POLITIQUE

Kiyès w’ap vote?

0

M’ tande anpil moun ki gen plis ke dizwitan ap di yo pap janm al vote e ke yo ta pito koupe dwèt pous yo tan pou yo ta mete’l tranpe nan kesyon vòt. Se yon bagay grav pou yon sitwayen repete. Paske selon sa konstitisyon peyi a mande, pou nou arive gen on Prezidan, fòk gen eleksyon. E se sitwayen ki fè eleksyon. Nan sans sa, n’ap dakò ke nou pa ka pa vote e nou pa ta janm do sispann vote. Kidonk vote se dwa’w, men plis ke sa se devwa sitwayen’w tou. Dwa ak devwa sila fòk ou pran’l oserye ki vle di fòk ou konnen moun ou pral vote pou peyi’w ke ou di’w renmen anpil lan. Kidonk, pwoblèm nan se pa eske w’ap vote men kiyès w’ap vote. Nou menm Ayisyen, nou gen tandans bay grenn vòt nou nimpòt kijan e pou plizyè rezon ki fè nou regrèt aprè.

Dabò, nou vote avèk anpil emosyon, nou vote nan tèt cho. Epi, nou vote pou kesyon zanmitay, pou defann enterè pèsonèl nou, pou nou asire gwo pòs. Nou chak ap vote pou zafè pa nou ak zafè pa fanmi nou mache, men nou poko janm ka vote pou peyi a vanse. Li lè pou nou konprann ke interè kolektif peyi a se enterè pèsonèl nou li ye tou. Fòk nou komanse retire mantalite krab sa nan tèt nou, fòk nou sispann panse ke enterè peyi a diferan de enterè pèsonèl nou. Li lè pou nou konprann ke non sèlman nou dwe al vote epitou, lè nap vote, nou dwe vote yon moun nou kwè k’ap ka ede nou avanse, yon moun ki gen yon repitasyon ki pale pou li, yon moun ki kite yon bon ekzanp nan kominote li, yon moun ki enplike e kap lite pou peyi a lontan.

Li pa nòmal e li pa fè sans pou nou chita ap vote moun ki pa’t janm yon lidè nan kominote’l epi ki parèt jis pou vin Prezidan. Li pa nòmal pou n’ vote yon moun nou pa janm tande pale de li avan. Li pa nòmal pou n’ vote moun ki pa chita lekòl e ki pa gen okenn konpetans. Li pa fè sans pou nou vote yon moun ki pa gen okenn plan konsekan pou peyi nou. Li pa fè sans pou n’ vote moun nou konnen trè byen ki nan fè sa’k pa sa. Nou toujou ap plenyen aprè nou se premye moun k’ap rele aba, e poutan nou kontinye ap chwazi kandida ki gen twou nan manch. Se pa ni pouvwa ni lajan k’ap fe yon kandida tèt chat, ba nou rezilta n’ap chache a.

Nan yon ti tan ki pa twò long, nou pral gen pou’n vote pou yon lòt Prezidan. Kandida yo pral vini pa bann e pa pakèt, nou pap konn kiyès pou nou pran, sa pa vle di pou nou al gaspiye grenn vòt nou pou nenpot ki moun. Nou pran nan kou sa yo twòp.

Ayisyen, ann aprann vote byen. Ann sispann vote paske entel se zanmi nou mensi nou konnen’l pap kapab. Ann sispann vote moun nou pa konnen, ann vote pou Ayiti chanje. Ayisyen ann komanse reflechi ki moun n’ap vote. Paske chak grenn vòt konte.

 

 

Je suis une jeune haitienne qui réclame toujours sa Capoisité. Je vis au Cap, là je travaille dans une Organisation Internationale et je suis également étudiante en Sciences Juriques à la Faculté de Droit. J'ai un gout prononcé pour les activités artistiques et culturelles (Dessins, théatres, peintures, danse, musique ect) tout ce qui touche à l'art me chante. Je respecte et apprécie les artistes. J'avais fait un peu de Théatre et chanté au Secondaire. Je réserve un peu de temps pour me faire du plaisir de temps en temps. J'adore les resto, le cinéma, les spectacles et surtout la lecture et l'écriture. Je suis une personne enthousiaste, et je suis tres plongée dans les activités associatives pour faire une difference dans ma localité. Je reste convaincue que la lumiere vient du Nord et que nous devons agir. Je reve d'une nouvelle Haïti ou tous les refugiés haitiens pourront retourner y vivre.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *