POLITIQUE

Ayiti, w’ap delivre kan menm !

0

Ayiti o podyab o! Ayiti kisa w’ fè nou? Pouki yo ap maltrete w’ konsa? Papa Desalin eske w’ te fè kontra ak Dyab tout bon vre? Jou 17 oktob la yo fè kanaval, banbòch popilè. Nou fete jouk li jou sou tonm ou. Se komsi ou pat sibi ase.

18 novanm se pi rèd. nou pa deside selebre. Nou bliye sa Capois-la-Mort ak tout lòt zansèt yo te reyalize. Yo te bay vi yo pou nou. Yo pat pè lite fas a pi gwo lame epok la. Yo te gen grenn. Yo te gen vizyon pou libète. Yo te reziyen yo mete tèt yo ansanm, malgre tout ti pwoblèm yo te ka genyen.

Mwen tris lèm wè 18 novanm 2014 se Blan franse ak lot peyi kap pale de batay ekstraodinè ke ti nèg pa bò isit te menen pou libèté. M tris lèm wè gouvenman peyi m’ ak Prezidan peyi m’ pa fè yon jès, menm nan ipokrizi, pou salye memwa gran zansèt sa yo. M’ tris lè m’ wè opozisyon nan peyi m’ pa gen lot altènativ ke mande rache manyòk.

Bon yon ti kesyon souple: Prezidan Martelly, kisa w’ vle fè ak peyi a aprè 12 janvye 2015? Opozisyon si n’ rive jete Prezidan Martelly, pa kiyès nap ranplase l’? Ki pwojè nou genyen? Mezanmi souple li lè li tan poun konpran ke pèson pap ka genyen nan ti jwèt rizèz sa, nan ti jwèt tout ti vis sa. Nan ti jwèt voye wòch kache men sa.

Pèson pap ka genyen. An verite pou m’ repete Daly Valet, rezilta match la nil. 0–0. Ekwasyon sa pap janm ekilibre. Pou m’ repete Adeclat ak Richenel, pyès teyat sa nou pa vle gade l’ anko. Aktè yo, nou blaze. Nou lèd. Chanje senaryo a souple. Spektak la bay anvi vomi. Li pa fè moun ri. Ni li pa fè moun kriye. Ki plezi nou pran nan jwe pou tèt nou selman ?

Koman nou santi nou, pou gwo 18 novanm sa, nou toujou ap goumen. Sa k’ pi di a, nou youn pa konn ki kote nou vle ale.

Bon, koman w’ fè panse w ka dirije pa dekrè ? Bon, ou menm kiyès ou vle mete nan plas la lè w’ fin dechouke l’ ? Nou pa wè li tap pi bon sin te mete tèt nou ansanm e komanse panse pou peyi a. M’ fatige. M’ bouke. M’ap pedi souf. Men nou mèt kwè m’, m’ pap kite pou nou. M’ap jwen bout nou kan menm. Bondye pi fò.

Bondye bon. Yon jou pitit tè Dayiti a kontan, va frape lestomak yo byen fò pou yo di : wi nou se Ayisyen. Leu sa, pwoblèm mizè, grangou, anachi, koripsyon, timoun nan lari, ap jwenn solisyon.

Jou sa. Jou sa. Jou sa ! W’ap anvi vin jwi wi. Selman pran men w’ depi jodia menm avan l’ twò ta. Paske lè lajenès kanpe, lepèp kanpe. Li defann dwal kout ke kout. Jou sa pa lwen rive. Tankou Capois-la-Mort ta di : An avan !

About me: Passion & Commitment I hope we can learn from each other and share our experiences through this platform. Welcome and leave your comments.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *