FREE WRITING

Asasen… Ase!!!

0

Kisa ki pi di ke pèdi yon moun ke w renmen san li pat ni malad, ni fè yon aksidan kèlkonk? Kisa ki pi terib ke wè papa w, yon frè w, tonton w, mari w, yon sè w, yon pwòch ou osinon yon bon zanmi w kap benyen nan san l sou yon twotwa oubyen nan mitan yon lari? Anpil nan nou pase la deja. Chak nan nou ki sibi sa deja, tande l nan nouvèl oubyen nan bouch yon moun. Anpil fwa se zantray nou kap rache nan separasyon fòse sa yo. Se lapèn, se doulè atròs, se soufrans. Se youn nan eksperyans ki pi dezagreyab nan lavi yon moun. Dèfwa sa ki konn pi rèd la, se rive pale de moun sa yo o pase.

Men kisa ki janm fèt pou kwape zak maspinay bò isit? Kisa ki janm fèt pou fanmi viktim yo? Toujou gen yon ankèt, men pèsonn pa janm ka wè pwent tèt li ni ke l. Anpil moun konsekan tonbe anba bal asasen ak bandi, anpil inosan pèdi lavi yo san yo pa konn pouki. Men jis kilè rigòl san inosan sa a ap sispann koule!? Nan ki lane je aparèy jistis la ap resi debouche?

Yon lè se te papa Beethova Obas, yè se te Jean Dominique, se te Jacques Roche, se te papa m, se te yon vwazen kap sot labank… jodi a se yon sitwayen san non, san pyès etikèt, san okenn idantite. Demen se pral kiyès? Se pral tou pa ki manb nan fanmi nou?

Manman ak kòd nan ren, madanm kap jigote, Fanmi viktim pa ka konsole, zanmi kap kriye san rete… rèl, dèy, tranche cho… Poutan asasen yo toujou ap feraye, yap flannen tribò babò, san kè sote.  Imajine ak ki zantray yon fiyanse aprann lanmò nèg ki pral mari l la, kèk minit avan seremoni maryaj la… Ak ki santiman manman jenòm lan pran nouvèl kout ponya sa a! kochma. Remò. Regrè.

Chay tout zak asasina pa ka tonbe sou zepòl ensekirite. Tout ka asasina pa regleman kont jan anpil moun konn panse sa. Men kote leta? Kote aparèy jistis nou an? Ki swivi ki janm fèt? Kote enstans ki di swadizan di yap pwoteje vi ak byen moun sou teritwa nasyonal la?

Nan tan lontan se te lè lanjelis pwente. Alèkile se gwo midi, gwo jounen, san kache men voye wòch moun ap tonbe tankou grenn lapli.

Eske chak grenn Ayisyen kap viv sou zile a oblije mete sèkèy yo nan kouti, paske nou se yon bann mòvivan ki an vakans?! Nou kriye ase. Nou jemi ase. Nou soufri ase. Asasen kite nou viv non! Ou fè nou ase!

Jan jounalis la te di a, Asasen yo nan vil la. E yo toujou la pou simen laterè. Yo toujou la pou simaye laperè. Yo toujou la pou met moun an dèy. Jistis? Elas…! Bò lakay nou se sèl nan diksyonè nou wè mo sa a!

Gen yon pawòl ki di san inosan toujou kite tras, men sanble se asasen yo ki pa janm kite tras.  Jounalis, atis, atizan, pè, pastè, pèsonaj piblik; tout moun nan tout kouch sosyal tonbe anba bal asasen san fwa ni lwa. Fenomèn sa a twò revòltan pou nou rete bra kwaze, ap swiv sitwayen valab kap tonbe tankou mango mi lè gen van. Nou tout nou konsène, li lè pou n di ase!

Antouka, kòm se mèt kò ki dwe veye sou kò, kontinye veye sou kò nou, youn ede lòt, voye je sou fanmi nou; paske asasen yo toujou nan vil la!

Georgy Lundy

Image: Nofi.fr

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *