AYIBOTALKEN UNESOCIÉTÉ

Konprann kijan pwoblèm lang lan afekte edikasyon ann Ayiti

0

Nan senpozyòm “MIT-Haïti initiative” la, Ayibopost te rankontre pwofesè Michel DeGraff ak kèk lòt patisipan pou diskite sou kesyon edikasyon ann Ayiti.

Senpozyòm sa a te reyini plizyè aktè nan kominote edikatè k ap evolye Ayiti ak lòt bò dlo, pou diskite sou yon seri gwo tèm k ap ede amlyore sistèm edikatif peyi a. Anpil pwofesè inivèsite, pwofesyonèl ki nan rechèch, pwofesè lekòl primè ak segondè te prezan pou evalye travay, avanse, ak chimen ki rete “MIT-Haïti initiative” pou fè. Yo te tou pwofite diskite sou feblès sistèm nan epi pwopoze bonjan solisyon konkrè yo ta dwe pran.

“MIT-Haïti initiative” se yon pwogram ki kòmanse depi 2010 anba lidèchip pwofesè Degraff. Objektif inisyativ la se ranfòse ak amlyore sistèm edikatif ayisyen an. Inisyativ la vle entwodui teknoloji ak metòd pedagojik k ap ankouraje aprantisaj entèraktif nan lang kreyòl. Sepandan yo pa kanpe la, yo pote sipò yo tou nan devlopman resous nimerik ak lòt materyèl an kreyòl.

Gade entèvyou sa a ak Pwofesè Michel DeGraff sou pwoblèm lang nan sistèm edikatif Ayiti a. Li pale de yon pwoblèm ki gen 3 gwo moso ladan l.

Piti, piti n ap pibliye lòt pati entèvyou ak pwofesè DeGraff epi ak lòt patisipan nan senpozyòm la. Ret branche!

 

Image: Christine W. Low / Michel Degraff

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *