SOCIÉTÉ

Ban’m kouraj pou’m pale ak Kouraj

0

Apre tout leve kò frape atè, denonsyasyon ak entèdiksyon. Apre ke mwen fin li tout komantè moun k’ap defann ak moun k’ap rele chal bare dèyè festival MASSIMADI ki Jodi a repòte pou yon lòt dat, mwen pare pou’m pote refleksyon pa’m e gen kouraj pou’m sa pale ak KOURAJ.

Mwen panse ke ide mete sou pye festival MASSIMADI a te bon. Se te yon festival ki ta pral edike piblik la e montre yo ke kominote LGBTI ki se Lesbyèn, Gay, Biseksyèl, Transeksyèl, ak Intesèks se yon kominote ki genyen anpil talan, yon kominote ki dwe egzèse dwa li menm jan ak tout moun. Sepandan, mwen panse ke asosyasyon an  dwe konsidere e pote anpil atansyon sou  plizyè aspè.

Lidè asosyasyon KOURAJ  la gen objektif prensipal li ki se veye sou proteksyon dwa ak devwa sitwayen ki nan kominote LGBTI.  Men mwen remake ke se pa tout tan ou tande pale de yo. Gen anpil bèl travay ke yo reyalize nan kominote a, premye erè ke yo fè a se ke yo pa fè pwomosyon travay sa yo ki fèt pou kominote a.

Mwen twouve ke lidè KOURAJ la pa gen yon langaj pou sansibilize, jan Li pale plis kreye ajitasyon ak provokasyon. Lè ou se lidè yon gwoup ki majinalize nan yon peyi tankou Ayiti, fòk ou gen strateji pou ou dyaloge ak tout moun. Swa sektè relijye a, lot sektè ki la pou defann dwa moun. E nou dwe gen yon dyalog tou ak moun nan gouvènman ki gen enflyans  yo.

Mwen reyalize ke anndan kominote LGBTI a gen anpil refòm ki pou fèt anvan nou sòti nan lari pou nou defann dwa nou. Nou menm nou ka pa dirèkteman ekspoze ak menas, men kisa lidè mouvman yo ap fè ak moun nan kominote sa  k’ap viv nan katye popilè yo, nan bidonvil yo, zòn kote yo pa gen garanti ke y ap jwenn sekirite? Nou menm nou ka jwenn mwayen pou nou kite vil la, kite peyi a. Men yo menm podyab, se yo  y’ap rache paske yo pi fèb.

Mwen panse tou ke fòk nou ta elimine kliche ke se nan domenn estetik, lamòd, ak atistik sèlman pou nou evolye. Domenn sa yo pap bannou ase bagaj pou nou ka defann tèt nou nan yon kad jiridik. Fòk nou ka fe lòt chwa karyè e ankouraje jèn yo al nan lòt domèn.  Fòk nou menm nan KOURAJ ka fè de kanpay sansibilizasyon pou jenn gason ak jenn fanm ki nan kominote a ale lekòl, aprann lòt pwofesyon tankou dwa, syans politik ak administratif, syans sosyal, touris elatrye…

Sa’m ta rekòmande KOURAJ. Pandan nou nan konjonkti politik sa, se pou nou idantifye Kandida pou senatè, depite, ak prezidan ki plis aliyen ak sa n’ap defann ki se dwa ak entegrite nan yon sosyete. Rasanble fon epi envesti li nan kandida sa yo. Bat pou nou gen yon kantite depite ak senatè nan palman ki pou kanpe pou nou si tout fwa yo ta vle pran rezolisyon kont nou.

Bat pou nou genyen Kontwòl ekonomik, envesti nan aktivite, biznis ki gen enflyans sou sosyete a. pa rete limite nou sèlman ak kominote LGBTI a, manyè mache al patisipe nan lòt aktivite kiltirèl, pibliye atik, ekri liv, sou evolisyon kominote nou, jwe wòl yon bon modèl pou moun ki pi jenn pase nou, oryante yo pou yo gen sans pou pwogrese.

Mwen panse ke nan moman ke nou suiv tout rekomandasyon sa yo, n’a va koumanse konprann zafè dwa ak devwa kominote LGBTI a nan peyi d’Ayiti.

Bon kouraj KOURAJ, Kenbe fèm pa moli.

M.D

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *