FREE WRITINGRECOMMENDEDSOCIÉTÉ

Hi Wana, I wanna…

0



Mèsi Komisè Gouvènman paske ou entèdi mizik fè Wana mache a
Men pa sezi non si Wana kontinye mache.
Li pa ka pa kontinye mache paske se tout yon sosyete k’ap travay pou sa
Wana pa mache sèlman pou pen a manba
Li mache pou aleken, pou pitza, pou telefòn, pou woulib machin, pou biyè avyon e menm pou rezidans.

Se pa toujou Wana ki deside mache.
Souvan se sikonstans lavi a ki fè li met kò l deyò.
Kòm li pa vle al kanpe anba galri sou gran ri, oubyen anba poto limyè,
Kòm li pa ka nan kouri a dwat a goch san li pa konn ki kote li prale,
Li oblije mache nan direksyon yo endike l la.
Li reziye l mache paske si l pa mache,
Li p’ap jwenn travay oubyen y’ap revoke l
Lekòl pitit li p’ap peye, mari l ap ret kwoupi nan prizon,
Fem Kay la p’ap peye, ti se l pap ka fe seryazén, menm antèman manman l p’ap chante…

Ou konprann byen Komisè ke
Fè Wana mache se plis pase yon mizik. Se yon konplo sosyal.
Neg isit se donan donan yo fonksyone
Nèg isit twò renmen demach Wana,
Yo pran twòp plezi nan kontanple l k’ap mache.
Pafwa yo fè l mache ès ès.
Gen de lè, li tèlman mache, li bouke,
li oblije fè ti kouche.
Ti kouche nan fè nwa,
Ti kouche kè sere,
Ti kouche je fèmen,
Ti kouche dlo nan je…
Fòk li fè ti kouche a,
Apre l’a rekanpe pou l afwonte lavi a tèt anba

Si w te gen pouvwa Komisè Gouvènman,
Se yon kokennchenn travay ou t’ap gen pou w fè nan tout sosyete a.
Ou t’ap gen pou w sansibilize
Tout patwon, direktè, bòs, gran plantè, pwofesè, atis, sipesta, dyaspora, ti bredjenn afè bon… Brèf tout gason ki gen plan nan men yo pou trase wout pou Wana mache. Yo ta sispann fè pwofitè.
Yo ta trete Wana ak respè.
E asiste l tankou yo ta fè sa pou yon sè, yon kouzin, yon fanmi…
Lè sa Wana t’ap ka mache nan wout li vle e tèt drèt.
Men toutotan sa pa fèt komisè Gouvènman,
Wana fek kare mache menm jan an

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *