LE SUJET DU MOISSOCIÉTÉ

Anviwònman peyi D’Ayiti : Yon pwoblèm ki chaje ak pwoblèm.

0

Peyi a preske pa gen pyebwa ankò, tout do mòn yo fin kale, sous yo pa koule, fèy pye bwa yo fin sèch, plantasyon pa pouse, lapli pa tonbe. Bagay la rèd! Epoutan nou tout nou chita la nou pa manke brinding kò nou pou sa chanje. Kidonk, se pa pwoblèm!

Zafè anviwònman nan peyi D’Ayiti se yon pwoblèm ki pou tèt pa’l chaje pwoblèm. Pwoblèm polisyon, move eksplwatasyon ak move konstriksyon fin detwi anviwònman nou an. Met sou li pil fatra kanpe tankou moniman, plastik nan dlo ou pa ta di pwason, pye bwa tounen planch ak chabon san pale de bidonvil kap kale kou pinèz. Epoutan, sa pako janm manke fè nou anyen! Pou nou, ti sa yo pa pwoblèm!

Nou plenyen, plede di se yon pwoblèm, men nou pa gen pwoblèm viv ak yo. Deteryorasyon anviwònman nou ak ensalibrite nan peyi a tounen dekorasyon ekzotik.Nou twouve li nòmal pou fatra a jete devan poubèl la, men nou sezi lè nou wè CNE ranmase on pil fatra ki te la depi zan. Eske sa se pa yon pwoblèm?

Pwoblèm nan la men se pa pwoblèm pa nou. Pwoblèm kiyès li ye? Bon, genlè se nou ki pwoblèm nan?

Mwen rete kwè ke pi gwo pwoblèm anviwònman an Ayiti se ayisyen. Poukisa? Paske nou pa gen ankenn konsyantizasyon! Anpil nan nou ( poum pa di nou tout) rekonèt tout pwoblèm anviwònman nou genyen, nou konnen pa ki mwayen pou nou elimine pwoblèm sa yo oswa ralanti yo. Men, nou pa fè ankenn askyon pou nou rezoud anyen. Ankenn leve kanpe poko janm fèt pou anviwonman an! Sila yo ki ta vle konsyantize sa ki pa konnen yo tèlman pa anpil ke mobilizasyon yo vinn parèt tankou espektak. Sa a se yon gwo pwoblèm!

Nap tann Zòt, Zòt ap tann nou, men lanati li menm pa’p tann nou youn. Fòk nou ta sansibilize popilasyon an ak fè edikasyon’l sou kesyon menas anviwonmantal ak prezèvasyon anviwonmantal pou nou ka sèten ke li konnen! Si nou konn sa’k bon pou nou, annou mare senti nou, met tèt nou ansanm pou nou ede peyi a kounye a la paske twò ta gentan bare nou! E mezanmi, Nan zafè anviwònman twò ta bare nou twòp fwa!

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *