AYIBOTALKEN UNERECOMMENDED

« Èske w pral Chili »

0

Depi kèk tan, jenn fanm ak jenn gason deside kite Ayiti pa bann e pa pakèt ak yon sèl destinasyon ki se Chili. Vire do bay peyi sa a se konsekans kriz ekonomik ak politik ki pa sispann minen peyi a nan dènye tan sa yo. Nan mitan lane 2016, polis sivil nan peyi Chili pibliye yon rapò ki deklare : ant lane 2013 ak 2016 plis pase 40.000 ayisyen rive sou teritwa yo a pou vin chèche pi bon kondisyon lavi. Pati ale Chili se yon fason pou moun yo al chèche ti kal lespwa pou yon demen miyò, Pati ale Chile se abandone lakay souvan avèk regrè tou. Lè yon moun di « Mwen pral Chili », se plis pase yon senp vwayaj nan avyon, men se yon mwayen pou moun lan di li bouke ak kondisyon mizerab lakay li, oubyen tou se pou montre li merite pou l viv tankou moun dwe viv.

Sou yon lòt bò, nan yon apwòch lengwistik, nou remake kreyòl la se yon lang ki pa chita sou premye sans yon mo oubyen yon fraz kapab genyen. Nan otonomi lang lan, li kreye plizyè sans pou plizyè sitiyasyon ki ka pèmèt ou itilize yon menm mo oubyen fraz ki pa fòseman gen anyen pou wè ak sans orijinal la. Nou ka pran pou egzanp lè yo di yon moun ale nan « Ziltik ». Ziltik nan ka sa a defini yon kote ki lwen. Poutan Ziltik nan sans orijinal li se yon gwoup zile ki se moso tè ki fè pati Grann Bretay ki ap benyen kò yo nan lanmè Karayib la e ki sitye yo nan Nò Zile peyi DAyiti.

Enben, se konsa tou fraz « Mwen prale Chili » a kòmanse suiv menm lojik sa a kote pezape li kòmanse defini yon abandon, yon desizyon pou chanje sa ki pa mache oubyen tou pou defini yon sitiyasyon ideyal kote moun lan santi l byen…

Nou ka pran plizyè egzanp ki klè pou n kore lapawoli sa. Si n ap konsidere zafè abandon an, nou ka pran egzanp yon elèv ki fin fè klas filozofi li epi ki wè pa gen lespwa pou l soti tèt li, ka chwazi itilize « Mwen pral Chili » a pou l di li bay vag ak koze lekòl la, sa l fè l fè.

Ti Pyè santi l bouke nan mache a pye a , li wè li ta dwe travay pou l gen yon machin pou l ka sispann boule solèy la. Enben li di li pral Chili pou l ka eksprime anvi chanje kondisyon pyeton li a.

Konsa tou yon jenn moun k ap vire ak gwoup zanmi l epi pil byè ap koule ka deside di « Chili l ye wi ». Yon fason pou l montre nan moman li ye la a l ap byen viv. Li itilize fòmil sa paske ale Chili a enstale l kòm yon konsèp ki defini gen mwayen pou lavi bèl.

Si n gade tout egzanp ki pran nan tèks la pi wo a, n ap remake ale Chili a pa fòseman se deplasman fizik pou ale nan peyi Chili li ye tout bon vre. Li plis enpoze l tankou yon konsepsyon lespri ki eksprime yon desizyon enpòtan, yon fristrasyon oubyen yon kontantman.

Nan yon sans ou yon lòt, nou tout ale Chili.

Nan yon lide blag : si nou pale tèks sa a mal, m garanti nou « Mwen pral Chili ».

Shelson Jacques

Pòtoprens, Oktòb 2017

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *