin tounen yon lang ofisyèl sou papye men nan reyalite li rete yon senp zouti enfòmèl pou kominike.

Anpil entèlektyèl ayisyen ap travay pou kòz lang lan, e sa se yon bèl bagay nou tout merite kore. Gen bon jan batay kap fèt pou regilarize lang lan e voye’l monte sou sèn nasyonal ak entènasyonal la. Travay sa yo, lepli souvan, fèt ak patisipasyon manm sosyete sivil la. Gen bon jan efò kap fèt pou kreye yon bèl platfòm Kreyolofoni pa yon gwoup jèn ki sot toupatou ki pataje bèl lang sila. Sa pa gen lontan depi leta ayisyen kòmanse mete men nan travay la tou. Pa egzanp, yo pwomèt akademi Kreyòl la yap pote kole avèk li. Men nan mitan tout kokenn chenn bèl inisyativ pozitif sa yo kap fèt la, gen yon ti erè estratejik mwen panse anpil nan defansè lang kreyòl yo ap fè. Nan kite santiman mennen yo nan bèl konba pou lang lan, yo gen tandans mete kreyòl anfas fransè, tankou se de lang ki pap janm nan kole sere. Nou mete fransè ak anglè (mwen souvan) nan yon pozisyon opresè. Nou vle mete tout pwoblèm kreyòl lan genyen sou do lòt lang yo alòske premye travay ki pou fèt la se nan lang kreyòl la menm pou li fèt.

Pou nou kore sa nou sot di a, nap fè nou wè ke anpil defansè lang lan ap goumen pou yo vini ak yon sistèm edikatif ki ta fèt an kreyòl sèlman. Anpil nan yo deklare ke yon timoun ki aprann nan lang manman’l aprann pi byen pase si li aprann nan yon lòt  lang. Sou pwen sa yo gen rezon, li pi fasil pou timoun nan aprann vre. Men eske avantaj sa sipoze fè nou fèmen je nou sou avantaj ki genyen nan pale plizyè lang tou ?

Yon lang rete avan tou yon zouti pou kominike. Youn nan anbisyon zouti sa se pèmèt nou kominike ak plis kantite moun nou kapab. Nan sans sa a, kreyòl la ka mete baryè lè nou bezwen kominike ak rès mond lan. Lè’m gade kantite enfòmasyon ki pa tradwi an kreyòl sou entènèt, mwen panse ke se plis yon mal ke yon byen yo ta va fè yon timoun si sistèm ledikasyon an ta aprann li li ak ekri kreyòl sèlman. Malgre tout lanmou yon moun ka gen pou yon lang, malgre tout enpòtans kiltirèl yon lang ka genyen, li pa dwe janm  deranje objektif premye tout lang ki se fè enfòmasyon sikile. E nan bèl batay sa a anpil aktè enpòtan ap mennen pou lang lan, fòk yo pa bliye li pap nan enterè pèp ayisyen an pou redui kanal enfòmasyon nou an ak sèl kreyòl la.

Jiskaprezan,  kreyòl la gen anpil travay pou li fè e fòk nou tout kontinye goumen pou lang lan grandi. Men konba sila pa dwe ankouraje nou rayi lòt lang ki ka ede nou fè echanj enfòmasyon ak lòt nasyon. Yon lang se yon gwo zouti ekonomik e fòk nou konsidere sa tou. Plis pitit Ayiti yo aprann plis lang, plis lap pi bon pou Ayiti. Kidonk ann aprann pitit nou yo kreyòl, fransè, anglè, panyòl… pou yo rive jwenn plis enfòmasyon, kidonk edikasyon. Kreyòl la pa dwe dozado ak fransè ni ak nenpòt kilòt lang. Okontrè, devlopman lòt lang yo ap ede nou fè lang kreyòl la vanse. Ann pa sèvi ak kreyòl la tankou yon zouti ideyolojik. Ann amelyore kanal enfòmasyon li sipoze ye an san nou pa bòykote oswa kraze lòt kanal ki ka  kontinyepote bon jan enfòmasyon lakay nou tou.

Image: d.umn.edu

Directeur Général | Co-fondateur | J'aime me considérer rationnel et mesuré avec une vision semi-ouverte du monde. J'ai un baccalauréat en finance. Je m'intéresse au Barça, à la politique, à l'entrepreneuriat et à la philosophie.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *