EN UNESOCIÉTÉ

Konprann fòs siklòn Matye a

0

Siklòn Matye a 380 km kot Sid peyi Dayiti e lap vanse a 9km/lè. Alèkile van yo ap kouri a yon vitès 225km/lè. Gade byen, genyen yon diferans ant vitès siklòn nan ap deplase a ak vitès van yo.

Toulède pa oblije gen rapò: Vitès van yo, ki se premye bagay ki lakòz tout dega yo, ap fè yon mouvman tou won. Alòske vitès siklòn nan ap deplase a ap swiv yon mouvman kote van an soti nan yon pwen pou l ale nan yon lòt. Pou n konprann pi byen, panse a mouvman yon toupi fè. Li gen de mouvman li fè an menm tan. Premye a, se lè lap vire tou won , tankou yon toubiyon, se vitès van yo(Matye a 225 km/lè). Dezyèm mouvman an, an jeneral genyen yon deplasman kote li soti nan yon pwen A rive nan yon pwen B (Matye deplase a yon vitès 9km/lè). Nou kapab panse tou a mouvman latè fè: wotasyon ki se lè lap vire tou won epi pèmèt solèy leve oswa lalinn parèt selon kote ki bay solèy la fas la epi revolisyon an,ki se yon trajektwa an won ki pèmèt nou gen sezon yo.

Poukisa Matye danjere konsa?

Van yo gen yon gwo vitès ki ant 200 a 250 km/lè depi 2 denyè jou sa yo. Pandansetan sistèm nan ap deplase a yon vitès ki fèb depi yè: 5 a 10 km . Melanj nou vin genyen ak vitès deplasman sistèm siklòn nan ki fèb ak gwo vitès van yo se yon melanj ki danjere anpil. Poutèt sistèm nan lan an, lap bay siklòn nan lè pou l fè dega sou teritwa ayisyen an.
Nan moman an, Matye a 380 km kot Ayiti yo e lap deplase a 9km/lè. Je siklòn Matye ap sou teritwa nou an nan 42 è, sa vle di mwens pase de jou. (nan yon atik ki soti Lendi 3 Oktòb a 7 è di swa) Si Matye pa chanje wout li, Ayiti dwe rete sou alèt wouj pandan tout jounen 4 Oktòb la ak Mekredi 5.

mathieu-2

Otorite Ayisyen yo ak Laprès, pou yo mande popilasyon an pou l veyatif, gentan prese anonse siklòn nan pou 2/3 Oktòb, men jan Lap kouri a , Matye ap sou nou nan lanwit kap 3 rive 4 oktòb la (aswè a). Fòk yo kontinye mande popilasyon an poul veye zo l.

Sa vle di Katastwòf saa ap frape Ayiti pandan 40 è konsa. Lè nou konsidere jan peyi a mal konstwi, fòk popilasyon an ak tout leta pare yo paske pita ka pi tris.

Depi Flora en 1963, yon siklòn kategori 4 potko janm frape Ayiti, nap raple Flora te fè 8,000 mò ak anpil dega materyèl. Pare kò nou pou 2 nwit ak 2 jounen van ak lapli ki ka gen tout kalte fòs.

Ekip Editoryal Ayibopost lan

tradiksyon: Laud Marcia Jasmin

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *