AYIBOTALKEN UNESOCIÉTÉ

AyiboTalk avèk Conor Bohan, fondatè HELP

0

 

Nan kad selebrasyon 20 lane depi HELP (Haitian Education & Leadership Program) ekziste, Ekip Ayibopost lan te fè yon chita pale ak Fondatè e direktè ekzekitif HELP, M. Conor Bohan.

HELP se yon òganizasyon ki gen objektif ede jèn etidyan ayisyen jwenn bous pou al fè etid inivèsitè. Chwa sa baze sou yon evalyasyon konpetitif ki gen pou premye kritè mwayèn jeneral postilan an pandan pakou li nan lekòl segondè. Pa ekzanp pou yo konsidere yon etidyan fòk li gen yon mwayèn ki egal oswa pi wo ke 7.5, e fok postilan an ka pwouve ke sitiyasyon finansyè li pa p pèmèt li fè etid siperyè ke li ta renmen fè.

Men an plis de bous etid, Help ofri etidyan l yo, li mete lojman a dispozisyon yo tou. Lè w se yon etidyan-bousye HELP ou oblije pase  kou andeyò kad inivèsitè a ke HELP ekzije w tankou: anglè, enfòmatik ak lidèchip.

Depi 20 lane ke HELP aktif nan monn edikasyon siperyè a plis pase 400 etidyan benefisye de bous yo, aktyèlman yo gen 180 bousye, e yo gen deja 117 bousye ki gradye.

Nan AyiboTalk sa nou diskite ak M. Conor Bohan sou pwoblematik ONG a nan peyi a, nou pale tou de siksè ak defi HELP genyen yo, e nou abòde tou kesyon etid siperyè ann Ayiti.

 

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *